Jan 17

17
Jezi lapriyè pou disip li yo
1Apre Jezi fin pale konsa, li leve je l #Jan 11.41; 13.1 anlè nan syèl la, li di:
— O Papa, lè a rive. Fè yo wè bèl pouvwa Pitit la, pou Pitit la ka fè yo wè bèl pouvwa ou la tou. 2Ou #Mat 11.27 te ba li otorite sou tout moun dekwa pou li ka bay tout moun ou ba li yo lavi etènèl. 3Lavi #1 Jan 5.20; 1 Tes 1.9 etènèl, se konnen ou, ou menm sèl Bondye tout bon an, se konnen Jezikri, moun ou voye a. 4Mwen #Jan 4.34 te fè yo wè bèl pouvwa ou sou tè sa a. Mwen fè tou sa ou te ban m fè. 5Kounyeya, Papa, #Jan 1.1; 17.24; Fil 2.6 ban mwen bèl pouvwa devan je ou, menm pouvwa mwen te genyen lè m te avè ou la depi anvan ou te kreye tout bagay.
6Moun #Jan 17.9; Mat 6.9 ou te pran nan lemonn ban mwen yo, mwen devwale yo ki moun ou ye. Se pou ou yo ye. Se ou menm ki te ban mwen yo. Epi yo kenbe pawòl ou. 7Kounyeya, yo konnen tou sa ou ban mwen se nan men ou yo sòti. 8Paske #Jan 16.30 mwen ba yo pawòl ou te ban mwen an. Yo resevwa li. Yo rekonèt mwen sòti tout bon bò kote ou, yo kwè se ou ki voye m vre.
9M'ap #Jan 6.37,44 lapriyè pou yo. Mwen p'ap lapriyè pou moun lemonn yo, men pou moun ou ban mwen yo, paske se pou ou yo ye. 10Tou #Jan 16.15; Lik 15.31 sa m genyen se pou ou, tou sa ou genyen se pou mwen. Pouvwa mwen parèt aklè nan yo. 11Mwen #Jan 10.30; Mat 6.13 pa nan lemonn lan ankò. Men yo menm, yo nan lemonn lan toujou. Mwen menm, m'ap vin jwenn ou. Papa, ou menm ki apa, pwoteje yo pa pouvwa non ou, menm non ou te ban mwen an, #17.11: pwoteje yo pa pouvwa non ou, menm non ou te ban mwen an: Gen maniskri ki bay pa pouvwa non ou, pwoteje moun ou te ban mwen yo. pou yo ka fè yon sèl, menm jan ou fè yon sèl avèk mwen. 12Pandan m te #Jan 6.39; Sòm 41.9; 109.8; 2 Tes 2.3 la avèk yo, mwen te pwoteje yo ak pouvwa non ou, menm non ou te ban mwen an. Mwen #17.12: mwen te pwoteje yo pa pouvwa non ou, menm non ou te ban mwen an: Gen maniskri ki bay pa pouvwa non ou, mwen te pwoteje moun ou te ban mwen yo. te pwoteje yo: yo yonn pat pèdi, esèpte nonm ki pou te pèdi a, pou sa ki te ekri nan Liv la rive vre. 13Kounyeya, m'ap #Jan 15.11 vin jwenn ou. M'ap pale konsa pandan m sou latè a, pou jan kè m kontan an se konsa pou kè yo ka kontan tou nèt ale. 14Mwen #Jan 15.19 te ba yo pawòl ou. Lemonn rayi yo paske yo menm yo pa moun lemonn, menm jan mwen menm mwen pa moun lemonn. 15Mwen #2 Tes 3.3; 1 Jan 5.18; Mat 6.13; Lik 22.32 pa mande ou pou wete yo nan lemonn lan, men pou ou pwoteje yo anba Satan. 16Yo pa moun lemonn, menm jan mwen pa moun lemonn. 17#Jan 6.63 yo viv pou ou nèt gremesi verite a. Pawòl ou se verite a. 18Mwen #Jan 20.21 voye yo nan lemonn lan menm jan ou te voye m nan lemonn lan. 19Se #Eb 10.10 pou yo m'ap viv jan ou vle l la, pou yo menm tou yo ka viv jan ou vle l la, gremesi verite a.
20Se #Jan 17.9 pa pou yo sèlman m'ap lapriyè, men pou tout moun ki va mete konfyans yo nan mwen lè y'a tande mesay la. 21M'ap #Gal 3.28 lapriyè pou yo tout fè yon sèl. Papa, se pou yo tout fè yonn ansanm ak nou, menm jan ou menm ou nan mwen, mwen menm mwen nan ou. Se pou yo tout fè yon sèl pou moun ki nan lemonn yo ka kwè se ou ki te voye mwen. 22Mwen #Tra 4.32 te ba yo menm pouvwa ou te ban mwen an, pou yo tout te ka fè yonn menm jan ou fè yon sèl avè m tou: 23mwen #1 Kor 6.17; Gal 2.20 nan yo, ou nan mwen, pou yo tout fè yon sèl nèt ale, pou moun ki nan lemonn yo ka rive rekonèt se ou ki te voye m, pou yo ka rive konnen ou renmen yo menm jan ou renmen m lan.
24Papa, #Jan 10.29; 12.26; Ef 1.4 se ou ki te ban mwen yo. Mwen ta vle pou yo toujou avè m kote m prale a, pou yo ka wè pouvwa mwen, pouvwa ou te ban mwen an, paske ou te renmen m depi lontan anvan ou te kreye tout bagay. 25O Papa, ou menm ki fè tout bagay byen, moun ki nan lemonn yo pa konnen ou. Men mwen menm, mwen konnen ou. Moun sa yo konnen se ou ki te voye mwen. 26Mwen te fè yo konnen ki moun ou ye. M'ap kontinye fè sa toujou, pou kalite renmen ou gen pou mwen an ka nan yo, pou mwen menm mwen ka nan yo tou.

Chwazi Kounye ya:

Jan 17: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an