Jan 18:28-38

Jan 18:28-38 HAT98

Apre sa, sòti kay Kayif, yo mennen Jezi nan palè Gouvènè a. Se te granmtimaten. Men, jwif yo pat antre nan palè a. Yo pat vle mete tèt yo nan kondisyon pou yo pa ka fè sèvis Bondye yo. Sa ta ka anpeche yo manje manje Delivrans lan. Se poutèt sa, Pilat, gouvènè a, te blije sòti vin jwenn yo deyò a. Li mande yo: — Kisa nou di nonm sa a fè? Yo reponn li: — Si nonm sa a pat yon malfektè, nou pa ta mennen l ba ou. Pilat di yo: — Poukisa nou pa pran l nou menm, pou nou jije l dapre lalwa nou? Jwif yo reponn li: — Nou pa gendwa touye pèsonn. Se konsa pawòl Jezi te di lè l t'ap fè konnen jan l ta pral mouri a, ta pral rive vre. Lè sa a, Pilat antre nan palè a, li rele Jezi, li mande li: — Eske se wa jwif yo ou ye? Jezi reponn li: — Eske ou di sa paske ou fè lide sa a ou menm, osinon eske se lòt moun ki di ou sa? Pilat reponn li: — Eske se jwif mwen ye, mwen menm? Se pwòp moun peyi ou ansanm ak chèf prèt yo ki mennen ou ban mwen? Kisa ou fè? Jezi reponn: — Nan peyi kote m wa a, se pa tankou peyi ki sou latè. Si gouvènman peyi kote m wa a te tankou gouvènman peyi ki sou latè, sèvitè m yo ta goumen pou mwen. Yo pa ta kite m tonbe nan men jwif yo. Non. Nan peyi kote m wa a, se pa tankou peyi ki sou latè. Lè sa a, Pilat di li: — Si se konsa, ou se wa vre? Jezi reponn li: — Se ou ki di li. Wi, se wa mwen ye. Mwen fèt pou m di verite a jan li ye a. Wi, se pou sa menm mwen vin sou latè. Tout moun ki patizan laverite ap koute vwa mwen. Pilat reponn li: — Laverite? Kisa l ye?

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an