Jij 2

2
Zanj Bondye fè Izrayèl repwòch
1Zanj Senyè a kite Gilgal, li moute nan Kriye. #Jij 6.7-10 Li #Jen 17.7; Egz 6.4; Det 6.21-23; 31.16 di pèp Izrayèl la konsa:
— Mwen fè nou sòti kite peyi Lejip. Mwen fè nou antre nan peyi mwen te pwomèt zansèt nou yo. Mwen te di mwen p'ap janm kase kontra mwen te pase ak nou pou tout tan an. 2Nou #Det 7.2; 12.3 menm, bò pa nou, piga nou fè okenn kontra ak moun k'ap viv nan peyi a. Se pou nou kraze tout lotèl yo. Men, nou pa fè sa m te di nou fè a. Gade sa nou pito fè! 3Se #Nonb 33.55; Joz 23.13 poutèt sa m'ap di nou: Mwen p'ap mete yo deyò devan nou. Y'ap rete la bò kote nou, bondye yo ap tounen yon pèlen pou nou.
4Lè zanj Senyè a fin di yo sa, tout pèp la pran kriye. 5Se poutèt sa yo rele kote yo te ye a Nan-Kriye. Epi yo ofri bèt pou touye pou Senyè a la.
Lanmò Jozye
6Jozye #Joz 24.28-31 voye pèp la ale lakay yo. Se konsa, chak branch fanmi pèp la pati al pran pòsyon tè yo te ba yo nan peyi a. 7Pèp Izrayèl la te sèvi Senyè a pandan tout tan Jozye te vivan. Apre sa, yo sèvi l pandan tout tan chèf ki te konnen sa Senyè a te fè pou pèp Izrayèl la te vivan toujou. 8Jozye, pitit gason Noun lan, sèvitè Senyè a, mouri. Li te gen sandizan (110 an). 9Yo antere l sou tè ki te vin pou li a nan zòn Timnat-Erès, nan mòn ki pou branch fanmi Efrayim lan, sou bò nò mòn Gach. 10Tout jenerasyon moun Jozye yo te fin mouri tou, yo te al jwenn zansèt yo anba tè. Apre yo, te vin gen yon lòt jenerasyon moun ki te bliye ni Senyè a ni sa li te fè pou pèp Izrayèl la.
Izrayèl vire do bay Bondye
11Moun #Jij 3.7; 4.1; 6.1; 10.6; 13.1 pèp Izrayèl yo lage kò yo nan fè sa ki mal nan je Senyè a. Y'al sèvi Baal yo. 12Yo #Egz 20.5; Det 6.14; 31.16,29 vire do bay Senyè a, Bondye zansèt yo a, Bondye ki te fè yo soti kite Lejip la. Yo tonbe mache dèyè lòt bondye ki pa te fè pati bann bondye pèp ki te la toupatou bò kote yo a. Y'al adore yo. Sa te fè Senyè a ankòlè sou yo. 13Yo #Jij 10.6; Sòm 106.36; 1 Sam 7.4 vire do bay Senyè a, y'al fè sèvis pou Baal yo ak Astate yo. 14Senyè a #Lev 26.37; Joz 7.12,13; 1 Sam 12.9; 2 Wa 17.20 vin an kòlè sou pèp Izrayèl la, li kite ansasen atake yo pou pran tou sa yo te genyen. Li kite lènmi ki toupatou bò kote yo mete pye sou kou yo. Yo pat ka kenbe tèt devan lènmi yo ankò. 15Chak #Lev 26.14-45; Det 28.15-68; Am 9.4 fwa y'al nan lagè, Senyè a te pran pozisyon kont yo pou malè yo, jan li te di li t'ap fè l la. Se konsa yo t'ap bat yon sèl mizè!
16Se #Jij 3.9,15; 10.1,12; 13.5; 1 Sam 12.11; Ney 9.27; Tra 13.20 lè sa a Senyè a voye bay pèp Izrayèl la kèk chèf, vanyan gason ki te delivre yo anba men ansasen yo. 17Men, #Egz 34.15; Det 9.12; Jij 8.33 menm chèf sa yo, yo pat koute yo. Yo vire do bay Senyè a, y'al dèyè lòt bondye, yo fè sèvis pou yo. Yo te toujou prese kite chemen dwat kote zansèt yo t'ap mache lè yo t'ap swiv lòd Senyè a. Yo pat koute lòd Senyè a. 18Chak #Egz 2.24; 6.5; Det 32.36; Sòm 106.45; Jer 18.8; 26.3 fwa Senyè a voye yon chèf konsa ba yo, li te kanpe la avèk chèf la, li te delivre yo anba men lènmi yo toutotan chèf la te vivan. Senyè a te gen pitye pou yo paske yo t'ap soufri anpil anba moun ki t'ap pèsekite yo ak anba moun ki t'ap peze yo. 19Men, #Jij 4.1; 8.33 mouri chèf la mouri, pitit yo te rekonmanse lage kò yo nan menm vye bagay yo ankò pi mal pase papa yo. Y'al dèyè lòt bondye, yo fè sèvis pou yo, yo adore yo. Yo t'ap fè tèt di, yo derefize sispann fè bagay sa yo.
20Senyè a #Joz 23.16 te fache anpil sou pèp Izrayèl la. Li di konsa:
— Nasyon an kase kontra mwen te mande zansèt yo kenbe a. Yo pa vle koute m. 21Bon, #Joz 23.13; Jij 2.3 mwen menm tou, mwen p'ap mete lòt nasyon Jozye te mouri kite nan peyi a deyò ankò. 22Se #Det 8.2,16; 13.3; Jij 3.1,4 konsa m'a wè kote m ye ak pèp Izrayèl la. M'a konnen si wi ou non yo sòti pou fè sa m mande yo fè a jan zansèt yo te fè l la.
23Se konsa Senyè a te kite lòt nasyon li pat lage anba men Jozye yo rete nan peyi a. Li pa prese mete yo deyò.

Chwazi Kounye ya:

Jij 2: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte