Ezayi 9:8-21

Ezayi 9:8-21 HAT98

Senyè a fè konnen desizyon l sou peyi Izrayèl la ak sou moun fanmi Jakòb yo. Tout pèp Izrayèl la, tout moun ki rete lavil Samari yo va konn sa l te di a. Men, yo sitèlman gen lògèy, yo sitèlman awogan, y'ap di: Kay brik yo kraze, n'a bati lòt ak wòch taye. Yo koupe poto sikomò yo jete, n'a fè lòt ak bwa sèd mete nan plas yo. Senyè a fè lènmi pèp Izrayèl la leve dèyè l. L'ap fè chèf lame wa Rezin lan atake l. Peyi Lasiri sou bò solèy leve, peyi Filisti sou bò solèy kouche, y'ap devore pèp Izrayèl la ak gwo koutdan. Men, se poko sa toujou! Se atò Senyè a move. Li poko fin regle ak yo. Pèp Izrayèl la pa chanje. Yo pa tounen vin jwenn moun ki t'ap pini yo a, Senyè ki gen tout pouvwa a. Yon sèl jou a, Senyè a ap koupe ni tèt pèp Izrayèl la ni ke l. L'ap pini tout chèf pèp la, gwo kou piti. Chèf fanmi yo ak notab yo, se yo ki tèt pèp la. Ke pèp la menm, se pwofèt yo, yo menm ki chanpyon nan bay manti! Moun k'ap dirije pèp la fè l pèdi chemen l. Pèp la lage kò l nan bwa. Se poutèt sa, Senyè a p'ap pran priyè nan men jenn gason yo. L'ap san pitye pou timoun ki san papa yo ak fanm ki pèdi mari yo, paske se tout pèp la nèt ki pa gen respè pou Bondye, yo tout ap fè mechanste. Se renk move pawòl ase ki nan bouch yo. Men se poko sa toujou! Se atò Senyè a move. Li poko fin regle ak yo. Mechanste gaye nan mitan pèp la tankou dife nan pikan ak nan raje. Dife a pran nan rakbwa yo, yo tounen lafimen k'ap moute nan sèl la. Senyè ki gen tout pouvwa a te sitèlman move, li fini ak peyi a. Se tankou yon dife k'ap boule tout moun nan peyi a. Pèsonn pa ka sove pèsonn. Yo vire adwat, yo pran sa yo jwenn, yo grangou toujou. Yo vire agòch, yo devore sa yo jwenn, se atò yo grangou. Yo menm rive manje pwòp pitit yo! Moun Manase yo ak moun Efrayim yo, yonn ap devore lòt. Lèfini, yo mete tèt ansanm pou atake moun Jida yo. Men, se poko sa toujou! Se atò Senyè a move. Li poko fin regle ak yo!