Jeremi 10

10
Zidòl yo devan Bondye
1Men, koute sa Senyè a di sou nou, nou menm moun pèp Izrayèl yo.
2Li di konsa:
— Piga nou swiv lòt nasyon yo.
Nou pa bezwen pèdi tèt nou lè nou wè siy nan syèl la.
Se moun lòt nasyon yo ki pou pè lè konsa.
3Relijyon #Eza 40.19,20; 41.7 moun sa yo pa vo anyen.
Yo koupe yon pyebwa nan rakbwa,
yo fè yon bòs atizan travay li ak sizo.
4Yo dekore l ak ajan, ak lò.
Yo pran mato ak klou yo kloure l pou fè l kanpe pou l pa tonbe.
5Bondye #Sòm 115.5,7; Eza 41.23; 46.7; Aba 2.18,19 sa yo kanpe tankou pikèt nan jaden konkonm.
Yo pa ka pale.
Se pote pou yo pote yo paske yo pa ka mache.
Nou pa bezwen pè yo paske yo pa ka fè anyen, ni anbyen ni anmal.
6Senyè, #Egz 15.11; Sòm 86.8,10 pa gen tankou ou!
Ou gen pouvwa. Yo respekte ou pou sa ou fè.
7Ou #Jer 5.22; Rev 15.4 se wa tout nasyon. Ki moun ki pa ta gen krentif pou ou!
Nan tout moun lespri ki sou latè,
nan tout chèf yo, pa gen tankou ou!
8Yo tout se yon bann egare san konprann.
Kisa zidòl bwa yo ka moutre yo pase sa?
9Ajan #1 Wa 10.22; Sòm 115.4; Eza 40.19 an, se nan peyi Tasis #10.9: Tasis: Se konsa yo te rele peyi Lespay nan tan sa a. li sòti an fèy plat.
Lò a sòti nan peyi Oufaz.
Tou sa se travay bòs atizan ak bòs fòjon.
Yo pran twal vyolèt ak twal wouj
pou fè rad mete sou zidòl yo.
Sa tou, se atizan ki fè yo ak men.
10Men #Sòm 42.2 ou menm Senyè, ou se Bondye tout bon an,
Bondye vivan an, Wa ki la pou tout tan an.
Lè ou ankòlè, tout latè pran tranble,
nasyon yo pa ka sipòte.
11Nou #Sòm 96.5; Eza 2.18; Zak 13.2 menm, moun pèp Izrayèl yo, n'a di moun lòt nasyon yo konsa: Tout bondye sa yo ki pat fè syèl la ak latè a pral disparèt sou latè, yo yonn p'ap rete anba syèl la.
Lwanj pou Bondye
(Jeremi 51.15-19)
12Senyè a #Jer 51.15-19 te #Jen 1.1; Sòm 104.5; Pwo 3.19 fè latè ak fòs pouvwa li.
Li kreye dènye bagay ak bon konprann li.
Avèk entelijans li, li louvri syèl la anwo latè.
13Li #Jòb 5.10; 38.34; Sòm 135.7; Jer 14.22 pase lòd, epi dlo ki anwo syèl la pran gwonde.
Li fè gwo nyaj yo moute sòti toupatou.
Li fè zèklè yo klere pou fè lapli vini.
Li fè van yo sòti kote li te sere yo.
14#Eza 42.17; Wòm 1.22 konsa tout moun rete egare, yo pa konprann anyen.
Moun k'ap fè zidòl yo wont sa yo fè a,
paske bondye yo fè yo se fo bondye yo ye, yo pa gen lavi nan yo.
15Yo pa vo anyen. Yo bon pou pase nan betiz.
Y'ap disparèt lè Senyè a ap vin regle ak yo.
16Men, #Det 32.9; Sòm 16.5; Eza 47.4; Jer 50.34 Bondye Jakòb la pa tankou yo.
Se li menm ki fè tout bagay.
Li chwazi pèp Izrayèl la pou rele l pa l.
Senyè ki gen tout pouvwa a, se konsa yo rele l.
Yo gen pou yo depòte pèp la
17Nou #Jer 6.1; Eze 12.3 menm moun lavil Jerizalèm, lènmi sènen nou toupatou.
Ranmase pakèt nou!
18Men #1 Sam 25.29 sa Senyè a di nou:
Fwa sa a mwen pral mete nou deyò nan peyi a.
M'ap bare chemen nou pou nou yonn pa chape.
19Moun #Jer 14.17 Jerizalèm yo rele:
— Ki malè sa a pou nou! Nou pran!
Pa gen anyen ki ka sove nou!
Nou te kwè se yon malè nou ta ka sipòte.
20Yo #Eza 54.2; Jer 4.20; 31.15 ravaje tout tant nou yo.
Yo koupe tout kòd ki te kenbe yo.
Nou pèdi tout pitit nou yo, yo pote yo ale.
Pa gen pèsonn pou mete tant nou yo kanpe ankò,
pèsonn pou moute rido nou yo.
21Mwen #Jer 23.1; Eze 34.2,5,6 reponn:
— Chèf nou yo fin pèdi tèt yo.
Yo pa mande Bondye konsèy.
Se poutèt sa yo pat kapab fè anyen.
Yo kite pèp la andebandad.
22Koute #Jer 1.13 non! Nouvèl la ap kouri vini!
Gen yon gwo mouvman nan peyi bò nò a.
Lame l yo pral fè lavil peyi Jida yo tounen mazi,
kote bèt nan bwa rete.
23Senyè, #Pwo 20.24; Da 5.23 mwen konnen pèsonn pa mèt tèt yo,
pèsonn pa ka kontwole kote yo prale.
24Korije #Sòm 6.1; Jer 30.11 pèp ou a, Senyè. Men, pa peze l twòp!
Pa fè kòlè sou li, paske w'a fini avè l.
25Mete #Sòm 79.6,7; Jer 8.16 ou ankòlè sou nasyon ki pa konnen ou yo,
sou pèp ki p'ap sèvi ou yo.
Paske se yo menm k'ap fin touye pitit Jakòb yo.
Y'ap touye yo nèt. Yo fin ravaje peyi kote nou rete a.

Chwazi Kounye ya:

Jeremi 10: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an