Jeremi 1

1
1Men pawòl Jeremi, pitit Ilkija ki te yonn nan prèt Anatòt yo, te di lè li te nan peyi branch fanmi Benjamen an. 2#2 Wa 22.1-20; 23.1-30; Jer 25.3 Senyè a te pale ak Jeremi an, Jozyas, pitit gason Amon an, t'ap mache sou trèzan depi li te wa peyi Jida. 3Apre #2 Wa 23.34—24.6; 24.17—25.11; Jer 25.1; 39.2 sa, Senyè a pale avè l ankò. Lè sa a, se Jojakim, pitit gason Jozyas la, ki te wa nan peyi Jida. Anpil fwa menm apre sa, Senyè a pale avèk Jeremi, rive sou onzyèm lanne reny wa Sedesyas, pitit gason Jozyas la, jouk senkyèm mwa nan lanne sa a, lè yo depòte moun lavil Jerizalèm yo.
Bondye rele Jeremi
4Senyè a pale avè m, li di m konsa:
5— Mwen #Eza 44.2; 49.6 te konnen ou
anvan menm mwen te ba ou
lavi nan vant manman ou.
Mwen te mete ou apa pou mwen anvan menm ou te fèt.
Mwen te chwazi ou pou te pwofèt lòt nasyon yo.
6Mwen #Egz 4.10; 1 Wa 3.7 reponn li:
— Aa! Senyè Bondye sèl mèt!
Se timoun mwen ye.
Mwen pa konn pale.
7Men, Senyè a di mwen:
— Pa di se timoun ou ye.
Ou gen pou ou ale
bò kote tout moun m'ap voye ou.
W'a di yo tou sa m'a ba ou lòd di yo.
8Ou #Egz 3.12; Jer 15.20; Eze 2.6; 3.9; Tra 18.9,10 pa bezwen pè pèsonn.
Paske m'ap kanpe la avè ou pou m pwoteje ou.
Se mwen menm Senyè a ki di ou sa.
9Apre #Eza 6.7; Eze 2.9 sa, Senyè a lonje men l, li manyen bouch mwen. Epi li di m:
— Men mwen mete pawòl mwen nan bouch ou.
10Jòdi a, #Jer 18.7; 31.28; 2 Kor 10.4,5 m'ap ba ou otorite
sou pèp yo ak sou gouvènman yo,
pou ou derasinen, pou ou koupe,
pou ou kraze, pou ou demoli,
pou ou bati, pou ou plante.
Vizyon branch zanman ak chodyè
11Senyè a #Am 7.8 pale avè mwen, li di mwen ankò:
— Kisa ou wè la a, Jeremi?
Mwen reponn li:
— Mwen wè yon branch zanmann #1.11: zanmann: Nan lang ebre a mo ki vle di zanmann lan sonnen menm jan ak mo ki vle di veye a. Konsa, gen yon ti jwèt pawoli nan vèsè sa yo ki pa pase nan lang ayisyen an. ki rete tankou l'ap veye.
12Lè sa a, Senyè a di:
— Se sa menm!
Mwen menm, m'ap veye
pou sa m di a rive vre.
13Apre #Jer 4.6; 6.1,22; Eze 24.3 sa, Senyè a pale avè m', li di m' yon lòt fwa ankò, li di m':
— Kisa ou wè la a?
Mwen reponn li:
— Mwen wè yon chodyè k'ap bouyi sou dife.
Vapè chodyè a ap desann soti nan nò.
14Lè sa a Senyè a fè m konnen:
— Yon gwo malè pral sòti nan nò,
l'ap tonbe sou tout moun ki rete nan peyi a.
15Paske #Jer 25.9; 39.3 m'ap rele tout ras moun ki rete nan peyi sou bò nò yo pou yo vini.
Se mwen menm Senyè a ki di sa.
Y'a vini, y'a mete fòtèy wa yo devan pòtay lavil Jerizalèm.
Y'ap fè wonn miray ranpa l yo,
y'ap atake tout lavil nan peyi Jida yo.
16M'a #2 Wa 22.17; Eza 2.8; Jer 4.12; 7.9; 19.4; 25.6,7; Tra 7.41 pini moun nan peyi a jan m te di l la, paske yo te fè sa ki mal.
Yo vire do ban mwen, y'al boule lansan pou lòt bondye.
Yo fè zidòl, lèfini yo fè sèvis pou yo.
17Men #Eze 3.9 ou menm, Jeremi, mete gason sou ou!
Leve non! Di yo tou sa mwen ba ou lòd di.
Ou pa bezwen pè yo.
Si ou pè yo, m'ap fè ou pi pè yo lè w'a devan yo.
18Jodi a, m'ap ba ou fòs pou kenbe tèt ak tout moun nan peyi Jida a:
ak wa li yo, ak chèf li yo, ak prèt li yo, ak tout rès pèp la.
W'ap tankou yon vil ak yon gwo miray ranpa, tankou yon poto fè, tankou yon miray kwiv.
19Yo #Jer 6.27; 15.20 tout pral leve dèyè ou.
Men, yo p'ap ka fè ou anyen.
Paske m'ap kanpe la avè ou pou m delivre ou.
Se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, ki di sa.

Chwazi Kounye ya:

Jeremi 1: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an