Jeremi 29:1-14

Jeremi 29:1-14 HAT98

Pwofèt Jeremi rete lavil Jerizalèm li voye yon lèt bay tout moun Nebikadneza te depòte sòti lavil Jerizalèm ale lavil Babilòn, ki vle di bay chèf fanmi, prèt, pwofèt ak tout rès pèp lavil Jerizalèm wa a te fè depòte. Se te apre yo te fin pran wa Jekonya, manman li, gwo zotobre nan palè a, chèf peyi Jida ak chèf lavil Jerizalèm yo, atizan yo, bòs fòjon yo pou depòte yo. Jeremi renmèt lèt la nan men de moun Sedesyas, wa peyi Jida a, t'ap voye bò kote Nebikadneza, wa Babilòn lan. Se te Elasa, pitit Chafan ak Gemarya, pitit Ilkija. Jeremi voye di yo nan lèt la: — Men mesay Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, voye pou tout moun li te fè yo pran lavil Jerizalèm pou depòte jouk lavil Babilòn. Nou mèt bati kay pou nou rete, nou mèt plante jaden pou nou manje. Marye, fè pitit. Marye pitit gason nou yo, marye pitit fi nou yo pou yo ka fè pitit. Kote nou ye laba a, peple. Pa kite nou fin mouri. Travay pou fè zafè peyi kote Senyè a depòte nou an mache byen. Lapriyè Senyè a pou moun yo. Paske si sa bon pou yo, l'a bon pou nou tou. Wi, men avètisman, Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, voye ban nou: Pa koute rèv nou fè, pa bay revelasyon nou mande yo fè pou nou yo okenn enpòtans. Se pou yo ka twonpe nou pi byen kifè yo pran non m mete devan. Se pa mwen ki voye yo. Se mwen menm Senyè a ki di sa. Senyè a di ankò: Lè lavil Babilòn lan va rive sou swasanndizan depi li kanpe a, m'a vin vizite nou, m'a fè kichòy pou nou. M'a kenbe bèl pwomès mwen te fè nou an, m'a fè nou tounen lakay nou ankò. Se mwen menm ki konnen sa m'gen nan tèt nou pou nou. Se mwen menm Senyè a k'ap pale. Se pwojè byen mwen gen pou nou, se pa pwojè malè. Sa mwen vle pou nou, se yon denmen ki chaje espwa. Lè sa a, n'a rele m, n'a vin lapriyè nan pye m, m'a reponn nou. N'a chache m, n'a jwenn mwen paske n'a chache m ak tout kè nou. Wi, m'a kite nou jwenn mwen. Se mwen menm ki di sa. M'a fè peyi nou an kanpe ankò. M'ap pase men m ranmase nou nan tout peyi toupatou kote m te gaye nou yo. M'ap mennen nou tounen kote m te pran nou pou m te depòte nou an. Se mwen menm Senyè a ki di sa.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an