Jij 6

6
Jedeyon
1Pèp Izrayèl la lage kò l ankò nan fè sa ki #Jij 2.19 mal nan je Senyè a. Senyè a kite moun peyi Madyan yo mete pye sou kou yo pandan setan. 2Moun #1 Sam 13.6 peyi Madyan yo te pi fò pase moun pèp Izrayèl yo. Se poutèt sa, moun pèp Izrayèl yo al kache kò yo nan fon ravin, nan gwòt, nan twou wòch yo jwenn nan mòn yo. 3Chak #Jen 29.1; Jij 3.13; 6.33; 7.12; 8.10; 1 Wa 4.30; Jòb 1.3 fwa moun Izrayèl yo te fè yon ti plante, moun Madyan yo moute ansanm avèk moun Amalèk yo ak lòt bann moun k'ap viv sou bò solèy leve, yo vin atake yo. 4Yo #Det 28.30-33,51; Mi 6.15 moute tant yo sou tè moun Izrayèl yo, yo ravaje tout rekòt yo rive jouk toupre lavil Gaza. Yo pa kite anyen pou moun Izrayèl yo manje, pa menm yon mouton, yon bèf osinon yon bourik. 5#Jij 7.12 konsa, yo moute ak tout tant yo ak bann bèt yo. Yo moute an kantite, ou ta di bann krikèt vèt. Ou pa ka konte konbe ki genyen, ni kantite chamo yo mennen ak yo. Yo te vin nan peyi a pou ravaje l. 6Moun #Jij 3.9 peyi Madyan yo te fini ak moun Izrayèl yo. Lè sa a, moun Izrayèl yo kriye nan pye Senyè a, yo mande l sekou.
7Lè pèp Izrayèl la te kriye nan pye Senyè a pou moun peyi Madyan yo, 8Senyè a #Egz 20.2; 1 Sam 10.18 te voye yon pwofèt bay pèp la ki di yo:
— Men sa Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di nou: Se mwen menm ki te fè nou sòti nan peyi Lejip kote nou te nan esklavaj la. 9Mwen #Sòm 44.2,3 te delivre nou anba men moun Lejip yo ak anba men tout lòt moun ki t'ap malmennen nou isit la. Mwen mete yo deyò pou yo fè plas pou nou, lèfini mwen ban nou peyi moun sa yo pou nou rete. 10Mwen #Egz 20.3-5; 23.24; Joz 23.7; 24.15; 2 Wa 17.35-38 te di nou se mwen menm Senyè a ki Bondye nou an. Kounyeya nou rete nan peyi moun Amori yo, piga n'al sèvi bann bondye moun sa yo. Men, nou pat koute m lè m te pale nou.
11#Joz 17.2; Eb 11.32 sa a, zanj Senyè a vini, li chita anba pye chenn ki toupre bouk Ofra, ki te pou Jowas, moun fanmi Ebyezè yo. Jedeyon, pitit gason li a, t'ap bat ble ankachèt kote yo konn kraze rezen an, pou moun madyan yo pa te vin pran li nan men li. 12Zanj #Joz 1.5; Jij 13.3; Lik 1.11,28 Senyè a parèt devan l, li di l konsa:
— Bonjou, vanyan sòlda! Senyè a avè ou!
13Jedeyon #Sòm 44.1; 89.49; Eza 63.15 reponn li:
— Adye, mesye! Si Senyè a avè nou vre, manyè di m poukisa tout bagay sa yo rive nou! Kote tout bèl bagay zansèt nou yo te rakonte nou Senyè a te konn fè, jan se li menm ki te fè nou sòti kite peyi Lejip? Men kounyeya, Senyè a lage nou, li kite moun Madyan yo fè sa yo vle ak nou.
14#Egz 3.10-12; Joz 1.9; 1 Sam 12.11 sa a, Senyè a bay Jedeyon lòd sa a, li di l:
— Ale non. Avèk fòs kouray ou genyen an, w'a delivre pèp Izrayèl la anba men moun peyi Madyan yo. Se mwen menm menm ki voye ou!
15Jedeyon #Egz 3.11; 1 Sam 9.21; 18.18; Jer 1.6 reponn li!
— Tanpri, mèt! Avèk kisa mwen pral delivre pèp Izrayèl la? Fanmi mwen, se li ki gen pi piti moun nan branch fanmi Manase a. Lèfini, mwen menm pou tèt pa m, se mwen menm ki pi piti lakay papa m.
16Senyè a #Egz 3.12 di l:
— Ou ka fè l, paske m'ap kanpe la avè ou. Ou pral kraze moun Madyan yo tankou si se te yon sèl moun yo te ye.
17Jedeyon #Egz 4.1-8; 33.13; 2 Wa 20.8,9; Eza 7.11 reponn:
— Si reyèlman vre ou vle fè m favè sa a, ban m yon prèv se ou menm tout bon k'ap pale avè m la a. 18Tanpri, #Jen 18.3-5; Jij 13.15 pa deplase kote ou ye a jouk m'a pote yon ofrann mete nan pye ou.
Li reponn:
— M'ap rete la tann ou.
19Se #Jen 18.6-8 konsa, Jedeyon antre, li kwit yon jenn ti kabrit. Li pran yon mamit farin frans, li fè pen san li pa mete ledven ladan l. Li mete vyann lan nan yon ti panyen, li mete sòs vyann lan nan yon gode, li pote yo bay zanj Senyè a anba pye chenn lan. Li lonje yo ba li. 20Zanj #Jij 13.19 lan di l:
— Mete vyann lan ak pen yo sou gwo wòch ou wè la a, epi vide sòs la sou yo.
Jedeyon fè sa vre. 21Zanj #Lev 9.24; 1 Wa 18.38; 1 Kwo 21.26; 2 Kwo 7.1 Senyè a leve baton ki te nan men l lan, li lonje l, li manyen vyann lan ak pen yo ak pwent baton an. Yon dife sòti nan wòch la, li boule tout vyann lan ak pen yo. Epi, lamenm zanj Senyè a disparèt devan li. 22#Jen 32.30; Egz 33.20; Det 5.26; Jij 13.21,22 Jèdeyon wè se zanj Senyè a menm ki te parèt devan l, li di:
— Bondye Senyè o! Gade malè ki rive m non! Mwen wè zanj Senyè a fas pou fas!
23Men, #Da 10.19 Senyè a di l konsa:
— Ou pa bezwen pè. Poze san ou. Ou p'ap mouri pou sa.
24Jedeyon #Jen 22.14; 33.20; Egz 17.15; Joz 22.34; Jij 8.27,32 bati yon lotèl pou Senyè a lamenm. Epi li rele li: (Yave Chalòm) Senyè a se lapè. Jouk jodi a, lotèl la nan bouk Ofra, sou pwopyete moun Abyezè yo.
25Menm #Egz 34.13; Det 7.5; 12.3; Jij 3.7 jou lannwit sa a, Senyè a di Jedeyon konsa:
— Pran towo bèf papa ou la, ansanm ak yon lòt towo ki gen sètan. Kraze lotèl papa ou te fè pou Baal la. Koupe poto Achera ki bò kote l la. 26Moute sou ti bit sa a, bati yon lotèl pou Senyè a, Bondye ou la, jan yo konn fè l la. Lèfini, pran dezyèm towo a, boule l nèt sou lotèl la pou mwen nan dife w'a fè avèk moso poto Achera ou te koupe a.
27Jedeyon pran dis nan domestik li yo, epi li fè tou sa Senyè a te di l fè. Men, li te pè fanmi l yo ak lòt moun yo ki rete nan lavil la. Li pat fè sa lajounen, l'al fè l lannwit. 28Lè mesye yo ki rete nan lavil la leve granmaten, yo wè lotèl Baal la kraze, poto Achera a koupe, epi dezyèm towo a menm boule sou lotèl yo te bati la a. 29Yonn di lòt: Ki moun ki fè sa, en? Yo tonbe chache, yo t'ap mande moun ki jan sa fè fèt. Yo vin konnen se Jedeyon, pitit Joas la, ki te fè sa. 30Mesye yo al di Joas konsa:
— Fè pitit gason ou lan sòti vin jwenn nou isit la. Se pou n touye l! Li kraze lotèl Baal la, epi li koupe gwo poto Achera ki te bò kote l la.
31Joas #Det 17.2-5; 1 Wa 18.27 reponn tout moun ki te kanpe devan l yo. Li di yo:
— Anhan! Se nou ki pou goumen pou Baal? Se nou ki pou defann li? Enben, moun ki vle goumen pou Baal gen pou l mouri anvan solèy leve. Si Baal se yon bondye vre, se li ki pou defann tèt li. Se lotèl li a yo kraze!
32Depi #Jij 7.1; 1 Sam 12.11; 2 Sam 11.21 jou sa a yo rele Jedeyon Jewoubaal #6.32: Jewoubaal: Nan lang ebre a non sa a vle di Kite Baal defann tèt li! paske Joas te di: Kite Baal koresponn ak li, paske se lotèl Baal la li te kraze.
33#Jij 6.3 sa a, tout moun Madyan yo, tout moun Amalèk yo ak tout moun k'ap viv nan dezè a bò solèy leve yo mete tèt ansanm, yo janbe lòt bò larivyè Jouden an, yo moute kan yo nan plenn Jizreyèl la. 34Lespri #Jij 3.10,27; 1 Kwo 12.18; 2 Kwo 24.20 Senyè a desann sou Jedeyon. Li soufle nan yon kòn belye mouton, li rele tout gason nan fanmi Abyezè a vin jwenn li. 35Apre #Jij 7.23,24 sa, li voye mesaje nan tout peyi Manase a al rele moun yo pou yo vin jwenn li tou. Li voye mesaje nan peyi Asè, nan peyi Zabilon ak nan peyi Neftali. Tout moun sa yo moute vin jwenn li.
36#Egz 4.1-7; Jij 6.17 sa a, Jedeyon di Bondye konsa:
— Si se ou menm vre ki vle sèvi avè m pou delivre pèp Izrayèl la, 37men mwen mete yon moso lenn sou glasi a. Si denmen maten mwen wè gen lawouze sou moso lenn lan sèlman epi tout rès glasi a chèch, lè sa a m'a konnen se ou menm vre ki pral sèvi avè m pou delivre pèp Izrayèl la.
38Se sa ki te rive vre. Nan denmen maten, lè Jedeyon leve byen bonè, li tòdje moso lenn lan, li wete dlo ladan l kont pou ta plen yon bòl. 39Lèfini, #Jen 18.32 Jedeyon di Bondye ankò:
— Tanpri, pa fache sou mwen non! Kite m di ou yon dènye bagay. Kite m fè esperyans moso lenn lan yon lòt fwa ankò. Men, fwa sa a se pou moso lenn lan rete chèch, epi pou lawouze sou tout glasi a.
40Jou lannwit sa a, Bondye fè sa konsa vre: moso lenn lan te rete byen chèch, men te gen lawouze sou tout glasi a.

Chwazi Kounye ya:

Jij 6: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an