Jan 1:15-51

Jan 1:15-51 HAT98

Se li menm Jan Batis t'ap pale a, lè l te di byen fò: — Men moun mwen t'ap pale nou an, lè m te di nou: L'ap vin apre mwen. Men, li gen plis pouvwa pase m, paske li te la anvan mwen. Nou tout nou resevwa pa nou nan tout kantite byen l yo. Li ban nou favè sou favè. Si Moyiz pote lalwa, se Jezikri ki pote lagras ak laverite. Pesonn pa janm wè Bondye. Men se sèl Pitit Bondye a, li menm ki nan sekrè Papa a, se li menm ki devwale nou ki moun Bondye ye. Men sa Jan Batis te di lè jwif ki lavil Jerizalèm yo te voye kèk prèt ak kèk moun Levi vin mande l ki moun li ye. Jan pat refize reponn yo, li di yo kareman devan tout moun: — Se pa mwen ki Kris la. Yo mande li: — Ki moun ou ye atò? Ou se Eli? Jan reponn yo: — Non, mwen pa Eli. Yo di li: — Ou se pwofèt la? Li reponn yo: — Non. Lè sa a yo di li: — Ki moun ou ye menm? Paske, nou gen pou n pote yon repons bay moun ki voye nou yo. Ki moun ou di ou ye? Jan reponn: — Mwen se vwa nonm k'ap rele nan dezè a: Plani chemen an byen plani pou Mèt la! (Se sa pwofèt Ezayi te di.) Gen nan moun yo te voye bò kote Jan yo ki te sòti lakay farizyen yo. Yo mande li: — Si ou pa ni Kris la, ni Eli, ni pwofèt la, di nou poukisa w'ap batize moun? Jan reponn yo: — Mwen menm, mwen batize nou nan dlo. Men, nan mitan nou la a, gen yon moun nou pa konnen. L'ap vin apre m, men mwen pa bon ase pou m ta demare kòd sapat li. Tout bagay sa yo t'ap pase Betani, lòt bò larivyè Jouden, kote Janbatis t'ap batize moun. Nan denmen, Jan wè Jezi ki t'ap vin jwenn li, li di: — Men ti mouton Bondye a k'ap wete peche moun sou tout latè. Men moun mwen t'ap pale nou an, lè m te di nou gen yon nonm k'ap vin apre m men ki gen plis pouvwa pase m, paske li te la anvan mwen. Mwen menm, mwen pa te konnen li. Men pou moun Izrayèl yo ka konnen li, se poutèt sa mwen vin fè batèm nan dlo. Jan di yo: — Mwen wè Lespri soti nan syèl la sou fòm yon pijon desann sou li. Lè sa a, mwen pa t'ankò konnen ki moun li ye. Men Bondye ki voye m' batize moun nan dlo a te di m': - Moun w'a wè Lespri desann vin rete sou li a, se li menm ki va batize moun nan Sentespri. Jan di yo ankò: — Mwen wè sa ak je m, se sa ki fè mwen di nou se li ki Pitit Bondye a vre. Nan denmen, Jan te menm kote a ankò ak de nan patizan li yo. Li wè Jezi ki t'ap pase, li di: — Men ti mouton Bondye a. De patizan yo tande sa Jan t'ap di a, yo pran swiv Jezi. Jezi vire tèt li gade, li wè yo t'ap swiv li. Li mande yo: — Sa n'ap chache? Yo mande li: — Ki kote ou rete, Rabi? (Mo rabi sa a vle di mèt.) Li reponn yo: — Vini non, n'a wè. Y'ale vre. Yo wè kote l te rete a. Yo pase rès jounen an avè li. (Li te vè katrè konsa nan apremidi.) Andre, frè Simon Pyè a, te yonn nan de moun ki te tande sa Jan te di a epi ki te swiv Jezi. Premye moun Andre rankontre se te Simon, frè li. Li di li konsa: — Nou jwenn Mesi a (ki vle di: Kris la). Li mennen Simon bay Jezi. Jezi gade l, li di: — Se ou menm Simon, pitit Jan an? Y'a rele ou Sefas. (Se menm bagay ak Pyè, ki vle di wòch.) Nan denmen, Jezi te fè lide ale nan peyi Galile. Li jwenn Filip sou wout la, li di li: — Swiv mwen. (Filip te moun lavil Betsayda, kote Andre ak Pyè te rete a.) Apre sa, Filip jwenn Natanayèl. Li di li: — Nou jwenn moun Moyiz te pale nou nan liv lalwa a, moun pwofèt yo te pale a tou. Se Jezi, moun lavil Nazarèt, pitit gason Jozèf la. Natanayèl di li: — Ki bon bagay ki ka sòti Nazarèt? Filip reponn li: — Vini non, w'a wè. Lè Jezi wè Natanayèl ap vin bò kote l, li di sou li: — Men yon moun pèp Izrayèl tout bon. Se yon nonm ki pa gen riz nan li. Natanayèl mande li: — Ki jan ou fè konnen mwen? Jezi reponn li: — Anvan Filip te rele ou la, mwen te wè ou lè ou te anba pye fig frans lan. Lè sa a, Natanayèl di li: — Mèt, ou se Pitit Bondye a. Ou se wa pèp Izrayèl la! Jezi reponn li: — Men wi, paske mwen di ou mwen te wè ou anba pye figfrans lan, poutèt sa ou kwè! Ou gen pou wè pi gwo bagay pase sa toujou. Apre sa, li di yo: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: N'a wè syèl la louvri, avèk zanj Bondye yo k'ap moute desann sou Moun Bondye voye nan lachè a.