Jan 1:15-51

Jan 1:15-51 1998 Haïtienne (HAT98)

Se li menm Jan Batis t'ap pale a, lè l te di byen fò: — Men moun mwen t'ap pale nou an, lè m te di nou: L'ap vin apre mwen. Men, li gen plis pouvwa pase m, paske li te la anvan mwen. Nou tout nou resevwa pa nou nan tout kantite byen l yo. Li ban nou favè sou favè. Si Moyiz pote lalwa, se Jezikri ki pote lagras ak laverite. Pesonn pa janm wè Bondye. Men se sèl Pitit Bondye a, li menm ki nan sekrè Papa a, se li menm ki devwale nou ki moun Bondye ye. Men sa Jan Batis te di lè jwif ki lavil Jerizalèm yo te voye kèk prèt ak kèk moun Levi vin mande l ki moun li ye. Jan pat refize reponn yo, li di yo kareman devan tout moun: — Se pa mwen ki Kris la. Yo mande li: — Ki moun ou ye atò? Ou se Eli? Jan reponn yo: — Non, mwen pa Eli. Yo di li: — Ou se pwofèt la? Li reponn yo: — Non. Lè sa a yo di li: — Ki moun ou ye menm? Paske, nou gen pou n pote yon repons bay moun ki voye nou yo. Ki moun ou di ou ye? Jan reponn: — Mwen se vwa nonm k'ap rele nan dezè a: Plani chemen an byen plani pou Mèt la! (Se sa pwofèt Ezayi te di.) Gen nan moun yo te voye bò kote Jan yo ki te sòti lakay farizyen yo. Yo mande li: — Si ou pa ni Kris la, ni Eli, ni pwofèt la, di nou poukisa w'ap batize moun? Jan reponn yo: — Mwen menm, mwen batize nou nan dlo. Men, nan mitan nou la a, gen yon moun nou pa konnen. L'ap vin apre m, men mwen pa bon ase pou m ta demare kòd sapat li. Tout bagay sa yo t'ap pase Betani, lòt bò larivyè Jouden, kote Janbatis t'ap batize moun. Nan denmen, Jan wè Jezi ki t'ap vin jwenn li, li di: — Men ti mouton Bondye a k'ap wete peche moun sou tout latè. Men moun mwen t'ap pale nou an, lè m te di nou gen yon nonm k'ap vin apre m men ki gen plis pouvwa pase m, paske li te la anvan mwen. Mwen menm, mwen pa te konnen li. Men pou moun Izrayèl yo ka konnen li, se poutèt sa mwen vin fè batèm nan dlo. Jan di yo: — Mwen wè Lespri soti nan syèl la sou fòm yon pijon desann sou li. Lè sa a, mwen pa t'ankò konnen ki moun li ye. Men Bondye ki voye m' batize moun nan dlo a te di m': - Moun w'a wè Lespri desann vin rete sou li a, se li menm ki va batize moun nan Sentespri. Jan di yo ankò: — Mwen wè sa ak je m, se sa ki fè mwen di nou se li ki Pitit Bondye a vre. Nan denmen, Jan te menm kote a ankò ak de nan patizan li yo. Li wè Jezi ki t'ap pase, li di: — Men ti mouton Bondye a. De patizan yo tande sa Jan t'ap di a, yo pran swiv Jezi. Jezi vire tèt li gade, li wè yo t'ap swiv li. Li mande yo: — Sa n'ap chache? Yo mande li: — Ki kote ou rete, Rabi? (Mo rabi sa a vle di mèt.) Li reponn yo: — Vini non, n'a wè. Y'ale vre. Yo wè kote l te rete a. Yo pase rès jounen an avè li. (Li te vè katrè konsa nan apremidi.) Andre, frè Simon Pyè a, te yonn nan de moun ki te tande sa Jan te di a epi ki te swiv Jezi. Premye moun Andre rankontre se te Simon, frè li. Li di li konsa: — Nou jwenn Mesi a (ki vle di: Kris la). Li mennen Simon bay Jezi. Jezi gade l, li di: — Se ou menm Simon, pitit Jan an? Y'a rele ou Sefas. (Se menm bagay ak Pyè, ki vle di wòch.) Nan denmen, Jezi te fè lide ale nan peyi Galile. Li jwenn Filip sou wout la, li di li: — Swiv mwen. (Filip te moun lavil Betsayda, kote Andre ak Pyè te rete a.) Apre sa, Filip jwenn Natanayèl. Li di li: — Nou jwenn moun Moyiz te pale nou nan liv lalwa a, moun pwofèt yo te pale a tou. Se Jezi, moun lavil Nazarèt, pitit gason Jozèf la. Natanayèl di li: — Ki bon bagay ki ka sòti Nazarèt? Filip reponn li: — Vini non, w'a wè. Lè Jezi wè Natanayèl ap vin bò kote l, li di sou li: — Men yon moun pèp Izrayèl tout bon. Se yon nonm ki pa gen riz nan li. Natanayèl mande li: — Ki jan ou fè konnen mwen? Jezi reponn li: — Anvan Filip te rele ou la, mwen te wè ou lè ou te anba pye fig frans lan. Lè sa a, Natanayèl di li: — Mèt, ou se Pitit Bondye a. Ou se wa pèp Izrayèl la! Jezi reponn li: — Men wi, paske mwen di ou mwen te wè ou anba pye figfrans lan, poutèt sa ou kwè! Ou gen pou wè pi gwo bagay pase sa toujou. Apre sa, li di yo: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: N'a wè syèl la louvri, avèk zanj Bondye yo k'ap moute desann sou Moun Bondye voye nan lachè a.

Pataje
Li Jan 1

Jan 1:15-51 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Jean est son témoin. Il affirme d’une voix forte : C’est de lui que j’ai parlé quand j’ai dit : « L’homme qui vient après moi est plus important que moi, parce qu’il existait déjà avant moi. » Oui, nous avons tous reçu une part de sa richesse, nous avons tous été remplis de son amour, et de plus en plus. Dieu nous a donné la loi par Moïse, mais l’amour et la vérité sont venus par Jésus-Christ. Personne n’a jamais vu Dieu. Mais le Fils unique, qui est Dieu et qui vit auprès du Père, nous l’a fait connaître. Les chefs juifs de Jérusalem envoient des prêtres et des lévites pour demander à Jean : « Qui es-tu ? » Jean ne refuse pas de répondre. Voici son témoignage. Il dit très clairement : « Je ne suis pas le Messie. » Les prêtres et les lévites lui demandent : « Mais alors, qui es-tu ? Est-ce que tu es Élie ? » Jean répond : « Non. » Ils lui demandent encore : « Est-ce que tu es le Prophète ? » Jean répond : « Non. » Alors ils lui disent : « Qui es-tu ? Nous devons donner une réponse à ceux qui nous ont envoyés. Qu’est-ce que tu dis de toi-même ? » Jean répond avec une parole du prophète Ésaïe : « Je suis celui qui crie dans le désert : “Préparez un chemin bien droit pour le Seigneur .” » Parmi les hommes envoyés vers Jean, il y a des Pharisiens. Ils lui posent une question : « Tu n’es pas le Messie, tu n’es pas Élie et tu n’es pas le Prophète. Alors pourquoi est-ce que tu baptises ? » Jean leur répond : « Moi, je baptise dans l’eau. Mais au milieu de vous, il y a quelqu’un que vous ne connaissez pas. Il vient après moi, et je ne suis pas digne de lui enlever ses sandales. » Tout cela se passe à Béthanie, de l’autre côté du Jourdain, là où Jean baptise. Le jour suivant, Jean voit Jésus qui vient vers lui. Et il dit : « Voici l’agneau de Dieu qui enlève le péché du monde. C’est de lui que j’ai parlé quand j’ai dit : “L’homme qui vient après moi est plus important que moi, parce qu’il existait avant moi.” Moi, je ne le connaissais pas. Mais je suis venu baptiser dans l’eau pour le faire connaître au peuple d’Israël. » Et voici le témoignage de Jean : « J’ai vu l’Esprit Saint descendre du ciel comme une colombe et il est resté sur Jésus. Moi, je ne le connaissais pas. Mais Dieu, qui m’a envoyé baptiser dans l’eau, c’est lui qui m’a dit : “Tu verras l’Esprit Saint descendre et rester sur un homme. Et c’est lui qui baptise dans l’Esprit Saint.” Moi, j’ai vu et j’en suis témoin : cet homme-là, c’est le Fils de Dieu. » Le jour suivant, Jean est là de nouveau avec deux de ses disciples. Il regarde avec attention Jésus qui passe et il dit : « Voici l’agneau de Dieu. » Les deux disciples de Jean entendent ces paroles et ils suivent Jésus. Jésus se retourne. Il voit que les disciples le suivent et il leur demande : « Qu’est-ce que vous cherchez ? » Ils lui répondent : « Rabbi, où est-ce que tu habites ? » Le mot « Rabbi » veut dire « Maître ». Jésus leur répond : « Venez, et vous verrez. » Ils viennent, ils voient où Jésus habite et ils restent avec lui ce jour-là. Il est environ quatre heures de l’après-midi. L’un des deux hommes qui ont entendu les paroles de Jean et qui ont suivi Jésus s’appelle André. C’est le frère de Simon-Pierre. André rencontre d’abord son frère Simon et il lui dit : « Nous avons trouvé le Messie. » Le mot « Messie » veut dire « Christ ». Il conduit Simon auprès de Jésus. Jésus regarde Simon avec attention et il lui dit : « Tu es Simon, le fils de Jean. Tu t’appelleras Céphas. » Ce nom veut dire « Pierre ». Le jour suivant, Jésus décide de partir pour la Galilée. Il rencontre Philippe et il lui dit : « Suis-moi ! » Philippe est de Bethsaïda, le village d’André et de Pierre. Ensuite, Philippe rencontre Nathanaël et il lui dit : « Dans la loi, Moïse a parlé de quelqu’un. Les prophètes aussi en ont parlé. C’est Jésus, le fils de Joseph. Il est de la ville de Nazareth. » Nathanaël dit à Philippe : « De Nazareth, est-ce qu’il peut sortir quelque chose de bon ? » Philippe lui répond : « Viens, tu verras. » Jésus voit Nathanaël qui vient à lui et il dit à son sujet : « Voici un vrai Israélite. Cet homme-là ne sait pas mentir. » Nathanaël demande à Jésus : « Comment est-ce que tu peux me connaître ? » Jésus lui répond : « Avant que Philippe t’appelle, je t’ai vu. Tu étais sous le figuier. » Alors Nathanaël lui dit : « Maître, tu es le Fils de Dieu, tu es le roi d’Israël ! » Jésus lui répond : « Je t’ai dit : “Je t’ai vu sous le figuier”, et c’est pour cela que tu crois ? Tu verras des choses beaucoup plus grandes ! » Et Jésus ajoute : « Oui, je vous le dis, c’est la vérité, vous verrez le ciel ouvert et les anges de Dieu qui montent et descendent au-dessus du Fils de l’homme. »

Pataje
Li Jan 1

Jan 1:15-51 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Jan te rann temwanyaj sou Pawòl la. Li pale byen fò, li di: “Se de li m t ap pale nou, lè m te di moun nan ki gen pou vini apre m nan pi gran pase m, paske li te la anvan m.” Wi, Pawòl la te tèlman plen ak lanmou epi ak verite a pou nou, nou tout resevwa benediksyon nan men li youn apre lòt. Paske Bondye te ba nou Lalwa pa mwayen Moyiz, men lanmou ak verite a vini pa mwayen Jezikris. Pa gen okenn moun ki janm wè Bondye Papa a. Men, se sèl Pitit Bondye a ki nan yon relasyon san parèy ak Papa a, se li menm ki fè konnen kilès Papa a ye. Men ki temwanyaj Jan te bay lè lidè Jwif yo nan Jerizalèm te voye kèk Sakrifikatè ak kèk Levit al mande l: “Ki moun ou ye?” San l pa ezite, li di byen klè: “Se pa mwen ki Mesi a.” Alò, yo mande l: “ki moun ou ye? Èske ou se Eli?” Li reponn: “Non, mwen pa Eli.” Yo mande l: “Èske ou se pwofèt la?” Li reponn: “Non.” Lè sa a, yo di li: “Ki moun ou ye menm? Ban nou yon repons pou n bay moun ki te voye nou yo. Ki sa ou di de ou menm?” Jan site pawòl pwofèt Ezayi sa yo ba yo: Mwen se vwa yon moun k ap pale byen fò nan dezè a, k ap di: “prepare chemen Senyè a byen dwat.” Pami moun yo te voye kote Jan yo, kèk nan yo se te Farizyen. Yo di Jan: “Si ou pa ni Mesi a, ni Eli, ni pwofèt ki gen pou vini an, alò, pou kisa ou ap batize moun?” Jan reponn yo: “Mwen batize moun yo nan dlo. Men gen yon moun nan mitan nou, nou pa menm konnen l, Li va vini apre m. Mwen pa bon ase pou m ta lage lasèt sandal li.” Tout bagay sa yo te pase nan rejyon Betani, sou lòtbò rivyè Jouden an. Se la Jan t ap batize moun yo. Nan demen, Jan wè Jezi ki t ap vini bò kote l, li di: “Gade, men mouton Bondye a! Se li ki wete peche lemonn. Se de li menm mwen t ap pale nou, lè m te di: Gen yon moun ki gen pou vini apre m ki pi gran pase m, paske li te la anvan m. Mwen pa t konnen ki moun li te ye. Men mwen te vin batize moun nan dlo pou pèp Izrayèl la ta konnen se li menm ki Mesi a.” Men temwanyaj Jan te rann: “Mwen te wè Lespri Bondye desann soti nan syèl tankou yon pijon vin poze sou li. Mwen menm, mwen pa t konnen li. Men, Bondye ki voye m vin batize moun nan dlo a te di m: Moun ou va wè Sentespri Bondye a desann poze sou li a, se li menm ki va batize moun ak Sentespri Bondye a. Sa te rive vre, mwen te wè l, epi mwen sètifye Nonm sa se Pitit Bondye.” Nan demen ankò, Jan te la avèk de nan disip li yo. Li t ap gade Jezi ki t ap pase epi li di: “Men li, men mouton Bondye a!” Lè de disip yo te tande sa Jan di a, yo swiv Jezi. Jezi vire gade, epi li wè de mesye yo ap swiv li. Li mande yo: “kisa nou vle?” Yo reponn: “Mèt, ki kote ou rete?” Jezi reponn yo: “Vini, nou va wè.” Se kon sa de mesye sa yo te pati avèk Jezi. Yo te wè kote li rete, epi yo rete pase jounen an ak li. Se te bò katrè konsa. Mesye sa yo te swiv Jezi apre yo fin tande sa Jan te di sou Jezi a. Andre, frè Simon Pyè a, te youn nan yo. Premye bagay Andre fè, l al chache Simon, frè li. Andre di li: “Nou jwenn Mesi a” (ki vle di Kris). Alò Andre mennen Simon bay Jezi. Jezi gade Simon epi li di l: “Ou se Simon, pitit Jonas, yo va rele w Sefas.” (Sefas vle di Pyè ki vle di Wòch.) Nan demen, Andre te vle pou yo al Galile pou chache Filip. Lè yo jwenn li, Jezi di li: “Swiv mwen.” Filip te moun yon ti vil ki rele Bètsayida, menm kote ak Andre ak Pyè. Filip te rankontre Natanayèl, li di l: “Nou jwenn moun Moyiz te pale sou li nan Lalwa a. Pwofèt yo te pale sou li tou. Se Jezi, pitit Jozèf la, moun Nazarèt la.” Men, Natanayèl di Filip konsa: “Nazarèt! Èske gen yon bon bagay ki ka soti Nazarèt?” Filip reponn li: “Vini, ou va wè.” Jezi wè Natanayèl ki t ap vin jwenn li, li di: “Nonm sa a k ap vini an se yon Izrayelit toutbon, yon nonm moun ka fè konfyans.” Natanayèl di Jezi: “Kòman ou fè konnen mwen?” Jezi reponn li: “Mwen te wè w lè ou te anba pye figye a, anvan menm Filip te rele w la.” Alò Natanayèl reponn: “Mèt, ou se pitit Bondye a. Ou se Wa Izrayèl la.” Jezi reponn li: “Ou kwè, paske m di w mwen te wè w anba pye figye a? Ou gen pou ou wè pi gwo bagay pase sa.” Epi Jezi kontinye pou l di: “Nou mèt kwè m lè m di nou gen pou nou wè syèl la louvri epi anj Bondye yo k ap monte desann sou Pitit Lòm nan.”

Pataje
Li Jan 1

Jan 1:15-51 New International Version (NIV)

(John testified concerning him. He cried out, saying, “This is the one I spoke about when I said, ‘He who comes after me has surpassed me because he was before me.’ ”) Out of his fullness we have all received grace in place of grace already given. For the law was given through Moses; grace and truth came through Jesus Christ. No one has ever seen God, but the one and only Son, who is himself God and is in closest relationship with the Father, has made him known. Now this was John’s testimony when the Jewish leaders in Jerusalem sent priests and Levites to ask him who he was. He did not fail to confess, but confessed freely, “I am not the Messiah.” They asked him, “Then who are you? Are you Elijah?” He said, “I am not.” “Are you the Prophet?” He answered, “No.” Finally they said, “Who are you? Give us an answer to take back to those who sent us. What do you say about yourself?” John replied in the words of Isaiah the prophet, “I am the voice of one calling in the wilderness, ‘Make straight the way for the Lord.’ ” Now the Pharisees who had been sent questioned him, “Why then do you baptize if you are not the Messiah, nor Elijah, nor the Prophet?” “I baptize with water,” John replied, “but among you stands one you do not know. He is the one who comes after me, the straps of whose sandals I am not worthy to untie.” This all happened at Bethany on the other side of the Jordan, where John was baptizing. The next day John saw Jesus coming toward him and said, “Look, the Lamb of God, who takes away the sin of the world! This is the one I meant when I said, ‘A man who comes after me has surpassed me because he was before me.’ I myself did not know him, but the reason I came baptizing with water was that he might be revealed to Israel.” Then John gave this testimony: “I saw the Spirit come down from heaven as a dove and remain on him. And I myself did not know him, but the one who sent me to baptize with water told me, ‘The man on whom you see the Spirit come down and remain is the one who will baptize with the Holy Spirit.’ I have seen and I testify that this is God’s Chosen One.” The next day John was there again with two of his disciples. When he saw Jesus passing by, he said, “Look, the Lamb of God!” When the two disciples heard him say this, they followed Jesus. Turning around, Jesus saw them following and asked, “What do you want?” They said, “Rabbi” (which means “Teacher”), “where are you staying?” “Come,” he replied, “and you will see.” So they went and saw where he was staying, and they spent that day with him. It was about four in the afternoon. Andrew, Simon Peter’s brother, was one of the two who heard what John had said and who had followed Jesus. The first thing Andrew did was to find his brother Simon and tell him, “We have found the Messiah” (that is, the Christ). And he brought him to Jesus. Jesus looked at him and said, “You are Simon son of John. You will be called Cephas” (which, when translated, is Peter). The next day Jesus decided to leave for Galilee. Finding Philip, he said to him, “Follow me.” Philip, like Andrew and Peter, was from the town of Bethsaida. Philip found Nathanael and told him, “We have found the one Moses wrote about in the Law, and about whom the prophets also wrote—Jesus of Nazareth, the son of Joseph.” “Nazareth! Can anything good come from there?” Nathanael asked. “Come and see,” said Philip. When Jesus saw Nathanael approaching, he said of him, “Here truly is an Israelite in whom there is no deceit.” “How do you know me?” Nathanael asked. Jesus answered, “I saw you while you were still under the fig tree before Philip called you.” Then Nathanael declared, “Rabbi, you are the Son of God; you are the king of Israel.” Jesus said, “You believe because I told you I saw you under the fig tree. You will see greater things than that.” He then added, “Very truly I tell you, you will see ‘heaven open, and the angels of God ascending and descending on’ the Son of Man.”

Pataje
Li Jan 1

Jan 1:15-51 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Jean, son témoin, a proclamé publiquement : Voici celui dont je vous ai parlé lorsque j’ai dit : Celui qui vient après moi m’a précédé, car il existait déjà avant moi. Nous avons tous été comblés de ses richesses. Il a déversé sur nous une grâce après l’autre. En effet, si la Loi nous a été donnée par Moïse, la grâce et la vérité sont venues par Jésus-Christ. Personne n’a jamais vu Dieu : Dieu, le Fils unique qui vit dans l’intimité du Père, nous l’a révélé. Voici le témoignage de Jean, lorsque les Juifs lui envoyèrent de Jérusalem une délégation de prêtres et de lévites pour lui demander : « Qui es-tu ? » Il dit clairement la vérité, sans se dérober, et leur déclara ouvertement : Je ne suis pas le Messie. – Mais alors, continuèrent-ils, qui es-tu donc ? Es-tu Elie  ? – Je ne le suis pas. – Es-tu le Prophète ? – Non. – Mais enfin, insistèrent-ils, qui es-tu ? Il faut bien que nous rapportions une réponse à ceux qui nous ont envoyés. Que dis-tu de toi-même ? – Moi ? répondit-il, je suis cette voix dont parle le prophète Esaïe, la voix de quelqu’un qui crie dans le désert : Préparez le chemin pour le Seigneur ! Les envoyés étaient du parti des pharisiens. Ils continuèrent de l’interroger : Si tu n’es pas le Messie, ni Elie, ni le Prophète, pourquoi donc baptises-tu ? – Moi, leur répondit Jean, je vous baptise dans l’eau, mais au milieu de vous se trouve quelqu’un que vous ne connaissez pas. Il vient après moi, mais je ne suis pas digne de dénouer la lanière de ses sandales. Cela se passait à Béthanie, à l’est du Jourdain, là où Jean baptisait. Le lendemain, Jean aperçut Jésus qui se dirigeait vers lui ; alors il s’écria : Voici l’Agneau de Dieu, celui qui enlève le péché du monde. C’est de lui que je vous ai parlé lorsque je disais : « Un homme vient après moi, il m’a précédé, car il existait déjà avant moi. » Moi non plus, je ne savais pas que c’était lui, mais si je suis venu baptiser dans l’eau, c’est pour le faire connaître au peuple d’Israël. Jean-Baptiste rendit ce témoignage : J’ai vu l’Esprit descendre du ciel comme une colombe et se poser sur lui. Je ne savais pas que c’était lui, mais Dieu, qui m’a envoyé baptiser dans l’eau, m’avait dit : Tu verras l’Esprit descendre et se poser sur un homme ; c’est lui qui baptisera dans le Saint-Esprit. Or, cela, je l’ai vu de mes yeux, et je l’atteste solennellement : cet homme est le Fils de Dieu. Le lendemain, Jean était de nouveau là, avec deux de ses disciples. Il vit Jésus qui passait, et il dit : Voici l’Agneau de Dieu ! Les deux disciples entendirent les paroles de Jean et se mirent à suivre Jésus. Celui-ci se retourna, vit qu’ils le suivaient et leur demanda : Que désirez-vous ? – Rabbi – c’est-à-dire Maître – , lui dirent-ils, où habites-tu ? – Venez, leur répondit-il, et vous le verrez. Ils l’accompagnèrent donc et virent où il habitait. Il était environ quatre heures de l’après-midi. Ils passèrent le reste de la journée avec lui. André, le frère de Simon Pierre, était l’un de ces deux hommes qui, sur la déclaration de Jean, s’étaient mis à suivre Jésus. Il alla tout d’abord voir son frère Simon et lui dit : Nous avons trouvé le Messie (ce qui se traduit par Christ). Et il le conduisit auprès de Jésus. Jésus le regarda attentivement et lui dit : Tu es Simon, fils de Jonas. Eh bien, on t’appellera Céphas – ce qui veut dire Pierre. Le lendemain, Jésus décida de retourner en Galilée. Il rencontra Philippe et lui dit : Suis-moi ! Philippe était originaire de Bethsaïda, la ville d’André et de Pierre. Philippe, à son tour, alla voir Nathanaël et lui dit : Nous avons trouvé celui dont Moïse a parlé dans la Loi et que les prophètes ont annoncé : c’est Jésus, le fils de Joseph, de la ville de Nazareth. – De Nazareth ? répondit Nathanaël. Que peut-il venir de bon de Nazareth ? – Viens et vois toi-même ! répondit Philippe. Jésus vit Nathanaël s’avancer vers lui. Alors il dit : Voilà un véritable Israélite, un homme d’une parfaite droiture. – D’où me connais-tu ? lui demanda Nathanaël. – Avant même que Philippe t’appelle, lui répondit Jésus, lorsque tu étais sous le figuier, je t’ai vu. – Maître, s’écria Nathanaël, tu es le Fils de Dieu, tu es le Roi d’Israël ! – Tu crois, lui répondit Jésus, parce que je t’ai dit que je t’ai vu sous le figuier ? Tu verras de bien plus grandes choses encore. Et il ajouta : Oui, je vous l’assure, vous verrez le ciel ouvert et les anges de Dieu monter et descendre entre ciel et terre par l’intermédiaire du Fils de l’homme.

Pataje
Li Jan 1