Ezayi 58:1-10

Ezayi 58:1-10 HAT98

Senyè a di konsa: — Louvri gagann ou rele, rele mezi ou kapab! Fè vwa ou klewonnen ale lwen! Fè pèp mwen an konn krim li fè! Fè pitit pitit Jakòb yo konnen movezak yo fè! Chak jou, y'ap fè sèvis pou mwen. Yo pretann yo konnen chemen m yo, tankou si se yon nasyon ki fè sa ki dwat devan m, epi ki pat janm lage lòd mwen te ba yo. Y'ap mande m pou m defann kòz yo. Yo ta vle pou Bondye kanpe la ak yo. Pèp la ap di mwen: — Sa plede fè jèn ap fè pou nou, si ou pa wè sa? Sa repanti ap rapòte nou, si ou pa menm renmake sa? Senyè a reponn: — M'ap di nou laverite. Jou n'ap fè jèn lan, se jou sa a tou n'ap chache fè sa ki nan enterè nou. Se lè sa a n'ap plede peze moun k'ap travay pou nou. Konsa tou, jou n'ap fè jèn lan, se lè sa a tou n'ap joure, n'ap fè kont, n'ap goumen, n'ap bay move kou. Jan mwen wè n'ap fè jèn lan jòdi a se pa konsa pou nou fè l si nou vle lapriyè nou yo rive nan zòrèy mwen. Eske mwen ka pran plezi nan kalite jèn konsa? Atò se sa nou rele jèn m'te bay lòd fè a? Se sa ki yon jou repantans pou sa nou fè ki mal la? Fè jèn pou nou, se bese tèt jouk atè tankou wozo k'ap ploye anba van, se kouche sou sak plat atè nan mitan sann dife. Atò se sa nou rele jèn lan? Se sa ki pou fè Bondye plezi a? Non! Men kalite jèn ki pou fè kè m kontan an: Sispann fè mechanste. Sispann fè lenjistis. Bay esklav nou yo libète! Mete chay k'ap foule moun yo atè. Separe sa nou genyen ak moun ki grangou. Louvri pòt resevwa malere ki pa gen kote pou yo dòmi. Si nou wè pwochen nou touni, ba li rad pou li mete. Pa refize lonje men sekouri pwochen ou. Lè sa a, tankou solèy k'ap leve, m'ap klere nou, m'a fè nou wè jan mwen renmen nou. Lapoula m'a geri nou, m'a toujou mache ak nou pou m delivre nou. Pouvwa Bondye a va mache dèyè nou pou poteje nou. Lè sa a, si nou lapriyè nan pye m, m'a reponn nou. Si nou rele m, m'a di men mwen! Si nou rache tout mechanste nan kè nou voye jete, si nou sispann kraponnen moun, si nou sispann pale moun mal, si nou manje ak moun ki grangou, si nou plen vant moun ki nan nesesite, limyè va klere pou nou nan mitan fènwa. Lannwit va fè klè pou nou tankou gwo midi.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an