Mete konfyans nou nan limyè a pandan nou genyen l lan, pou nou kapab moun limyè a. Apre li fin di yo pawòl sa yo, Jezi wete kò l, l'al kache byen lwen. Atout li te fè tout mirak sa yo devan yo, yo pat kwè nan li. Se konsa, pawòl pwofèt Ezayi te di a rive vre: Bondye, kilès ki te kwè mesay nou te bay la? Ki moun ki te rekonèt travay Bondye a nan sa ki rive a? Non. Yo pat kapab kwè, paske men sa Ezayi te di ankò: Bondye bouche je yo. Li bouche lespri yo, pou yo pa wè, pou yo pa konprann, pou yo pa tounen vin jwenn mwen pou m' ka geri yo. Ezayi te di sa paske li te wè pouvwa Jezi, epi li pale sou li.
Li Jan 12
Koute Jan 12
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 12:36-41
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo