Jeremi 29

29
Lèt Jeremi voye bay depòte yo
1Pwofèt Jeremi rete lavil Jerizalèm li voye yon #Eze 8.1 lèt bay tout moun Nebikadneza te depòte sòti lavil Jerizalèm ale lavil Babilòn, ki vle di bay chèf fanmi, prèt, pwofèt ak tout rès pèp lavil Jerizalèm wa a te fè depòte. 2Se #Jer 24.1 te apre yo te fin pran wa Jekonya, manman li, gwo zotobre nan palè a, chèf peyi Jida ak chèf lavil Jerizalèm yo, atizan yo, bòs fòjon yo pou depòte yo. 3Jeremi renmèt lèt la nan men de moun Sedesyas, wa peyi Jida a, t'ap voye bò kote Nebikadneza, wa Babilòn lan. Se te Elasa, pitit Chafan ak Gemarya, pitit Ilkija. Jeremi voye di yo nan lèt la:
4— Men mesay Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, voye pou tout moun li te fè yo pran lavil Jerizalèm pou depòte jouk lavil Babilòn. 5Nou mèt bati kay pou nou rete, nou mèt plante jaden pou nou manje. 6Marye, fè pitit. Marye pitit gason nou yo, marye pitit fi nou yo pou yo ka fè pitit. Kote nou ye laba a, peple. Pa kite nou fin mouri. 7Travay #Esd 6.10; 1 Tim 2.1,2 pou fè zafè peyi kote Senyè a depòte nou an mache byen. Lapriyè Senyè a pou moun yo. Paske si sa bon pou yo, l'a bon pou nou tou. 8Wi, #Jer 5.31; 27.9 men avètisman, Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, voye ban nou: Pa koute rèv nou fè, pa bay revelasyon nou mande yo fè pou nou yo okenn enpòtans. #29.8: rèv yo fè: Dapre tèks ebre a: rèv nou fè. 9Se pou yo ka twonpe nou pi byen kifè yo pran non m mete devan. Se pa mwen ki voye yo. Se mwen menm Senyè a ki di sa.
10Senyè a #Jer 25.12; 27.22; 33.14 di ankò: Lè lavil Babilòn lan va rive sou swasanndizan depi li kanpe a, m'a vin vizite nou, m'a fè kichòy pou nou. M'a kenbe bèl pwomès mwen te fè nou an, m'a fè nou tounen lakay nou ankò. 11Se #Jer 31.17; 33.3; Da 9.3 mwen menm ki konnen sa m'gen nan tèt nou pou nou. Se mwen menm Senyè a k'ap pale. Se pwojè byen mwen gen pou nou, se pa pwojè malè. Sa mwen vle pou nou, se yon denmen ki chaje espwa. 12#Jer 33.3 sa a, n'a rele m, n'a vin lapriyè nan pye m, m'a reponn nou.
13N'a #Det 4.29; 2 Kwo 15.2; Pwo 8.17; Jer 24.7 chache m, n'a jwenn mwen paske n'a chache m ak tout kè nou. 14Wi, #Det 30.3; Jer 23.3 m'a kite nou jwenn mwen. Se mwen menm ki di sa. M'a fè peyi nou an kanpe ankò. M'ap pase men m ranmase nou nan tout peyi toupatou kote m te gaye nou yo. M'ap mennen nou tounen kote m te pran nou pou m te depòte nou an. Se mwen menm Senyè a ki di sa.
15Senyè a voye di nou sa paske nou pretann di li voye pwofèt ban nou lavil Babilòn. 16#29.16-20: Nou pa jwenn vèsè sa yo nan tèks ebre a. Enben, #Jer 22.2 men sa Senyè a di sou wa ki chita sou fòtèy wa David la, sou pèp lavil Jerizalèm la, ki vle di rès fanmi yo pat depòte ansanm ak nou yo. 17Wi. #Jer 24.8,10 Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di: Mwen pral voye lagè, grangou ak move maladi sou yo. M'ap fè yo tounen tankou vye fig pouri moun pa ka manje. 18M'ap #Jer 24.9; 42.18 rete la dèyè yo ak lagè, grangou, move maladi. Tout nasyon sou latè pral sezi lè y'a wè sa ki rive yo. Nan tout peyi kote mwen pral gaye yo, moun pral fè sezisman, y'ap mete men nan tèt lè y'a wè yo. Y'a pran non yo pou sèvi jouman, pou bay moun madichon. 19Tou #Jer 25.4 sa va rive yo paske yo pat vle koute sa m t'ap di yo. Se Senyè a menm ki di sa. Malgre mwen pat sispann voye pwofèt yo, sèvitè m yo, ba yo, yo pa janm vle koute. 20Men, nou menm Senyè a te pran lavil Jerizalèm pou l depòte lavil Babilòn, manyè koute sa Senyè a ap di nou!
21Men #Jer 14.14 mesay Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay sou Akab, pitit Kolaja, ansanm ak Sedesyas, pitit Maseja, ki t'ap pran non Senyè a pou bay manti. Mwen pral lage yo nan men Nebikadneza, wa Babilòn lan, ki pral fè touye yo la devan nou tout. 22Apre #Eza 65.15; Jer 24.9; Da 3.6 sa, lè moun peyi Jida yo te depòte lavil Babilòn yo va bezwen bay moun madichon y'a sèvi ak non mesye sa yo. Y'a di: Se pou Senyè a fè ou sa l te fè Sedesyas ansanm ak Akab wa Babilòn lan te fè boule tou vivan. 23Se #Jer 23.14; Mal 3.5 sa k'ap rive yo, paske yo te yon gwo wont pou pèp Izrayèl la. Yo fè adiltè ak madanm jwif parèy yo, lèfini y'ap pran non mwen pou bay manti, pou bay mesay mwen pat mete nan bouch yo. Mwen konnen sa yo fè, mwen te wè yo ak je m. Se Senyè a menm ki di sa.
Lèt Chemaja a
24Senyè a te bay pwofèt Jeremi yon mesay pou Chemaja, moun Nekelam, 25paske #2 Wa 25.18; Jer 21.1; 35.4 Chemaja te pran reskonsabilite voye yon lèt bay yon prèt yo te rele Sefanya, pitit Maseja, pou tout lòt prèt yo ansanm ak tout moun lavil Jerizalèm yo. Chemaja te voye di yo:
26— Senyè a #2 Wa 9.11; 11.14,15; Jer 20.1,2 te fè ou prèt nan plas Jeojada pou veye sa k'ap pase nan Tanp lan. Se devwa ou pou ou pran tout moun fou k'ap pran pòz pwofèt yo pou mete yo nan chenn ak yon kolye fè nan kou yo. 27Poukisa #Jer 32.7 ou pa fè anyen ak Jeremi, nonm Anatòt la, k'ap pran pòz pwofèt li nan mitan pèp la? 28Men kounyeya li ekri nou isit lavil Babilòn, li voye di nou n'ap rete lontan nan sitirasyon sa a. Nou mèt bati kay pou nou rete, nou mèt plante jaden pou nou ka manje.
29Sefanya, prèt la, te li lèt la bay pwofèt Jeremi. 30Lè sa a, Senyè a bay Jeremi lòd sa a:
31— Voye #Jer 5.31 mesay sa a bay tout moun yo depòte lavil Babilòn yo. Men sa Senyè a di sou Chemaja, moun Nekelam. Chemaja pran pòz pwofèt li, men se pa mwen ki voye l. Li fè nou bwè yon bann manti. 32Se #Jer 17.6; 28.16 poutèt sa, mwen menm Senyè a, mwen pral pini Chemaya ansanm ak tout kòt fanmi li. Mwen p'ap kite yon moun nan fanmi li vivan nan mitan nou pou wè bèl bagay mwen pral fè pou pèp mwen an, paske li te moute tèt pèp la kont Bondye, Senyè a.

Chwazi Kounye ya:

Jeremi 29: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an