Jij 10:6-16

Jij 10:6-16 HAT98

Apre sa, moun pèp Izrayèl yo rekonmanse ankò ap fè sa ki mal nan je Bondye. Yo pran fè sèvis pou Baal yo, pou Astate yo, pou bondye moun peyi Siri yo, pou bondye moun peyi Sidon yo, pou bondye moun peyi Mowab yo, pou bondye moun peyi Amon yo ak bondye moun peyi Filisti yo. Yo vire do bay Senyè a, yo sispann sèvi l. Se konsa Senyè a fache sou pèp Izrayèl la. Li kite moun Filisti yo ak moun Amon yo mete pye sou kou yo. Pandan tout lanne a, moun sa yo maltrete pèp Izrayèl la, yo malmennen yo. Pandan dizwitan, yo t'ap peze tout moun nan pèp Izrayèl la ki t'ap viv lòt bò larivyè Jouden an, sou bò solèy leve, nan peyi Galarad kote yo te rete a. Moun Amon yo te menm rive janbe lòt bò larivyè Jouden an pou y'al goumen ak moun branch Jida yo, moun branch fanmi Benjamen yo ak moun branch fanmi Efrayim yo. Pèp Izrayèl la te nan gwo lapenn. Lè sa a, yo rele nan pye Senyè a, yo di l konsa: — Nou te peche kont ou, nou te vire do ba ou, ou menm Bondye nou an, n'al fè sèvis pou Baal yo. Senyè a reponn pèp Izrayèl la: — Moun Lejip yo, moun Amori yo, moun Amon yo, moun Filisti yo, moun Sidon yo, moun Amalèk yo ak moun Mawon yo t'ap peze nou nan tan lontan, nou te kriye nan pye m. Eske mwen pat delivre nou anba men yo lè sa a? Men chak fwa, nou vire do ban mwen pou n'al fè sèvis pou lòt bondye. Se poutèt sa mwen pa pral delivre nou fwa sa a ankò. Ale kriye nan pye bondye nou te chwazi yo! Se yo ki pou sove nou lè nou nan ka! Men, moun pèp Izrayèl yo di Senyè a: — Nou fè sa nou pat dwe fè: Ou mèt fè nou sa ou vle. Men, tanpri delivre nou jòdi a! Apre sa, yo wete tout bondye lòt nasyon yo te gen lakay yo, yo pran sèvi Senyè a. Senyè a pat gen kè pou l wè jan pèp Izrayèl la te nan lapenn.