Jan 19:1-42

Jan 19:1-42 1998 Haïtienne (HAT98)

Se konsa Pilat bay lòd pran Jezi pou yo bat li byen bat. Sòlda yo trese yon kouwòn avèk branch pikan, yo mete l nan tèt Jezi. Yo mete yon gwo rad wouj fonse sou li. Yo pwoche bò kote l, yo di li: — Bonjou, wa jwif yo. Epi yo souflete li. Pilat sòti ankò, li pale ak foul moun yo, li di: — Koute. Mwen pral mennen l isit la deyò pou nou ka konprann mwen pa jwenn okenn rezon pou m kondannen nonm sa a. Se konsa, Jezi sòti: li te gen kouwòn pikan an nan tèt li ak gwo rad wouj fonse a sou li. Pilat di yo: — Men nonm lan! Lè chèf prèt yo ansanm ak gad yo wè l, yo konmanse rele: — Kloure l sou yon kwa! Kloure l sou yon kwa! Pilat di yo: — Pran l, kloure l sou kwa a nou menm. Mwen pa wè rezon pou m kondannen l, mwen menm. Jwif yo reponn li: — Nou gen yon lwa. Dapre lwa sa a, li gen pou l mouri paske li fè tèt li pase pou Pitit Bondye. Lè Pilat tande sa, li vin pi pè toujou. Li antre nan palè a, li mande Jezi: — Ki kote ou sòti? Men, Jezi pa reponn li. Lè sa a, Pilat di li: — Ou p'ap pale avè mwen? Ou pa konnen mwen gen pouvwa pou m lage ou, mwen gen pouvwa pou m fè yo kloure ou sou yon kwa? Jezi reponn li: — Ou pa ta gen okenn pouvwa sou mwen si se pat Bondye nan syèl la ki te ba ou li. Se poutèt sa, moun ki lage m nan men ou lan, li pi koupab pase ou. Depi lè sa a, Pilat t'ap chache yon jan pou l lage Jezi. Men, jwif yo konmanse rele: — Si ou lage nonm sa a, ou pa zanmi Seza! Depi yon moun ap fè tèt li pase pou wa, se lènmi Seza li ye. Lè Pilat tande koze sa a, li fè yo mennen Jezi deyò, li chita sou gwo chèz nan plas jij la, kote yo rele Lakou Pave a (an lang ebre yo rele l: Gabata). Se te lavèy Pak jwif yo, vè midi konsa. Pilat di jwif yo: — Men wa nou an! Men, yo konmanse rele: — Touye li! Touye li! Kloure l sou yon kwa! Pilat di yo: — Nou vle m kloure wa nou an sou yon kwa? Chèf prèt yo reponn li: — Nou pa gen lòt wa pase Seza. Lè sa a, Pilat renmèt yo Jezi pou y'al kloure l sou yon kwa. Se konsa, yo pran Jezi, yo mennen l ale. Jezi sòti deyò lavil la, li t'ap pote kwa li jouk yon kote yo rele: Zo bwa Tèt la (an lang ebre, yo rele l: Gòlgota). Rive la, sòlda yo kloure l sou kwa a. Anmenmtan yo kloure de lòt moun sou kwa tou, yonn chak bò, Jezi menm nan mitan yo. Pilat te bay lòd pou yo te fè yon pankat pou mete sou tèt kwa a. Yo te ekri sou li: Jezi, moun Nazarèt la, wa jwif yo. Anpil jwif te li sa ki te ekri sou pankat la. Kote yo te kloure Jezi sou kwa a te toupre lavil la. Pankat la menm te ekri nan twa lang: ebre, laten ak grèk. Lè sa a, chèf prèt jwif yo di Pilat konsa: — Pa ekri: Wa Jwif yo. Men, ekri pito: Nonm sa a di se wa jwif yo li ye. Pilat reponn yo: — Sa m ekri a, m ekri l