Jij 1

1
Moun fanmi Jida yo ak moun fanmi Simeyon yo fè Adonibezèk, wa Kanaran an, prizonye
1Apre Jozye mouri, pèp Izrayèl la mande #Nonb 27.21; Joz 24.29; Jij 20.18; 2 Sam 2.1 Senyè a:
— Nan tout branch fanmi nou yo, kilès ladan yo ki pou al atake moun Kanaran yo anvan?
2Senyè a reponn yo:
— Se branch fanmi Jida a ki pou premye ale. Se mwen menm k'ap lage tout peyi a nan men yo.
3Moun #Joz 19.1,9; Jij 1.17 Jida yo di moun Simeyon yo konsa:
— Ann al ansanm ak nou nan pòsyon tè yo ban nou an, nou menm moun Jida yo. Enpi n'a mete ansanm pou goumen ak moun Kanaran yo. Apre sa, nou menm moun Jida yo, n'a ale ansanm ak nou nan pòsyon tè yo ban nou an, nou menm moun Simeyon yo.
Se konsa, moun Simeyon yo ale ansanm ak 4moun Jida yo, yo moute al goumen. Senyè a lage moun Kanaran yo ak moun Ferezi yo nan men yo. Yo bat yon lame dimil (10.000) sòlda nan lavil Bezèk. 5Yo jwenn Adonibezèk la tou. Yo goumen avè l. Yo bat moun Kanaran yo ak moun Ferezi yo byen bat. 6Adonibezèk te kouri pou yo. Yo kouri dèyè l, yo mete men sou li, epi yo koupe de dwèt gwopous li yo ak de gwo tèt zòtèy pye l yo. 7#Lev 24.19; 1 Sam 15.33; Lik 16.21 sa a, Adonibezèk di:
— Mwen te koupe dwèt gwopous ak gwo tèt zòtèy pye swasanndis wa. Yo te konn ranmase kras manje ki tonbe anba tab mwen. Jòdi a, Bondye fè m sa m te fè yo a.
Yo mennen mesye lavil Jerizalèm. Se la li mouri.
Jida pran lavil Jerizalèm ak lavil Ebwon
8Moun #Joz 15.63; Jij 1.21; 2 Sam 5.6 fanmi Jida yo al atake lavil Jerizalèm, epi yo pran l. Yo touye dènye moun ki te rete la, lèfini yo mete dife ladan l. 9Apre #Joz 9.1; 10.40 sa, y'al goumen ak moun Kanaran ki t'ap viv nan mòn yo ak nan pye mòn yo nan Negèv la.
10Moun #Joz 10.36-39; 15.13-19 Jida #Nonb 13.22; Joz 14.15 yo atake moun Kanaran ki te rete lavil Ebwon, ki te rele anvan sa Kiriyat-Aba. Yo bat Chechayi, Ayiman ak Talmayi.
Otonyèl pran lavil Debi
(Jozye 15.13-19)
11Yo #Joz 15.49 kite Ebwon, yo mache al atake moun ki te rete lavil Debi yo. Nan tan lontan yo te rete lavil sa a Kiriyat-Sefè.
12Kalèb di:
— Moun ki va resi pran lavil Kiriyat-Sefè a, m'ap marye l ak Aksa, pitit fi mwen an.
13Se #Jij 3.9 Otonyèl, pitit gason Kenaz, ti frè Kalèb la, ki te pran lavil la. Konsa, Kalèb ba li Aksa, pitit fi li a, pou madanm.
14Lè Aksa rive lakay mari l, mari a di l #1.14: mari a di l: Dapre teks ebre a se Aksa ki te mande mari l sa. poukisa li pa mande papa l yon bon jaden. Aksa al jwenn Kalèb. Desann li desann bourik li, Kalèb mande l:
— Sa k gengenn, pitit mwen?
15Aksa reponn:
— Mwen vin mande ou yon favè. Se ou menm ki voye m al viv nan dezè Negèv la, se pou ou ban m kote pou m pran dlo tou.
Se konsa Kalèb ba li Sous Dlo Anwo ak Sous Dlo Anba Negèv la.
Jida ak Benjamen pran lavil Zefa
16Moun #Egz 2.18; 3.1; Nonb 10.29-32; Det 34.3; Jij 3.13; 4.11; 1 Sam 15.6; 27.10 Kenit yo, fanmi bòpè Moyiz, kite lavil Palmis. Yo moute ansanm ak moun Jida yo nan dezè peyi Jida a sou bò sid peyi Arad. Se la y'al rete ak moun Amalèk yo. 17Moun #Nonb 14.45; 21.3; Jij 1.3 Jida yo ale ansanm ak moun Simeyon yo, yo bat moun Kanaran ki te rete lavil Zefa yo. Yo detwi lavil la, yo touye dènye moun ak dènye bèt ladan li. Yo boule yo tankou yon ofrann pou Senyè a. Yo chanje non vil la, yo rele li Destriksyon.
18Moun #Joz 11.22; 13.3; Jij 16.21 Jida yo pat pran #1.18: pat pran: Nan tèks ebre nou li te pran. lavil Gaza ak tout zòn ki sou zòd li, lavil Askalon ak tout zòn ki sou zòd li, lavil Ekwon ak tout zòn ki sou zòd li. 19Senyè a #Joz 17.16,18; Jij 1.9 te kanpe ak moun Jida yo. Li fè yo pran tout mòn yo pou yo. Men yo pa te kapab mete moun ki nan plenn yo deyò paske yo te gen cha lagè fèt ak fè. 20Jan #Det 1.36; Joz 14.9,13; Jij 1.10 Moyiz te bay lòd la, yo pran lavil Ebwon bay Kalèb. Kalèb mete twa pitit gason Anak yo deyò nan lavil la. 21Men, #Joz 15.63; Jij 1.8 moun branch fanmi Benjamen yo pat mete moun Jebis yo deyò nan lavil Jerizalèm. Se konsa moun Jebis yo rete ap viv ansanm ak moun Benjamen yo nan lavil Jerizalèm jouk jòdi a.
Moun Jozèf yo pran lavil Betèl
22Moun de branch fanmi Jozèf yo moute al atake lavil Betèl ki te rele Louz anvan sa. Senyè a te kanpe avèk yo tou. 23Yo #Jen 28.19; 48.3; Joz 16.2 te voye kèk moun ankachèt al espyonnen lavil la. 24Moun #Joz 2.12,14; 6.23 yo te voye yo kontre yon nonm ki t'ap sòti lavil la. Yo di l konsa:
— Moutre nou ki jan moun ka antre nan lavil la. Nou pwomèt ou nou p'ap fè ou anyen.
25Se konsa nonm lan moutre yo ki jan pou yo antre nan lavil la. Yo touye tout moun ki te nan lavil la, esèpte nonm lan ansanm ak tout fanmi l. 26Apre #Joz 1.4 sa, nonm lan pati ale nan peyi moun Et yo. Li bati yon lavil laba a, li rele l Louz. Se konsa yo rele lavil la jouk jòdi a.
Manase ak Benjamen pran pòsyon tè pa yo
27Moun #Joz 17.11-13 branch fanmi Manase yo pat rive mete tout moun deyò nan lavil Bèt-Chean, nan lavil Tanak, nan lavil Dò, nan lavil Jibleyam, nan lavil Megibo ak nan tout ti bouk ki te sou kont yo. Konsa, moun Kanaran yo te toujou ap viv nan peyi a. 28Lè moun Izrayèl yo te vin pi fò, yo fòse moun Kanaran yo travay pou yo, men, yo pa janm mete yo deyò.
29Moun #Joz 16.10; 1 Wa 9.16 branch fanmi Efrayim yo tou pat mete moun Kanaran yo deyò nan lavil Gezè. Se konsa, moun Kanaran yo rete viv la ansanm ak yo.
30Moun #Joz 19.15; 21.35 branch fanmi Zabilon yo pat mete moun Kanaran yo deyò nan lavil Kitwon ak nan lavil Naalòl. Moun Kanaran yo te rete viv ansanm ak yo, men yo te blije travay pou moun Zabilon yo.
31Moun #Joz 19.24-30 branch fanmi Asè yo pat mete moun Kanaran yo deyò nan lavil Sidon, lavil Alad, lavil Agzid, lavil Elba, lavil Afik ak lavil Reyòb. 32Se konsa, moun Asè yo t'ap viv ansanm ak moun Kanaran ki te rete nan peyi a, paske yo pat mete yo deyò.
33Moun #Joz 19.38 branch fanmi Nèftali yo pat mete moun Kanaran yo deyò nan lavil Bèt-Chemèch, ni nan lavil Bèt-Anat. Yo te rete ansanm ak moun Kanaran ki te rete nan peyi a. Men, moun lavil Bèt-Chemèch ak moun lavil Bèt-Anat yo te blije travay pou yo.
34Moun #Joz 19.47,48; Jij 18.1 Amori yo menm te kwense moun fanmi Dann yo nan mòn yo. Yo pat kite yo desann nan plenn lan menm. 35Se #Joz 19.42 konsa, moun Amori yo rete rete yo nan mòn Erès, nan lavil Ayalon ak nan lavil Chalbim. Men, lè moun fanmi Jozèf yo rive donminen sou yo, yo fè yo travay pou yo. 36Fontyè peyi moun Amori yo te konmanse depi pas Eskòpyon yo, moute rive gwo Wòch.

Chwazi Kounye ya:

Jij 1: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte