Jeremi 36

36
Bawouk li liv mesay Jeremi an nan Tanp lan
1Senyè a pale ak Jeremi ankò. Lè sa a, Jojakim, #Jer 25.1; 45.1 pitit Jozyas la, t'ap mache sou katran depi li te wa peyi Jida. Men sa Senyè a te di Jeremi:
2— Pran #Jer 1.2; 25.3,15-26; 30.2; 46.1—51.64 yon woulo papye, ekri tou sa mwen te di ou sou peyi Izrayèl la, sou peyi Jida ak sou tout lòt nasyon yo. W'a ekri tout mesaj mwen te ba ou, depi sou reny Jozyas rive jouk jodi a. 3Ou #Jer 18.8; 26.3; Eze 12.3 pa janm konnen, lè moun peyi Jida yo va tande tout malè mwen fè lide voye sou yo, y'a konprann, y'a manyè kite move pant y'ap swiv la. Lè sa a, m'a padonnen tout mechanste ak peche yo te fè yo.
4Se #Jer 32.12 konsa, Jeremi rele Bawouk, pitit gason Nerija a, li dikte l tout mesay Senyè a te ba li epi Bawouk ekri yo nan woulo liv la. 5Apre #Jer 32.2 sa, Jeremi bay Bawouk lòd sa yo:
— Yo defann mwen antre nan Tanp Senyè a. Mwen pa ka mete pye m la. 6Men ou menm, ou prale nan Tanp lan jou pou pèp la fè jèn lan. Ou pral li nan woulo liv ou te ekri a tou sa mwen te dikte ou la, tout mesay Senyè a te bay yo. Ou pral li l byen fò pou tout moun ki nan Tanp lan ka tande, pou moun ki sòti nan lavil peyi Jida yo ka tande tou. 7Ou pa janm konnen, yo ka pran lapriyè nan pye Bondye, y'a manyè kite move pant yo t'ap swiv la. Paske Senyè a fè yo konnen li move anpil, li fache anpil sou pèp la.
8Bawouk, pitit Nerija a, fè tou sa Jeremi te ba li lòd fè a. Li kanpe nan mitan Tanp lan, li li mesay Senyè yo ki te nan liv la.
9Se #2 Kwo 20.3 te nan nevyèm mwa senkyèm lanne reny Jojakim, pitit Jozyas la, yo te bay lòd pou tout moun lavil Jerizalèm yo ansanm ak tout moun ki te sòti nan lavil peyi Jida yo epi ki te nan lavil Jerizalèm lan pou yo fè yon sèvis jèn pou mande Senyè a gras.
10#Jer 26.10,24; 40.5 sa a, Bawouk pran liv mesay Jeremi yo, li li l nan Tanp lan pou tout moun ka tande. Li te kanpe devan pyès chanm Gemarya, pitit gason Chafan an, ki te sekretè Tanp lan. Chanm lan te bay sou gwo lakou anwo a, toupre kote yo pase pou antre nan Pòtay Nèf Tanp Senyè a.
Bawouk li liv la pou chèf yo
11Miche, pitit Gemarya a, pitit pitit Chafan an, te tande tout mesay Senyè yo ki te ekri nan liv la. 12Apre #Jer 26.22 sa, l'ale lakay wa a, nan biwo sekretè wa a, kote li jwenn tout gwo chèf yo reyini ap travay. Te gen Elichama, sekretè palè a, Delaya, pitit gason Chemaya, Elnatan, pitit Achbò, Gemarya, pitit Chafan, Zedekya, pitit Ananya, ak tout lòt gwo chèf yo. 13Miche di yo tou sa li te sot tande Bawouk ap li nan zòrèy pèp la. 14Lè sa a, gwo chèf yo voye Jeoudi bò kote Bawouk. Jeoudi sa a, se te pitit Netanya, pitit pitit Chelemya, pitit pitit pitit Kouchi. L'al di Bawouk pou li pote woulo liv li te li nan zòrèy pèp la bay chèf yo. Bawouk pote woulo liv la ba yo. 15Yo di l konsa:
— Chita la, li l pou nou tande.
Bawouk li liv la pou yo. 16Lè yo tande tou sa ki te nan liv la, yo vin pè. Yonn pran gade lòt, epi yo di: #36.16: epi yo di: Men nan tèks ebre a nou jwenn: epi yo di Bawouk konsa.
— Se pou n'al fè wa a konnen bagay sa yo.
17Lèfini, yo mande Bawouk:
— Mangè di nou ki jan ou te fè ka ekri tout bagay sa yo. Se Jeremi ki te dikte ou yo?
18Bawouk reponn yo:
— Se Jeremi menm ki te dikte tout mesay sa yo. Mwen menm, mwen kouche yo sou woulo liv la ak lank.
19Lè sa a, chèf yo di Bawouk:
— Al kache tande, ou menm ansanm ak Jeremi. Pa kite pyès moun konnen kote nou ye.
Wa a boule liv la
20Chèf yo kite woulo liv la lakay Elichama, sekretè palè a, y'ale nan lakou palè a, y'al rapòte wa a tout bagay. 21Lè sa a atò, wa a voye Jeoudi al chache woulo liv la lakay Elichama, sekretè a. Jeoudi pote liv la vini. Li tanmen li li byen fò pou wa a ansanm ak lòt chèf ki te kanpe bò wa a. 22Se #Am 3.15 te nan sezon fredi, nan nevyèm mwa a, wa a te nan kay kote li konn pase tan fredi a, li te chita devan yon gwo recho dife tou limen. 23Chak fwa Jeoudi te fin li twa ou kat kolòn nan liv la, wa a koupe yo ak yon ti kouto epi li jete yo nan dife a. Konsa konsa, jouk li boule tout woulo liv la. 24Men, #Joz 7.6 ni wa a ni chèf li yo pat gen kè kase, ni yo pat fè anyen pou moutre yo te nan lapenn lè yo tande tou sa ki te nan woulo liv la. 25Elnatan, pitit Delaja, ak Gemarya te lapriyè nan pye wa a pou li pat boule woulo liv la. Men, wa a pa koute yo. 26Okontrè, #Jer 45.1-3 li pale ak Jerakmeyèl, pitit li a, ansanm ak Seraja, pitit Azryèl la, ak Chelemya, pitit Abdeyèl la. Li ba yo lòd pou yo arete pwofèt Jeremi ansanm ak Bawouk, sekretè l la. Men Senyè a pa kite yo jwenn yo.
Jeremi ekri yon dezyèm woulo liv
27Apre wa a te fin boule woulo liv ki te gen tout mesay Jeremi te dikte Bawouk la, Senyè a pale ak Jeremi ankò. Li di l konsa:
28— Al chache yon lòt woulo papye. Ekri tou sa ki te nan premye woulo Jojakim, wa peyi Jida a, te boule a. 29Lèfini, #Jer 26.9 men sa w'a di sou Jojakim, wa Jida a. Senyè a pale, li di konsa: Ou boule woulo liv la, pa vre? Epi ou mande Jeremi poukisa li te ekri wa Babilòn lan gen pou l vini pou l kraze peyi a, pou l touye dènye moun ak dènye bèt ki ladan l. 30Se #Jer 22.19,30 poutèt sa, kounyeya, men mesay mwen menm Senyè a m'ap bay sou Jojakim, wa peyi Jida a: P'ap janm gen yonn nan pitit li yo ki pou chita sou fòtèy David la pou gouvènen nan plas li. Kadav li pral rete atè konsa, pou chalè solèy bat li lajounen, pou fredi bat li lannwit. 31M'ap pini yo, ni li menm ni pitit li yo, ni chèf li yo pou tou sa yo fè ki mal. Ni yo, ni moun lavil Jerizalèm yo, ni moun peyi Jida yo pat koute m lè mwen t'ap avèti yo. M'ap voye sou yo malè mwen te di m'ap voye a.
32Se konsa Jeremi pran yon lòt woulo liv. Li bay Bawouk, sekretè li a, pitit Nerija a. Bawouk menm ekri tou sa Jeremi te di l. Li ekri tout mesay ki te nan premye woulo liv wa Jojakim te boule a, ansanm ak anpil lòt mesay menm jan ak premye yo.

Chwazi Kounye ya:

Jeremi 36: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte