Jan 10:1-18

Jan 10:1-18 HAT98

Sa m'ap di nou la a se vre wi: Moun ki pa pase nan pòt la pou antre nan pòt mouton yo, men ki eskalade lòt kote pou li antre, moun sa a se yon vòlè, se yon ansasen. Men, moun ki pase nan pòt la, se gadò mouton yo li ye. Moun k'ap veye pòt la louvri l pou li. Tout mouton yo rekonèt vwa li. Li rele tout mouton l yo, li ba yo chak non yo, li mennen yo deyò. Lè li fin fè yo tout sòti, li mache devan yo. Tout mouton yo swiv li paske yo konnen vwa li. Men, yo p'ap swiv yon moun yo pa konnen. Okontrè, y'ap kouri byen lwen pou li paske yo pa rekonèt vwa li. Jezi di yo parabòl sa a, men yo pat konprann sa l te vle di yo. Jezi di yo ankò: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Mwen se pòt pak mouton yo. Tout moun ki te vin anvan m yo, se yon bann vòlè ak piyajè yo te ye. Men, mouton yo pat koute yo. Se mwen menm ki pòt la. Moun ki pase nan mwen pou antre, l'a sove. L'a antre, l'a sòti, l'a jwenn manje pou l manje. Lè vòlè a vini, se vòlò li vin vòlò, se touye li vin touye, se detwi li vin detwi, se sa ase li vin fè. Mwen menm, mwen vin pou moun ka gen lavi, epi pou yo genyen l an kantite. — Se mwen menm ki bon gadò a. Yon bon gadò bay lavi li pou mouton li. Moun k'ap fè djòb, se pa gadò li ye. Mouton yo pa pou li. Lè li wè bèt sovaj ap vini, l'ap kouri kite mouton yo, l'ap met deyò. Lèkonsa, bèt sovaj ap devore mouton yo, y' ap gaye. Nonm lan met deyò paske se yon djòb l'ap fè. Ki mele l ak mouton yo? Mwen menm, mwen se gadò mouton yo. Papa a konnen m, mwen konn Papa a. Konsa tou, mwen konnen mouton m yo. Yo menm tou yo konnen mwen. Mwen gen lòt mouton toujou ki poko nan pak la. Fòk mwen mennen yo tou. Y'a tande vwa mwen. Lè sa a, mouton yo ap fè yon sèl bann, ap gen yon sèl gadò. — Papa a renmen m, paske m'ap bay lavi m pou m ka resevwa l ankò. Pèsonn pa ka wete lavi m'. Se mwen ki bay li, paske mwen vle. Mwen gen pouvwa pou m'bay li, mwen gen pouvwa pou m' reprann li. Se sa menm Papa m' te ban m' lòd fè.

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Jan 10:1-18

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an