nèt. Lè sòlda yo fin kloure Jezi sou kwa a, yo pran rad li yo, yo fè kat pil ak yo, yo separe yo bay chak sòlda yo yonn. Yo pran gwo rad san kouti a, rad ki te fèt ak yon sèl pyès depi anwo jouk anba a. Sòlda yo, yonn di lòt: — Nou p'ap chire rad sa a non. Annou fè tirajosò pou konnen pou ki moun l'ap ye. Se konsa pawòl ki ekri nan liv la rive vre: Yo separe rad mwen ant yo: Yo fè tirajosò pou rad mwen an. Se sa menm sòlda yo te fè. Bò kwa Jezi a te gen manman l ak sè manman l, Mari, madanm Kleopas la, ansanm avèk Mari, moun lavil Magdala a. Jezi wè manman l ansanm ak disip li te renmen an toupre li. Li di manman l konsa: — Madanm, men pitit ou. Li di disip la: — Men manman ou. Depi lè sa a, disip la pran manman Jezi lakay li. Jezi te konnen lè sa a tout bagay ki pou te fèt te fin fèt. Pou fè sa ki te ekri nan Liv la rive vre, li di: — Mwen swaf. Te gen yon veso plen vinèg bò la. Sòlda yo tranpe yon eponj nan vinèg la, yo mare li nan yon pwent gòl izòp, yo pwoche li bò bouch Jezi. Lè Jezi fin pran vinèg la, li di: — Tou sa ki pou te rive rive! Apre sa, li bese tèt li, li mouri. Se te lavèy jou saba a. Jwif yo pa te vle pou kadav la rete sou kwa a jou saba a paske jou repo a te yon gwo jou fèt. Yo mande Pilat pou li fè kraze janm moun ki kloure sou kwa yo pou fin touye yo. Epi pou li fè yo wete kadav yo. Se lè sa a, sòlda yo vini, yo kraze janm premye nonm yo te kloure sou kwa menm lè ak Jezi a. Apre sa, yo kraze janm dezyèm lan tou. Men, lè yo rive sou Jezi, yo wè li te gentan mouri. Se sa k fè yo pat kraze janm li yo. Men, yonn nan sòlda yo pèse bò kòt li avèk yon lans. Lamenm, dlo ak san koule sot nan twou a. Moun k'ap rapòte bagay sa yo te wè yo ak je li. Sa l'ap di a se vre. Li konnen li menm l'ap di laverite, pou nou menm tou nou ka kwè. Tou sa pase konsa pou pawòl ki te ekri nan Liv la te ka rive vre: Yo pa kraze yon sèl zo nan kò li. Gen yon lòt pawòl yo te ekri ankò ki di: Y'a leve je yo gade, y'a wè moun yo te pèse a. Apre sa, Jozèf, moun lavil Arimate a, al mande Pilat pèmisyon pou li te pran kò Jezi. (Jozèf sa a te yon disip Jezi, men an kachèt, paske li te pè jwif yo.) Pilat ba l pèmisyon an. Se konsa, Jozèf vini, li pran kò Jezi, li pote l ale. Nikodèm, nonm ki t'al jwenn Jezi yon lè nan mitan lannwit lan, te vini tou. Li te pote senkant liv lwil lami melanje ak lalwa. Yo tou de rive, yo pran Jezi. Pandan yo t'ap vlope l nan bann twal fen yo, yo mete lwil santi bon sou li jan jwif yo te konn fè lè y'ap antere moun. Kote yo te kloure Jezi sou kwa a te gen yon jaden. Nan jaden an te gen yon kavo tou nèf. Yo pat ankò mete pèsonn ladan li. Se te lavèy saba jwif yo, epi kavo a te toupre. Se sa ki fè, se la yo te mete kò Jezi.

Pataje
Li Jan 19

Jan 19:1-42 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Alors Pilate commande d’emmener Jésus et de le frapper à coups de fouet. Les soldats tressent une couronne avec des branches épineuses. Et, pour se moquer de Jésus, ils la posent sur sa tête. Ils lui mettent aussi un vêtement de chef en beau tissu rouge. Ils s’approchent de lui et lui disent : « Salut, roi des Juifs ! » Et ils lui donnent des gifles. Pilate sort encore une fois et dit aux Juifs : « Écoutez ! Je vais vous amener Jésus dehors. Ainsi, vous comprendrez que je ne trouve aucune raison de le condamner. » Alors Jésus sort. Il porte la couronne d’épines et le vêtement rouge. Pilate leur dit : « Voici l’homme ! » Quand les chefs des prêtres et les gardes du temple voient Jésus, ils se mettent à crier : « Cloue-le sur une croix ! Sur une croix ! » Pilate leur dit : « Prenez-le vous-mêmes et clouez-le sur une croix. Moi, je ne trouve aucune raison de le condamner. » La foule lui répond : « Nous avons une loi, et d’après cette loi, il doit mourir. En effet, il a dit qu’il était le Fils de Dieu. » Quand Pilate entend ces mots, il a encore plus peur. Il rentre dans le palais et il demande à Jésus : « D’où viens-tu ? » Mais Jésus ne lui répond pas. Alors Pilate lui dit : « Tu ne veux pas me parler, à moi ? Tu ne sais donc pas que j’ai le pouvoir de te libérer et que j’ai aussi le pouvoir de te clouer sur une croix ? » Jésus lui répond : « Tu n’as sur moi aucun pouvoir, sauf celui que Dieu te donne. C’est pourquoi celui qui m’a livré à toi est plus coupable que toi. » À partir de ce moment, Pilate cherche à libérer Jésus, mais la foule se met à crier : « Si tu libères cet homme, tu n’es pas un ami de l’empereur ! Tous ceux qui disent : “Je suis roi” sont des ennemis de l’empereur ! » Quand Pilate entend ces mots, il fait amener Jésus dehors. Il s’assoit sur un siège, à l’endroit appelé « Cour pavée », qu’on appelle en hébreu « Gabbata ». C’est la veille de la fête de la Pâque, vers midi. Pilate dit aux Juifs : « Voici votre roi. » Mais ils se mettent à crier : « À mort ! À mort ! Cloue-le sur une croix ! » Pilate leur dit : « Est-ce que je vais clouer votre roi sur une croix ? » Les chefs des prêtres répondent : « Notre seul roi, c’est l’empereur ! » Alors il leur livre Jésus pour qu’on le cloue sur une croix. On emmène donc Jésus. Il sort de la ville, en portant lui-même sa croix. Il va vers un endroit appelé « Le lieu du Crâne », qu’on appelle en hébreu « Golgotha ». Là, les soldats clouent Jésus sur la croix. Ils clouent aussi deux autres hommes sur des croix, l’un à la droite de Jésus, l’autre à sa gauche. Pilate a donné l’ordre de faire une pancarte et de la fixer sur la croix. Il a fait écrire dessus : « Jésus de Nazareth, le roi des Juifs ». Beaucoup de Juifs lisent cette pancarte. En effet, l’endroit où on a mis Jésus sur la croix est près de la ville, et la pancarte est écrite en hébreu, en latin et en grec. Les chefs des prêtres disent à Pilate : « Ne laisse pas ce qui est écrit : “Le roi des Juifs”. Mais fais écrire : “Cet homme a dit : Je suis le roi des Juifs.” » Pilate leur répond : « Ce que j’ai écrit, je le laisse écrit. » Quand les soldats ont cloué Jésus sur la croix, ils prennent ses habits. Ils en font quatre parts, une pour chaque soldat. Ils prennent aussi son grand vêtement. C’est un vêtement sans couture, il est tissé d’un seul morceau, de haut en bas. Les soldats se disent entre eux : « Ne le déchirons pas. Mais tirons au sort pour savoir qui aura ce vêtement. » Ainsi, ce qui est écrit dans les Livres Saints se réalise : « Entre eux, ils ont partagé mes habits. Et ils ont tiré au sort pour savoir qui aura mon vêtement. » Voilà ce que les soldats ont fait. Près de la croix de Jésus, il y avait sa mère, la sœur de sa mère, Marie la femme de Clopas et Marie de Magdala. Jésus voit sa mère. Il voit, auprès d’elle, le disciple qu’il aime. Jésus dit : « Mère, voici ton fils. » Ensuite il dit au disciple : « Voici ta mère. » Alors, à partir de ce moment, le disciple prend Marie chez lui. Après cela, Jésus sait que tout est fini. Tout ce qu’on lit dans les Livres Saints doit arriver. C’est pourquoi Jésus dit : « J’ai soif. » Il y a là un récipient plein de vinaigre. Les soldats trempent une éponge dans le vinaigre, ils mettent l’éponge au bout d’une branche d’hysope et ils l’approchent de la bouche de Jésus. Jésus prend le vinaigre. Ensuite il dit : « Tout est fini. » Il baisse la tête et il meurt. C’est le jour où on prépare le sabbat. Les chefs juifs ne veulent pas que les corps restent sur les croix pendant le sabbat. En effet, ce sabbat est un jour particulièrement important . Ils vont donc demander à Pilate : « Fais-leur casser les jambes et fais enlever les corps ! » Les soldats viennent auprès des hommes mis en croix avec Jésus. Ils cassent les jambes du premier, puis celles du deuxième. Quand ils arrivent auprès de Jésus, ils voient qu’il est déjà mort. Alors ils ne lui cassent pas les jambes, mais un des soldats perce le côté de Jésus avec sa lance. Du sang et de l’eau en sortent aussitôt. Celui qui vous dit cela a été témoin de ce qui s’est passé, et son témoignage est vrai. Celui-là sait qu’il dit la vérité. De cette façon, vous aussi, vous pourrez croire. Tout cela est arrivé pour réaliser ce que les Livres Saints ont annoncé : « Aucun de ses os ne sera brisé. » On lit aussi dans les Livres Saints : « Ils regarderont celui qu’ils ont transpercé. » Joseph, de la ville d’Arimathée, était un disciple de Jésus, mais en secret. En effet, il avait peur des chefs juifs. Après la mort de Jésus, il va demander à Pilate la permission d’emporter son corps. Pilate est d’accord. Alors Joseph arrive et il emporte le corps de Jésus. Nicodème vient aussi. C’est lui qui était allé trouver Jésus pendant la nuit. Il apporte un mélange de myrrhe et d’autres parfums qui pèse environ 30 kilos. Joseph et Nicodème prennent le corps de Jésus. Ils l’enveloppent dans des bandes de tissu, en mettant le mélange de parfums. Chez les Juifs, c’est la coutume pour enterrer les morts. À l’endroit où on a cloué Jésus sur une croix, il y a un jardin. Dans ce jardin, il y a une tombe neuve, où on n’a jamais enterré personne. C’est le jour où les Juifs préparent le sabbat, et la tombe est toute proche. C’est pourquoi Joseph et Nicodème mettent Jésus dans cette tombe.

Pataje
Li Jan 19

Jan 19:1-42 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Pilat fè ale ak Jezi epi bat li byen bat. Sòlda yo te fè yon kouwòn trese ak pikan, yo mete l sou tèt li, yo mete yon rad mov sou li. Yo t ap plede pwoche kote l epi yo t ap di: “Bonjou wa Jwif yo!” Epi yo t ap ba l anpil kou. Pilat soti deyò a ankò epi li di Jwif yo: “Nou wè, m pral mennen l ban nou deyò a. Nou dwe konnen mwen pa jwenn anyen pou m kondane li.” Jezi soti deyò, li te gen kouwòn pikan an ak rad mov la sou li. Pilat di yo: “Men nonm nan!” Kou chèf alatèt prèt yo ak tout gadyen tanp lan yo te wè Jezi, yo tout te pran rele: Krisifye l! Krisifye l! Pilat di yo: Pran l nou menm epi krisifye l. Pou mwen menm mwen pa jwenn anyen pou m kondane l. Lidè Jwif yo reponn: “Nou genyen yon lwa, dapre lwa sa a li dwe mouri, paske li fè tèt li pase pou pitit Bondye.” Lè Pilat tande sa, li pè bagay la pi plis toujou. Li retounen anndan an epi li di Jezi: “Moun ki kote ou ye?” Jezi pa bay pyès repons. Lè sa a, Pilat di l: “Ou refize reponn mwen? Ou pa konnen m gen otorite pou m fè libere w epi m gen otorite pou m fè yo krisifye w?” Jezi reponn li konsa: “Ou pa t ap gen okenn otorite sou mwen, si sa pa t soti nan syèl. Se poutèt sa moun ki kenbe m mennen ba ou a, li komèt yon pi gwo peche.” Depi lè sa a, Pilat t ap chache wè kijan li ta fè lage Jezi. Men, lidè Jwif yo pran fè bri, yo t ap di: “Si ou lage l, ou pa zanmi Seza! Paske nenpòt moun ki deklare tèt li wa, se yon moun ki deklare l kont Seza.” Depi Pilat tande pawòl sa yo, li fè Jezi soti, l al chita sou chèz kote jij yo chita pou jije a, kote yo rele Lakou Pave a, Gabata nan lang ebre. Se te jou yo t ap prepare fèt Pak la, bò midi konsa. Pilat di Jwif yo: Men wa nou an! Men yo pran rele: “Amò! Amò! Krisifye l!” Pilat reponn: “Èske nou vle m krisifye wa nou an?” Chèf alatèt prèt yo te reponn: “Nou pa gen lòt wa apre Seza!” Se lè sa a, epi li livre Jezi bay sòlda pou y al krisifye l. Yo ale ak li. Jezi pote pwòp kwa li, li fè wout pou yon kote yo rele zo tèt, Gòlgota, nan lang ebre. Se la yo krisifye l ansanm ak de lòt moun, youn chak kote, Jezi nan mitan. Pilat te fè fè yon pannkat mete sou kwa a, li te ekri sou li: JEZI, MOUN NAZARèT, WA JWIF YO. Anpil Jwif te li pannkat sa a, paske kote Jezi te krisifye a te toupre vil la epi sa k te ekri sou li a te an ebre, an laten epi an grèk. Chèf alatèt prèt Jwif yo di Pilat: “Pa ekri wa Jwif yo, men di pito: Nonm sa a te di mwen se wa Jwif yo.” Pilat reponn yo: “Sa m ekri a mwen ekri l nèt.” Lè sòlda yo fin krisifye Jezi, yo pran rad li yo fè kat pòsyon, youn pou yo chak. Yo pran rad san kouti l la, yon rad ki te fèt an yon sèl pyès depi anwo rive anba. Sòlda yo te di antre yo: Ann pa chire l. Ann tire osò pou wè pou ki moun l ap ye. Konsa Bib la te akonpli: “Yo pataje rad mwen antre yo, yo tire osò sou rad mwen an.” Se sa sòlda yo te fè. Manman Jezi te kanpe bò kwa Jezi a. Yon sè manman an te kanpe la tou ansanm ak Mari, ki te madanm Klopas, avèk Mari, moun Magdala a. Lè Jezi wè manman l bò kote disip li te renmen anpil la, li di manman l: “Madam, men pitit ou.” Apre sa li di disip la: “Men manman w.” Depi lè sa a, disip la pran manman Jezi lakay li. Apre sa, poutèt Jezi konnen tout bagay te fin akonpli, pou Bib la te ka akonpli nèt, li di: “Mwen swaf.” Te gen yon krich plen vinèg la, yo tranpe yon eponj ladan, yo mare l nan yon branch bwa yo rele izòp, yo leve l pote mete nan bouch li. Kou Jezi pran vinèg la, li di: “Misyon akonpli.” Epi, li bese tèt li, li rann dènye souf li. Men, se te nan jou yo t ap fè preparasyon anvan jou repo a. Pou kò yo pa t rete sou kwa a pandan jou repo a ki te yon jou espesyal, lidè Jwif yo al mande Pilat pou l fè kase janm moun yo krisifye yo epi pou yo desann yo sou kwa a. Sòlda yo vini, yo kase janm premye a, apre sa, yo kase janm dezyèm nan yo te krisifye ansanm ak Jezi yo. Lè yo rive sou Jezi, yo konstate li gentan mouri, yo pa t kase janm li. Men youn nan sòlda yo pike Jezi ak lans li bò kòt. Menm lè a san te soti epi dlo soti tou. Moun ki te wè sa a, se li menm ki rakonte l. Epi temwanyaj li se verite a. Epitou li menm, li konnen sa li di a se verite a, li di sa pou ou kapab kwè tou. Tout bagay sa yo rive pou Bib la kapab akonpli: “Pa gen youn nan zo li yo ki kase.” Gen yon lòt pasaj nan Bib la ki di: “Yo va wè moun nan yo te pèse a.” Apre bagay sa yo, Jozèf, moun lavil Arimate a, te mande Pilat otorizasyon pou l pran kò Jezi. Se te yon disip tou, men li te disip Jezi ankachèt, paske li te pè Jwif yo. Pilat dakò, kon sa Jozèf vin pran kò a. Nikodèm te vini tou, se li menm ki te al kote Jezi nan mitan lannuit lan. Li pote yon melanj lami ak lalwa ki te trant (30) kilogram konsa. Yo pran kò jezi, yo vlope l nan yon bann twal fen epi yo mete luil santi bon sou li, jan Jwif yo te konn fè lè y ap antere moun. Kote yo te krisifye Jezi a te gen yon jaden. Nan jaden sa a, te gen yon kav tou nèf, yo pa t ko mete pèsonn ladan. Poutèt se te jou pou Jwif yo te fè preparasyon pou Jou repo a, epi tou kav la te toupre, se ladan yo te mete Jezi.

Pataje
Li Jan 19

Jan 19:1-42 New International Version (NIV)

Then Pilate took Jesus and had him flogged. The soldiers twisted together a crown of thorns and put it on his head. They clothed him in a purple robe and went up to him again and again, saying, “Hail, king of the Jews!” And they slapped him in the face. Once more Pilate came out and said to the Jews gathered there, “Look, I am bringing him out to you to let you know that I find no basis for a charge against him.” When Jesus came out wearing the crown of thorns and the purple robe, Pilate said to them, “Here is the man!” As soon as the chief priests and their officials saw him, they shouted, “Crucify! Crucify!” But Pilate answered, “You take him and crucify him. As for me, I find no basis for a charge against him.” The Jewish leaders insisted, “We have a law, and according to that law he must die, because he claimed to be the Son of God.” When Pilate heard this, he was even more afraid, and he went back inside the palace. “Where do you come from?” he asked Jesus, but Jesus gave him no answer. “Do you refuse to speak to me?” Pilate said. “Don’t you realize I have power either to free you or to crucify you?” Jesus answered, “You would have no power over me if it were not given to you from above. Therefore the one who handed me over to you is guilty of a greater sin.” From then on, Pilate tried to set Jesus free, but the Jewish leaders kept shouting, “If you let this man go, you are no friend of Caesar. Anyone who claims to be a king opposes Caesar.” When Pilate heard this, he brought Jesus out and sat down on the judge’s seat at a place known as the Stone Pavement (which in Aramaic is Gabbatha). It was the day of Preparation of the Passover; it was about noon. “Here is your king,” Pilate said to the Jews. But they shouted, “Take him away! Take him away! Crucify him!” “Shall I crucify your king?” Pilate asked. “We have no king but Caesar,” the chief priests answered. Finally Pilate handed him over to them to be crucified. So the soldiers took charge of Jesus. Carrying his own cross, he went out to the place of the Skull (which in Aramaic is called Golgotha). There they crucified him, and with him two others—one on each side and Jesus in the middle. Pilate had a notice prepared and fastened to the cross. It read: JESUS OF NAZARETH, THE KING OF THE JEWS. Many of the Jews read this sign, for the place where Jesus was crucified was near the city, and the sign was written in Aramaic, Latin and Greek. The chief priests of the Jews protested to Pilate, “Do not write ‘The King of the Jews,’ but that this man claimed to be king of the Jews.” Pilate answered, “What I have written, I have written.” When the soldiers crucified Jesus, they took his clothes, dividing them into four shares, one for each of them, with the undergarment remaining. This garment was seamless, woven in one piece from top to bottom. “Let’s not tear it,” they said to one another. “Let’s decide by lot who will get it.” This happened that the scripture might be fulfilled that said, “They divided my clothes among them and cast lots for my garment.” So this is what the soldiers did. Near the cross of Jesus stood his mother, his mother’s sister, Mary the wife of Clopas, and Mary Magdalene. When Jesus saw his mother there, and the disciple whom he loved standing nearby, he said to her, “Woman, here is your son,” and to the disciple, “Here is your mother.” From that time on, this disciple took her into his home. Later, knowing that everything had now been finished, and so that Scripture would be fulfilled, Jesus said, “I am thirsty.” A jar of wine vinegar was there, so they soaked a sponge in it, put the sponge on a stalk of the hyssop plant, and lifted it to Jesus’ lips. When he had received the drink, Jesus said, “It is finished.” With that, he bowed his head and gave up his spirit. Now it was the day of Preparation, and the next day was to be a special Sabbath. Because the Jewish leaders did not want the bodies left on the crosses during the Sabbath, they asked Pilate to have the legs broken and the bodies taken down. The soldiers therefore came and broke the legs of the first man who had been crucified with Jesus, and then those of the other. But when they came to Jesus and found that he was already dead, they did not break his legs. Instead, one of the soldiers pierced Jesus’ side with a spear, bringing a sudden flow of blood and water. The man who saw it has given testimony, and his testimony is true. He knows that he tells the truth, and he testifies so that you also may believe. These things happened so that the scripture would be fulfilled: “Not one of his bones will be broken,” and, as another scripture says, “They will look on the one they have pierced.” Later, Joseph of Arimathea asked Pilate for the body of Jesus. Now Joseph was a disciple of Jesus, but secretly because he feared the Jewish leaders. With Pilate’s permission, he came and took the body away. He was accompanied by Nicodemus, the man who earlier had visited Jesus at night. Nicodemus brought a mixture of myrrh and aloes, about seventy-five pounds. Taking Jesus’ body, the two of them wrapped it, with the spices, in strips of linen. This was in accordance with Jewish burial customs. At the place where Jesus was crucified, there was a garden, and in the garden a new tomb, in which no one had ever been laid. Because it was the Jewish day of Preparation and since the tomb was nearby, they laid Jesus there.

Pataje
Li Jan 19

Jan 19:1-42 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Alors Pilate donna l’ordre d’emmener Jésus et de le faire fouetter. Les soldats lui mirent sur la tête une couronne tressée de rameaux épineux et ils l’affublèrent d’un manteau de couleur pourpre et, s’avançant au-devant de lui, ils s’écriaient : Salut, roi des Juifs ! Et ils lui donnaient des gifles. Pilate sortit de nouveau du palais et dit aux Juifs : Voilà ! je vous le fais amener ici dehors pour que vous sachiez que je ne trouve en lui aucune raison de le condamner. Jésus parut donc dehors, portant la couronne d’épines et le manteau de couleur pourpre. Pilate leur dit : Voici l’homme. En le voyant, les chefs des prêtres et les gardes se mirent à crier : Crucifie-le ! Crucifie-le ! – Vous n’avez qu’à le prendre, leur lança Pilate, et le crucifier vous-mêmes. Moi, je ne trouve aucune raison de le condamner. Les Juifs répliquèrent : Nous, nous avons une Loi, et d’après cette Loi, il doit mourir, car il a prétendu être le Fils de Dieu. Ces propos effrayèrent vivement Pilate. Il rentra au palais de justice et demanda à Jésus : D’où viens-tu ? Mais Jésus ne lui donna aucune réponse. Alors Pilate lui dit : Comment ! C’est à moi que tu refuses de parler ? Tu ne sais donc pas que j’ai le pouvoir de te relâcher et celui de te crucifier ? Jésus lui répondit : Tu n’aurais aucun pouvoir sur moi, s’il ne t’avait été donné d’en haut. Voilà pourquoi celui qui me livre entre tes mains est plus coupable que toi. A partir de ce moment, Pilate cherchait à le relâcher. Mais les Juifs redoublèrent leurs cris : Si tu relâches cet homme, tu n’es pas l’ami de César. Si quelqu’un se fait roi, il s’oppose à César. Quand il eut entendu ces mots, Pilate fit amener Jésus dehors et s’assit à son tribunal, au lieu appelé « la place Pavée » (en hébreu « Gabbatha »). C’était le vendredi de la semaine de fête pascale, vers midi. Pilate dit aux Juifs : Voici votre roi ! Mais ils se mirent à crier : A mort ! A mort ! Crucifie-le ! – C’est votre roi : est-ce que je dois le crucifier ? répondit Pilate. Les chefs des prêtres répliquèrent : Nous n’avons pas d’autre roi que César. Alors Pilate le leur livra pour qu’il soit crucifié. Ils s’emparèrent donc de Jésus. Celui-ci, portant lui-même sa croix, sortit de la ville pour se rendre à l’endroit appelé « le lieu du crâne » (en hébreu : « Golgotha »). C’est là qu’ils le crucifièrent, lui et deux autres. On plaça une croix de chaque côté de la sienne. Celle de Jésus était au milieu. Pilate fit placer un écriteau que l’on fixa au-dessus de la croix. Il portait cette inscription : « Jésus de Nazareth, le roi des Juifs ». Comme l’endroit où Jésus avait été crucifié se trouvait près de la ville, beaucoup de Juifs lurent l’inscription écrite en hébreu, en latin et en grec. Les chefs des prêtres protestèrent auprès de Pilate : Il ne fallait pas mettre « le roi des Juifs », mais « Cet homme a dit : Je suis le roi des Juifs ». Pilate répliqua : Ce que j’ai écrit restera écrit. Lorsque les soldats eurent crucifié Jésus, ils prirent ses vêtements et en firent quatre parts, une pour chacun d’eux. Restait la tunique qui était sans couture, tissée tout d’une seule pièce de haut en bas. Les soldats se dirent entre eux : Au lieu de la déchirer, tirons au sort pour savoir qui l’aura. C’est ainsi que s’accomplit cette prophétie de l’Ecriture : Ils se sont partagé mes habits et ils ont tiré au sort ma tunique . C’est exactement ce que firent les soldats. Près de la croix de Jésus se tenaient sa mère, la sœur de sa mère, Marie, femme de Clopas, et Marie de Magdala. En voyant sa mère et, à côté d’elle, le disciple qu’il aimait, Jésus dit à sa mère : Voici ton fils. Puis il dit au disciple : Voici ta mère. A partir de ce moment-là, le disciple la prit chez lui. Après cela, Jésus, sachant que désormais tout était achevé, dit, pour que l’Ecriture soit accomplie : J’ai soif. Près de là se trouvait un vase rempli de vinaigre. On attacha donc une éponge imbibée de ce vinaigre au bout d’une branche d’hysope, et on l’approcha de la bouche de Jésus. Quand il eut goûté le vinaigre, Jésus dit : Tout est accompli. Il pencha la tête et rendit l’esprit. Comme on était à la veille du sabbat, et de plus, d’un sabbat particulièrement solennel, les Juifs voulaient éviter que les cadavres restent en croix durant la fête. Ils allèrent trouver Pilate pour lui demander de faire briser les jambes des suppliciés et de faire enlever les corps. Les soldats vinrent donc et brisèrent les jambes au premier des criminels crucifiés avec Jésus, puis à l’autre. Quand ils arrivèrent à Jésus, ils constatèrent qu’il était déjà mort et ils ne lui brisèrent pas les jambes. L’un des soldats lui enfonça sa lance dans le côté, et aussitôt il en sortit du sang et de l’eau. Celui qui rapporte ces faits, les a vus de ses propres yeux et son témoignage est vrai. Il sait parfaitement qu’il dit la vérité pour que, vous aussi, vous croyiez. En effet, tout cela est arrivé pour que se réalise cette parole de l’Ecriture : Aucun de ses os ne sera brisé . De plus, un autre texte déclare : Ils tourneront leurs regards vers celui qu’ils ont transpercé . Après ces événements, Joseph, de la ville d’Arimathée, alla demander à Pilate la permission d’enlever le corps de Jésus. Il était aussi disciple du Seigneur, mais il s’en cachait par peur des Juifs. Pilate y consentit. Joseph alla donc prendre le corps de Jésus. Nicodème vint également. C’était lui qui, auparavant, était allé trouver Jésus de nuit. Il apporta environ trente kilogrammes d’un mélange de myrrhe et d’aloès. Tous deux prirent donc le corps de Jésus et l’enveloppèrent de linges funéraires en y mettant des aromates, selon les usages funéraires des Juifs. Non loin de l’endroit où Jésus avait été crucifié, il y avait un jardin dans lequel se trouvait un tombeau neuf où personne n’avait encore été enseveli. Comme c’était, pour les Juifs, le soir de la préparation du sabbat, ils déposèrent Jésus dans cette tombe parce qu’elle était toute proche.

Pataje
Li Jan 19