Ezayi 9

9
Wa ki gen pou vini an
1 # 9.1-21: Koresponn ak chapit 8.23—9.20 nan tèks ebre a. Te gen yon lè, peyi fanmi Zabilon yo ak peyi fanmi #Mat 4.15,16 Neftali #2 Wa 15.29; 2 Kwo 16.4 yo t'ap drive nan labou. Men pita, va rive yon lè tout rejyon an, pran depi lanmè Meditèrane rive bò larivyè Jouden, moute peyi Galile kote moun lòt nasyon yo rete a, tout rejyon an va kanpe ankò.
2Pèp #Lik 1.79; Ef 5.8 ki t'ap mache nan fènwa a wè yon gwo limyè.
Yo te rete nan yon peyi kouvri ak fènwa.
Men, kounyeya yon limyè vin klere yo!
3Ou #Eza 26.15; Jan 4.36 fè yo vin anpil, Senyè!
Ou ba yo gwo kè kontan.
Yo te kontan wè sa ou fè pou yo,
tankou moun k'ap fè fèt lè sezon rekòt,
tankou moun k'ap fè gwo fèt lè y'ap separe sa yo pran nan lagè.
4Paske #Jij 7.19-25; Eza 10.5,26,27; Na 1.13 ou kase bout bwa ki te mare dèyè kou yo a,
joug ki t'ap peze zepòl yo a!
Wi Senyè, ou kase bout fè nan men moun ki t'ap fè yo pase tray la,
tankou jou lè ou kraze moun Madyan yo!
5Tout soulye sòlda ki t'ap plede fè bri yo,
tout rad sòlda ki te plen san yo,
yo pral boule sa nan dife.
6Nou #Eza 7.14; 10.21; 28.29; 63.16; Jer 32.18; Mat 28.18; Lik 2.11; 1 Kor 15.25; Ef 2.14 gen yon ti pitit ki fenk fèt.
Bondye ban nou yon gason.
Se li menm ki pral chèf nou.
Y'a rele l: Bon konseye k'ap fè bèl bagay la,
Bondye ki gen tout pouvwa a,
Papa ki la pou tout tan an,
Wa k'ap bay kè poze a!
7Gouvènman #2 Wa 19.31; Sòm 89.4; Jer 23.5; Lik 1.32,33 li p'ap gen finisman.
Nan peyi l'ap gouvènen an se va kè poze san rete.
L'ap chita sou fòtèy wa David la.
L'ap gouvènen peyi wa David la.
L'ap fè gouvènman an byen chita,
l'ap ba li bon pye paske l'ap fè sa ki dwat.
Li p'ap nan patipri, depi kounyeya jouk sa kaba.
Se Senyè ki gen tout pouvwa a ki sòti
pou fè tou sa rive vre!
Senyè a ap pini pèp Izrayèl
8Senyè a fè konnen desizyon l sou peyi Izrayèl la ak sou moun fanmi Jakòb yo. 9Tout pèp Izrayèl la, tout moun ki rete lavil Samari yo va konn sa l te di a. Men, yo sitèlman gen lògèy, yo sitèlman awogan, y'ap di: 10Kay brik yo kraze, n'a bati lòt ak wòch taye. Yo koupe poto sikomò yo jete, n'a fè lòt ak bwa sèd mete nan plas yo.
11Senyè a fè lènmi pèp Izrayèl la leve dèyè l. L'ap fè chèf lame wa Rezin lan atake l. 12Peyi #2 Wa 16.6; 2 Kwo 28.18; Eza 5.25 Lasiri sou bò solèy leve, peyi Filisti sou bò solèy kouche, y'ap devore pèp Izrayèl la ak gwo koutdan. Men, se poko sa toujou! Se atò Senyè a move. Li poko fin regle ak yo.
13Pèp #Oze 7.10 Izrayèl la pa chanje. Yo pa tounen vin jwenn moun ki t'ap pini yo a, Senyè ki gen tout pouvwa a. 14Yon #Det 28.13; Eza 19.15 sèl jou a, Senyè a ap koupe ni tèt pèp Izrayèl la ni ke l. L'ap pini tout chèf pèp la, gwo kou piti. 15Chèf fanmi yo ak notab yo, se yo ki tèt pèp la. Ke pèp la menm, se pwofèt yo, yo menm ki chanpyon nan bay manti! 16Moun k'ap dirije pèp la fè l pèdi chemen l. Pèp la lage kò l nan bwa. 17Se poutèt sa, Senyè a p'ap pran priyè nan men jenn gason yo. L'ap san pitye pou timoun ki san papa yo ak fanm ki pèdi mari yo, paske se tout pèp la nèt ki pa gen respè pou Bondye, yo tout ap fè mechanste. Se renk move pawòl ase ki nan bouch yo. Men se poko sa toujou! Se atò Senyè a move. Li poko fin regle ak yo.
18Mechanste gaye nan mitan pèp la tankou dife nan pikan ak nan raje. Dife a pran nan rakbwa yo, yo tounen lafimen k'ap moute nan sèl la.
19Senyè #Mi 7.2 ki gen tout pouvwa a te sitèlman move, li fini ak peyi a. Se tankou yon dife k'ap boule tout moun nan peyi a. Pèsonn pa ka sove pèsonn. 20Yo #Eza 8.21 vire adwat, yo pran sa yo jwenn, yo grangou toujou. Yo vire agòch, yo devore sa yo jwenn, se atò yo grangou. Yo menm rive manje pwòp pitit yo! 21Moun #2 Kwo 28.6-8 Manase yo ak moun Efrayim yo, yonn ap devore lòt. Lèfini, yo mete tèt ansanm pou atake moun Jida yo. Men, se poko sa toujou! Se atò Senyè a move. Li poko fin regle ak yo!

Chwazi Kounye ya:

Ezayi 9: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte