Jan 10:1-18

Jan 10:1-18 1998 Haïtienne (HAT98)

Sa m'ap di nou la a se vre wi: Moun ki pa pase nan pòt la pou antre nan pòt mouton yo, men ki eskalade lòt kote pou li antre, moun sa a se yon vòlè, se yon ansasen. Men, moun ki pase nan pòt la, se gadò mouton yo li ye. Moun k'ap veye pòt la louvri l pou li. Tout mouton yo rekonèt vwa li. Li rele tout mouton l yo, li ba yo chak non yo, li mennen yo deyò. Lè li fin fè yo tout sòti, li mache devan yo. Tout mouton yo swiv li paske yo konnen vwa li. Men, yo p'ap swiv yon moun yo pa konnen. Okontrè, y'ap kouri byen lwen pou li paske yo pa rekonèt vwa li. Jezi di yo parabòl sa a, men yo pat konprann sa l te vle di yo. Jezi di yo ankò: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Mwen se pòt pak mouton yo. Tout moun ki te vin anvan m yo, se yon bann vòlè ak piyajè yo te ye. Men, mouton yo pat koute yo. Se mwen menm ki pòt la. Moun ki pase nan mwen pou antre, l'a sove. L'a antre, l'a sòti, l'a jwenn manje pou l manje. Lè vòlè a vini, se vòlò li vin vòlò, se touye li vin touye, se detwi li vin detwi, se sa ase li vin fè. Mwen menm, mwen vin pou moun ka gen lavi, epi pou yo genyen l an kantite. — Se mwen menm ki bon gadò a. Yon bon gadò bay lavi li pou mouton li. Moun k'ap fè djòb, se pa gadò li ye. Mouton yo pa pou li. Lè li wè bèt sovaj ap vini, l'ap kouri kite mouton yo, l'ap met deyò. Lèkonsa, bèt sovaj ap devore mouton yo, y' ap gaye. Nonm lan met deyò paske se yon djòb l'ap fè. Ki mele l ak mouton yo? Mwen menm, mwen se gadò mouton yo. Papa a konnen m, mwen konn Papa a. Konsa tou, mwen konnen mouton m yo. Yo menm tou yo konnen mwen. Mwen gen lòt mouton toujou ki poko nan pak la. Fòk mwen mennen yo tou. Y'a tande vwa mwen. Lè sa a, mouton yo ap fè yon sèl bann, ap gen yon sèl gadò. — Papa a renmen m, paske m'ap bay lavi m pou m ka resevwa l ankò. Pèsonn pa ka wete lavi m'. Se mwen ki bay li, paske mwen vle. Mwen gen pouvwa pou m'bay li, mwen gen pouvwa pou m' reprann li. Se sa menm Papa m' te ban m' lòd fè.

Pataje
Li Jan 10

Jan 10:1-18 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

« Oui, je vous le dis, c’est la vérité : si quelqu’un n’entre pas par la porte dans l’enclos des moutons, mais s’il passe par-dessus le mur à un autre endroit, c’est un voleur et un bandit. Mais celui qui entre par la porte, c’est le berger des moutons. Le gardien lui ouvre la porte, et les moutons écoutent la voix du berger. Il appelle ses moutons chacun par son nom et il les conduit dehors. Quand il les a tous fait sortir, il marche devant eux. Et ses moutons le suivent, parce qu’ils connaissent sa voix. Ils ne suivront jamais quelqu’un d’autre. Au contraire, ils fuiront loin de lui, parce qu’ils ne connaissent pas la voix des autres personnes. » Jésus utilise cette comparaison, mais les gens ne comprennent pas ce qu’il veut dire. Alors Jésus ajoute : « Oui, je vous le dis, c’est la vérité : la porte pour les moutons, c’est moi. Tous ceux qui sont venus avant moi sont des voleurs et des bandits. Mais les moutons ne les ont pas écoutés. La porte, c’est moi. Celui qui entre en passant par moi sera sauvé. Il pourra entrer et sortir et il trouvera de la nourriture. Le voleur vient seulement pour voler, tuer et détruire. Moi, je suis venu pour que les gens aient la vie, et pour que cette vie soit abondante. « Je suis le bon berger. Le bon berger donne sa vie pour ses moutons. Celui qui n’est pas le berger travaille seulement pour de l’argent, les moutons ne lui appartiennent pas. Alors quand il voit le loup arriver, il abandonne les moutons et il part en courant. Le loup emporte des moutons et il fait partir le troupeau de tous les côtés. En effet, l’homme qui travaille seulement pour de l’argent ne s’occupe pas bien des moutons. Le bon berger, c’est moi. Le Père me connaît, et je connais le Père. De la même façon, je connais mes moutons, et mes moutons me connaissent. Je donne ma vie pour eux. J’ai encore d’autres moutons qui ne sont pas dans cet enclos. Eux aussi, je dois les conduire. Ils écouteront ma voix, alors il y aura un seul troupeau et un seul berger. « Le Père m’aime parce que je donne ma vie, et je la recevrai à nouveau. Personne ne prend ma vie, mais je la donne moi-même. J’ai le pouvoir de la donner et j’ai le pouvoir de la recevoir à nouveau. C’est l’ordre que mon Père m’a donné. »

Pataje
Li Jan 10

Jan 10:1-18 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

An verite, an verite, mwen di nou: yon moun k ap antre kote yo gade mouton, se nan baryè a li dwe pase. Si l pase nenpòt lòt kote se yon vòlè li ye, se eseye l ap eseye vòlè mouton yo. Men, moun ki pase nan baryè a, se bèje mouton yo l ye. Moun k ap veye baryè a louvri l pou mouton yo, epi mouton yo tande vwa bèje a. Li rele pwòp mouton li yo dapre non yo epi yo swiv li soti deyò. Lè l fin fè tout mouton pa l yo soti nan pak la, li mache alatèt yo epi yo swiv li, paske yo konnen vwa li. Men, yo p ap janm swiv yon moun yo pa konnen. Y a kouri pou li, paske yo pa konnen vwa moun sa a. Jezi rakonte yo istwa sa a, men yo pa t konprann sa l t ap di yo a. Jezi di yon lòt fwa ankò: “An verite, an verite, m ap di nou: se mwen menm ki pòt pou antre nan pak mouton an. Tout lòt yo ki te vini anvan m se brigan ak vòlè yo ye, men mouton yo pa t koute yo. Mwen se pòtay pak la. Nenpòt mouton ki pase nan mwen pou l antre nan pak la, l ap an sekirite. L ap ka antre nan pak la, l ap ka soti ale nan patiraj pou l manje sa l bezwen. Vòlè a pa vin fè lòt bagay, se vòlè, se touye, se detwi. Men, mwen menm, mwen vini pou ba yo lavi, yon lavi pi plis pase sa w ta janm imajine. Mwen se bon bèje a, epi bon bèje a bay lavi li pou mouton l yo. Yon moun yo peye pou gade mouton yo, li pa yon vrè bèje. Poutèt li pa mèt mouton yo, lè li wè chyen mawon ap vini, li lage mouton yo epi li chape kò l. Chen mawon atake mouton yo epi yo tout gaye. Se paske se yon djòb l ap fè ki fè li pa gen okenn sansibilite pou mouton yo. Mwen se bon bèje a, mwen konnen mouton m yo epi mouton m yo konnen m tou. Menm jan Papa a konnen m, mwen menm mwen konnen Papa a tou, epi mwen bay lavi m pou mouton yo. Mwen genyen lòt mouton ki pa nan pak sa a. Mouton sa yo, fòk mwen mennen yo vini. Y a tande vwa m, lè sa a y ap vini. Konsa, yo tout ap fè yon sèl twoupo ak yon sèl bèje. Se poutèt sa Papa a renmen m, paske mwen bay lavi m pou m repran l ankò. Pa gen okenn moun ki pran l nan men m, men mwen bay li ak pwòp volonte m. Mwen gen dwa pou m bay li, mwen gen dwa pou m pran l ankò. Se lòd sa a Papa m ban mwen.”

Pataje
Li Jan 10

Jan 10:1-18 New International Version (NIV)

“Very truly I tell you Pharisees, anyone who does not enter the sheep pen by the gate, but climbs in by some other way, is a thief and a robber. The one who enters by the gate is the shepherd of the sheep. The gatekeeper opens the gate for him, and the sheep listen to his voice. He calls his own sheep by name and leads them out. When he has brought out all his own, he goes on ahead of them, and his sheep follow him because they know his voice. But they will never follow a stranger; in fact, they will run away from him because they do not recognize a stranger’s voice.” Jesus used this figure of speech, but the Pharisees did not understand what he was telling them. Therefore Jesus said again, “Very truly I tell you, I am the gate for the sheep. All who have come before me are thieves and robbers, but the sheep have not listened to them. I am the gate; whoever enters through me will be saved. They will come in and go out, and find pasture. The thief comes only to steal and kill and destroy; I have come that they may have life, and have it to the full. “I am the good shepherd. The good shepherd lays down his life for the sheep. The hired hand is not the shepherd and does not own the sheep. So when he sees the wolf coming, he abandons the sheep and runs away. Then the wolf attacks the flock and scatters it. The man runs away because he is a hired hand and cares nothing for the sheep. “I am the good shepherd; I know my sheep and my sheep know me— just as the Father knows me and I know the Father—and I lay down my life for the sheep. I have other sheep that are not of this sheep pen. I must bring them also. They too will listen to my voice, and there shall be one flock and one shepherd. The reason my Father loves me is that I lay down my life—only to take it up again. No one takes it from me, but I lay it down of my own accord. I have authority to lay it down and authority to take it up again. This command I received from my Father.”

Pataje
Li Jan 10

Jan 10:1-18 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Vraiment, je vous l’assure : si quelqu’un n’entre pas par la porte dans l’enclos où l’on parque les brebis, mais qu’il escalade le mur à un autre endroit, c’est un voleur et un brigand. Celui qui entre par la porte est, lui, le berger des brebis. Le gardien de l’enclos lui ouvre, les brebis écoutent sa voix. Il appelle par leur nom celles qui lui appartiennent, et il les fait sortir de l’enclos. Quand il a conduit au dehors toutes celles qui sont à lui, il marche à leur tête et les brebis le suivent, parce que sa voix leur est familière. Jamais, elles ne suivront un étranger ; au contraire, elles fuiront loin de lui, car elles ne connaissent pas la voix des étrangers. Jésus leur raconta cette parabole, mais ils ne comprirent pas ce qu’il voulait leur dire. Alors il reprit : Vraiment, je vous l’assure : Moi, je suis la porte par où passent les brebis. Tous ceux qui sont venus avant moi étaient des voleurs et des brigands. Mais les brebis ne les ont pas écoutés. C’est moi qui suis la porte. Celui qui entre par moi sera sauvé  : il pourra aller et venir librement, il trouvera de quoi se nourrir. Le voleur vient seulement pour voler, pour tuer et pour détruire. Moi, je suis venu afin que les hommes aient la vie, une vie abondante. Moi, je suis le bon berger. Le bon berger donne sa vie pour ses brebis. Celui qui n’est pas le berger, qui n’est pas le propriétaire des brebis, mais que l’on paye pour les garder, se sauve, lui, dès qu’il voit venir le loup, et il abandonne les brebis ; alors le loup se précipite sur elles, il s’empare de quelques-unes et disperse le troupeau. Cet homme agit ainsi parce qu’il est payé pour faire ce travail et qu’il n’a aucun souci des brebis. Moi, je suis le bon berger ; je connais mes brebis et mes brebis me connaissent, tout comme le Père me connaît et que je connais le Père. Je donne ma vie pour mes brebis. J’ai encore d’autres brebis qui ne sont pas de cet enclos. Celles-là aussi, il faut que je les amène ; elles écouteront ma voix, ainsi il n’y aura plus qu’un seul troupeau avec un seul berger. Si le Père m’aime, c’est parce que je donne ma vie ; mais ensuite, je la reprendrai. En effet, personne ne peut m’ôter la vie : je la donne de mon propre gré. J’ai le pouvoir de la donner et de la reprendre. Tel est l’ordre que j’ai reçu de mon Père.

Pataje
Li Jan 10