Ezayi 59:1-21

Ezayi 59:1-21 HAT98

Non! Se pa paske Senyè a manke fòs kifè li pa vin delivre nou. Se pa paske li soudè kifè li pa tande lè n'ap lapriyè nan pye l. Men se mechanste nou yo ki mete yon bayè ant nou ak Bondye nou an. Se peche nou yo ki fè l vire figi l pou l pa tande nou. San ap koule sou tout dwèt nou. Nou foure men nou nan tout kalite mechanste. Bonjou nou pa laverite. Depi nou louvri bouch nou se kout lang n'ap bay. Lè n'al nan tribinal se pou defann move kòz. Lè n'ap plede, nou bay manti. N'ap di yon bann bagay ki pa laverite. Se move lide ase ki nan tèt nou. Se mechanste ase n'ap fè. Move plan y'ap fè yo tankou pwazon. Si ou pran ladan yo nanpwen rechap. Si ou rive kraze yon move plan y'ap fè, y'ap pare yonn ki pi rèd pou ou. Menm jan ou pa ka fè rad ak fil zarinyen, konsa tou sa y'ap fè a p'ap rapòte yo anyen ki bon. Se mechanste ase yo sòti pou yo fè. Se nan san ase yo mete men yo. Y'ap kouri konsa pou fè sa ki mal, yo cho pou yo touye moun inonsan. Lide yo toujou sou sa ki mal, kote yo pase se dega toupatou. Se malè yo kite dèyè yo. Yo pa konn jan pou yo viv byen ak moun. Tout sa y'ap fè kwochi. Tout kò yo se plan. Moun k'ap swiv yo toujou nan tèt chaje. Pèp la di: — Se sa ki fè, sa ki dwat kouri lwen nou. Lajistis pa konsène nou: Nou t'ap espere limyè, men se fènwa nou rekòlte. Nou t'ap tann bèl klète, men se nan fènwa n'ap mache. N'ap tatonnen tankou avèg k'ap chache wout, tankou moun je pete. N'ap bite gwo midi tankou si nou t'ap mache solèy kouche. San nou pa malad, nou tankou moun ki deja nan peyi san chapo. N'ap wouke tankou chen, n'ap plenn tankou bourik anba chay. N'ap tann Bondye pou l pran defans nou. Bichi! N'ap tann li vin delivre nou. Anyen menm! Senyè, se vre wi, nou te fè anpil peche kont ou. Koulyeya se peche nou k'ap kale nou. Yo la devan je nou. Nou rekonèt nou fè yo vre. Nou te vire do bay Senyè a, nou voye l jete. Nou derefize koute l. Nou tòde men frè parèy nou, nou revòlte kont Bondye. Se move lide ase nou te gen nan kè nou. Se manti ase nou t'ap kalkile nan tèt nou. Se sa ki fè, nou repouse sa ki dwat. Lajistis vin enposib. Toupatou, laverite pèdi pye. Tout moun sou blòf. Verite disparèt. Si ou pa vle fè kou tout moun, se piye y'ap piye ou met sou li. Senyè a wè sa. Sa te fè l mal paske pat gen jistis nan peyi a. Li sezi wè pèsonn pa leve kanpe pou defann inonsan yo. Se konsa, li vin delivre pèp la ak pwòp fòs kouray li. Li ba l men, li pran defans li. Li mete jistis anwo li tankou yon plak pwotèj pou lestonmak li. Li mete pouvwa pou sove a tankou yon kas nan tèt li. Li mete pouvwa revanj li sou li tankou yon palto, li vlope kò l ak fòs pou l pran defans moun li renmen yo. L'ap pini chak moun dapre sa yo fè: li pral move sou moun ki pa vle wè l yo, li pral tire revanj sou lènmi l yo, menm sou moun ki rete nan zile byen lwen yo. Depi kote solèy la leve a jouk kote solèy la kouche a, tout moun va pè Senyè a, y'a respekte pouvwa li. L'ap vin tankou lavalas k'ap desann nan fon ravin, tankou gwo van tanpèt. M'ap vin sou mòn Siyon an pou m delivre tout moun fanmi Jakòb yo ki va vire do bay peche yo. Se Senyè a menm ki di sa. Senyè a di ankò: Men kontra mwen pral pase ak yo a: M'ap mete lespri m sou yo. M'ap ba yo lòd mwen yo pou lòd mwen yo ka nan bouch yo, nan bouch pitit yo ak nan bouch pitit pitit yo, pou tout tan tout tan. Se mwen menm Senyè a ki di sa.