Ezayi 61

61
Nouvèl delivrans Bondye a
1Lespri Bondye, Senyè a, desann #Lev 25.10; Lik 4.18,19 sou #Eza 11.2; 42.1 mwen.
Paske Senyè a chwazi m, li voye m pou m anonse bòn nouvèl la bay moun ki nan lapenn yo,
pou m geri tout moun k'ap soufri yo,
pou m fè tout moun yo te depòte yo konnen yo delivre,
pou m fè tout prizonye yo konnen pòt prizon louvri pou yo.
2Li #Eza 34.8; Mat 5.4 voye m anonse lè a rive pou Senyè a vin delivre pèp li a,
jou a rive pou Bondye nou an vin tire revanj pou nou.
Li voye m ankouraje tout moun ki nan lafliksyon,
3pou #Sòm 45.7; Eza 60.21; Jan 15.8 m'bay moun Siyon ki nan lafliksyon yo
kè kontan nan plas lapenn yo,
kontantman nan plas kè sere yo.
Yon chante remèsiman nan bouch yo nan plas yon chante lapenn. #61.3: Pou m'bay moun Siyon…chante lapenn: Men yon lòt jan nou ka di fraz sa yo: M'ap ba yo yon kouwòn pou yo mete sou tèt yo nan plas sann dife, yon bon ti lodè pou fè kè yo kontan. Wi, m'ap ba yo kè kontan nan plas lespri kagou yo a.
Yo pral grandi tankou gwo pyebwa nan jaden Senyè a te plante ak men li.
Yo pral fè sa ki dwat devan Bondye
pou tout moun ka fè lwanj bèl pou vwa li.
4Yo #Eza 58.12; Am 9.14 gen pou yo rebati sou anplasman vye lavil yo.
Y'a repare kay moun yo te bandonnen depi lontan.
Y'a rebati lavil ki te fin kraze yo,
kay ki te fin tounen mazi depi lontan yo.
5Se #Eza 14.2; 60.10 moun lòt nasyon ki va pran swen mouton nou yo.
Se moun vini ki va travay jaden nou yo, ki va okipe jaden rezen nou yo.
6Men #Egz 19.6; Eza 60.5,11,16; 1 Pyè 2.9; Rev 1.6 nou menm, y'a rele nou prèt Senyè a.
Wi, y'a rele nou Sèvitè Bondye nou an!
N'a jwi richès lòt nasyon yo.
Tout bèl bagay lakay yo, se pou nou y'a ye.
7Kote #Zak 9.12 yo te konn fè nou wont, se sou tèt y'a pote nou.
Kote yo te konn pase nou nan rizib, y'a fè gwo fèt pou nou.
N'a rete nan peyi nou, richès nou va double.
N'a toujou gen kè kontan san rete.
8Senyè a #Eza 55.3 di:
— Mwen menm, Senyè a, mwen renmen sa ki dwat,
mwen pa vle wè lè moun ap vòlò, lè moun ap fè lenjistis.
M'a kenbe pawòl mwen, m'a bay pèp mwen an rekonpans yo,
m'a pase ak yo yon kontra k'ap la pou tout tan.
9Nan tout peyi, y'a nonmen non yo.
Pitit pitit yo va gen bon non nan mitan lòt pèp yo.
Tout moun ki va wè yo va konnen
se yon ras moun mwenmenm menm, Senyè a, mwen beni.
10Se #Eza 59.17; Aba 3.18; Zak 3.4; Lik 1.46; Rev 19.8; 21.2 pa ti kontan kè m kontan pou sa Senyè a fè.
M'ap fè fèt pou Bondye mwen an.
Paske mwen tankou yon nèg k'ap marye ki fin abiye pou nòs la,
tankou yon lamarye k'ap ranje bijou l yo sou li.
Li kouvri m ak pouvwa li pou l sove m.
Li vlope m nan bra li pou l delivre m.
11Menm jan grenn anba tè jèmen leve,
menm jan rasin boujonnen pouse,
konsa tou Senyè a ap fè lajistis parèt pou pèp li a.
Toupatou, tout nasyon va fè lwanj li.

Chwazi Kounye ya:

Ezayi 61: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte