Jij 1:27-36

Jij 1:27-36 HAT98

Moun branch fanmi Manase yo pat rive mete tout moun deyò nan lavil Bèt-Chean, nan lavil Tanak, nan lavil Dò, nan lavil Jibleyam, nan lavil Megibo ak nan tout ti bouk ki te sou kont yo. Konsa, moun Kanaran yo te toujou ap viv nan peyi a. Lè moun Izrayèl yo te vin pi fò, yo fòse moun Kanaran yo travay pou yo, men, yo pa janm mete yo deyò. Moun branch fanmi Efrayim yo tou pat mete moun Kanaran yo deyò nan lavil Gezè. Se konsa, moun Kanaran yo rete viv la ansanm ak yo. Moun branch fanmi Zabilon yo pat mete moun Kanaran yo deyò nan lavil Kitwon ak nan lavil Naalòl. Moun Kanaran yo te rete viv ansanm ak yo, men yo te blije travay pou moun Zabilon yo. Moun branch fanmi Asè yo pat mete moun Kanaran yo deyò nan lavil Sidon, lavil Alad, lavil Agzid, lavil Elba, lavil Afik ak lavil Reyòb. Se konsa, moun Asè yo t'ap viv ansanm ak moun Kanaran ki te rete nan peyi a, paske yo pat mete yo deyò. Moun branch fanmi Nèftali yo pat mete moun Kanaran yo deyò nan lavil Bèt-Chemèch, ni nan lavil Bèt-Anat. Yo te rete ansanm ak moun Kanaran ki te rete nan peyi a. Men, moun lavil Bèt-Chemèch ak moun lavil Bèt-Anat yo te blije travay pou yo. Moun Amori yo menm te kwense moun fanmi Dann yo nan mòn yo. Yo pat kite yo desann nan plenn lan menm. Se konsa, moun Amori yo rete rete yo nan mòn Erès, nan lavil Ayalon ak nan lavil Chalbim. Men, lè moun fanmi Jozèf yo rive donminen sou yo, yo fè yo travay pou yo. Fontyè peyi moun Amori yo te konmanse depi pas Eskòpyon yo, moute rive gwo Wòch.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an