Jij 3

3
Nasyon Senyè a kite nan Kanaran
1Senyè a te kite kèk nasyon nan peyi a #Jij 2.21,22 pou l te ka sonde moun pèp Izrayèl la ki pat kò fèt lè yo t'ap fè lagè pou antre nan peyi Kanaran an. 2Li te fè sa konsa pou l te ka moutre chak jenerasyon pèp Izrayèl la sa yo rele fè lagè, sitou sa ki pat janm al nan lagè anvan sa. 3Men #Joz 13.2-6 moun li te kite nan peyi a: Se te moun Filisti yo ki te rete nan senk lavil, tout moun Kanaran yo, moun Sidon yo ak moun Evi yo ki te rete nan mòn Liban yo, depi mòn Baal-Emon jouk Pas-Amat. 4Se ak moun sa yo Senyè a t'ap sonde pèp la pou l te ka konnen si yo te sòti pou koute lòd Senyè a te bay Moyiz pou zansèt yo a. 5Se #Jen 15.20,21; Egz 3.8; 13.5; Esd 9.1 konsa pèp Izrayèl la twouve l rete ap viv nan mitan moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo. 6Yo #Egz 34.16; Det 7.3; Esd 9.12; Sòm 106.35 pran pitit fi moun sa yo pou madanm, yo bay pitit gason moun sa yo pitit fi pa yo pou madanm, epi yo pran sèvi bondye moun sa yo tou.
Otonyèl
7Moun #Egz 34.13; Det 16.21 pèp Izrayèl yo tanmen fè bagay ki te mal nan je Senyè a. Yo bliye Senyè a, Bondye yo a, yo pran fè sèvis pou Baal yo ak Achera yo. 8Senyè a #Jij 2.14 fache sou pèp Izrayèl la epi li kite Kouchan-Riche Atayim, wa peyi Mezopotami an, mete pye sou kou yo. Pandan witan pèp Izrayèl la te anba men Kouchan-Riche Atayim. 9Apre #Jij 1.13; 2.16; 3.15; 4.3; 6.7; 10.10; 1 Sam 12.10; Ney 9.27 sa, moun pèp Izrayèl yo pran kriye nan pye Senyè a. Senyè a voye yon nonm pou delivre yo. Se te Otonyèl, pitit gason Kenaz, ki te ti frè Kalèb. 10Lespri #Jij 6.34; 11.29; 13.25; 14.6,19; 15.14; 1 Sam 11.6 Senyè a te sou li, li vin yon gwo chèf nan peyi Izrayèl. Li leve l'al goumen. Senyè a lage Kouchan-Riche Atayim, wa peyi Mezopotami an, nan men li, li fè l kraze l. 11Apre #Jij 3.30; 5.31; 8.28 sa, te gen lapè nan peyi a pandan karantan. Epi Otonyèl, pitit gason Kenaz la, mouri.
Eyoud
12Moun #Jij 2.19 pèp Izrayèl yo te rekonmanse ap fè sa ki te mal nan je Senyè a ankò. Senyè a pran Eglon, wa peyi Mowab la, li fè l vin pi fò pase pèp Izrayèl la. Epi li fè l leve dèyè pèp Izrayèl la. 13Eglon #Jij 1.16; Sòm 83.7 pran moun Amon yo ak moun Amalèk yo ansanm avè l, epi yo ale, yo bat moun pèp Izrayèl yo. Yo pran lavil Palmis yo pou yo. 14Pandan dizwitan pèp Izrayèl la te anba men Eglon, wa peyi Mowab la.
15Apre #Jij 3.9; 20.16; 1 Kwo 12.2 sa, moun pèp Izrayèl yo pran kriye nan pye Senyè a. Senyè a voye yon lòt moun pou delivre yo. Se te Eyoud, pitit gason Gera, moun branch fanmi Benjamen an. Mesye te goche. Moun pèp Izrayèl yo bay Eyoud yon kado al pote bay Eglon, wa peyi Mowab. 16Eyoud fè yo fè yon ponya espesyal pou li. Ponya a te gen yon pye edmi longè, li te file de bò. Li mare l sou kwis pye dwat li, anba rad li. 17Epi li pote kado a bay Eglon, wa peyi Mowab la. Eglon te gwo anpil. 18Lè Eyoud fin bay wa a kado a, li voye moun ki te pote kado a ale. 19Men #Jij 3.26 li menm, lè li rive bò estati zidòl yo ki toupre lavil Gilgal la, li tounen vin jwenn Eglon. Li di l konsa:
— Monwa, mwen gen yon komisyon pou ou, men fòk pa ta gen lòt moun la.
Lè sa a, wa a di moun ki te la yo:
— Kite nou pou kont nou!
Tout moun ki te la avè l yo sòti. 20Wa a te chita nan chanm pa l anwo kay la, kote ki te fè fre anpil. Eyoud pwoche bò kote l, li di l konsa:
— Se yon mesay Bondye ban m pou ou.
Wa a leve kanpe. 21Eyoud lonje men gòch li, li rale ponya a bò kwis pye dwat li, epi li sèvi wa a yon kou nan vant. 22Li foure ponya a tout longè l nèt jouk manch li pèdi nan vant li, epi po grès la fèmen sou ponya a paske Eyoud pat rale l sòti. Pwent ponya a menm te parèt pa dèyè. 23Lèfini, Eyoud sòti nan chanm lan, li fèmen pòt yo dèyè l, li klete yo, 24epi #1 Sam 24.3 l'ale fè wout li. Lè domestik wa yo vini, yo wè pòt chanm wa a te fèmen akle. Yo di konsa:
— Gen lè wa a okipe anndan an. L'ap fè bezwen li.
25Yo tann yon bon ti moman, yo ba li tan pou l fini. Men, yo wè li pa janm louvri pòt la. Lè sa a, yo pran kle a epi yo louvri. Yo wè wa a kouche tou long atè, li te mouri! 26Pandan mesye yo t'ap tann tout tan sa a, Eyoud menm gentan chape kò l. Li pase bò estati zidòl yo, epi li pran wout mòn Seyira a pou li, l ale. 27#Jij 6.34; 1 Sam 13.3 li rive Seyira nan mòn peyi Efrayim lan, li kònen pou rele moun pèp Izrayèl yo. Moun pèp Izrayèl yo desann sòti nan mòn lan, epi Eyoud pran mache alatèt yo. 28Li #Joz 2.7; Jij 7.24; 12.5; 2 Kwo 16.8 di yo konsa:
— Swiv mwen! Senyè a lage moun Mowab yo, lènmi nou yo, nan men nou jòdi a!
Yo tout desann swiv li. Yo bare pas dlo kote moun Mowab yo konn janbe larivyè Jouden an. Yo pa kite yon moun pase. 29Lè sa a, yo te touye dimil (10.000) sòlda konsa, sòlda ki te grannèg epi ki te konn goumen. Yonn pa chape. 30Jou #Jij 3.11 sa a, moun pèp Izrayèl yo bat moun Mowab yo byen bat. Apre sa, pandan katreventan te gen lapè nan peyi a.
Chanmga
31Apre #Jij 2.16; 5.6; 1 Sam 13.19-22 Eyoud, yo vin gen yon lòt chèf: Se te Chanmga, pitit Anat. Li menm menm avèk yon fwèt kach po bèf, li te touye sisan (600) sòlda nan lame moun Filisti yo. Konsa li delivre pèp Izrayèl la.

Chwazi Kounye ya:

Jij 3: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte