Ezayi 57

57
Bondye kondannen Izrayèl pou zidòl
1Moun k'ap mache dwat yo ap fin #Sòm 12.1 mouri nan peyi a, sa pa fè pèsonn anyen. Moun k'ap sèvi Bondye ak tout kè yo ap fin disparèt, pèsonn pa wè sa. Mechanste fè moun k'ap mache dwat yo disparèt. #57.1: Mechanste fè moun k'ap mache dwat yo disparèt: Osinon Men lè yo mouri, y'ale kote mechanste moun pa ka fè yo anyen. 2#57.2: Men yon lòt jan yo ka di sa ki nan vèsè sa a: Men yon jou va gen kè poze. Lè sa a, moun ki mache dwat yo va dòmi trankil sou kabann yo. Moun #2 Kwo 16.14 ki t'ap mache dwat yo antre kote pou yo jwenn repo, yo kouche nan tonm yo.
3Nou #Jan 8.41,42 menm ki p'ap fè anyen san konsilte zetwal, pwoche vini! Se yon bann moun ki vire do bay Bondye nou ye. N'ap sèvi zidòl, nou tankou moun k'ap fè adiltè, k'ap viv nan dezòd. 4Ki #Sòm 35.21; Eza 1.4 moun n'ap pase nan betiz la a? Ki moun n'ap pale mal konsa? Sou ki moun n'ap fè grimas konsa? Se yon bann moun ki pa janm kenbe pawòl yo, yon bann moun k'ap bay manti nou ye. 5N'ap #2 Wa 16.4; Eza 1.29; Eze 16.20,21 fè sèvis pou zidòl nan jaden nou. Nou kouche ak fanm anba pye bwadchenn, anba tout raje. Nou bay timoun nou pou yo touye pou zidòl yo nan twou wòch nan bafon yo. 6Nou pran kèk gwo wòch galèt nan ravin yo sèvi nou Bondye. Se yo ki tout nou. Nou fè ofrann grenn jaden ak ofrann diven pou yo vide sou yo. Nou konprann bagay konsa ka fè m plezi! 7Nou #1 Wa 14.23 moute sou yon gwo mòn byen wo pou n'al kouche ak fanm, pou n'al touye bèt nou ofri bay zidòl yo. 8Nou #Eze 16.25; 23.17 mete wòch zidòl nou yo dèyè pòtay nou, nan papòt lakay nou. Nou vire do ban mwen, nou mete nou toutouni, nou moute sou gwo kabann byen laj nou, nou kouche ak medam, chwal zidòl yo, nou peye pou sa. Nou pran kont plezi nou ak je nou kole sou wòch zidòl yo. 9Nou mete odè sou nou, nou pati al fè sèvis pou Molòk. Nou mete tout kalite odè sou nou. Nou voye mesaje byen lwen al chache zidòl pou nou. Nou voye yo jouk nan peyi kote mò yo ye a. 10Nou #Jer 18.12 fatige kò nou ap vwayaje, men nou pa janm kite! Nou mete nan tèt nou zidòl yo ap ban nou fòs pou nou pa janm bouke.
11Senyè a #Sòm 50.21; 78.10,36; Eza 51.12,13 di: kilès bondye sa yo ki t'ap ban nou kè sote, ki t'ap fè nou pè konsa kifè ou bay tout manti sa yo? Kilès sa a ki fè nou bliye m' konsa? Nou pa dòmi reve mwen. Eske se paske mwen rete mwen pa di anyen kifè nou sispann gen krentif pou mwen? 12M'ap denonse tou sa n'ap plede fè pou sove tèt nou. Nou kwè l'ap bon pou nou, men sa p'ap sèvi nou anyen. 13#Sòm 37.9; Eza 11.9; Jer 11.12 n'a rele mande sekou, se pou tout zidòl nou yo vin sove nou si yo kapab! Yon senp ti van ap pote yo ale, yon ti briz van ap pati ak yo. Men, moun ki mete konfyans yo nan mwen va rete nan peyi a, y'a rete sou mòn ki apa pou mwen an.
Bondye pwomèt ankouraje pèp li
14#Eza 62.10 sa a, Senyè a di:
— Pare wout la pou pèp la tounen vin jwenn mwen. Mete ranble. Wete tout bagay k'ap bare wout la devan pèp mwen an.
15Se #Sòm 34.18; 138.6; Eza 9.6; 42.3; Mi 6.6 mwen menm Bondye ki anwo nan syèl la, Bondye ki la pou tout tan an, Bondye ki apa nèt la. Men sa mwen di: mwen rete yon kote ki anwo nèt, yon kote ki apa pou mwen nèt. Men mwen kanpe la avèk moun ki soumèt yo devan mwen, avèk moun ki regrèt tou sa yo fè ki mal, pou m'ka remoute kouraj yo, pou m'ka ba yo konfyans ankò. 16Mwen #Jen 6.3; Sòm 103.9 pa vle nan diskit tout tan ak yo, mwen pa vle rete ankòlè tout tan pou moun mwen bay lavi yo pa pèdi kouray. 17Wi, #Jer 6.13 mwen te fache anpil sou yo paske yo te gen move lanvi nan kè yo. Mwen te fè kòlè, mwen te pini yo, mwen te lage yo, paske yo t'ap fè tèt di, yo t'ap fè sa yo pi pito. 18Mwen #Eza 61.3; Jer 3.22 te wè tou sa yo t'ap fè, men m'ap geri yo. Mwen pral pran men yo pou m mennen yo sou bon chemen an. M'a remoute kouray sa ki nan lapenn yo. 19M'a #Tra 2.39; Ef 2.17; Eb 13.15 di yo: Kè poze pou nou tout ki lwen, kè poze pou nou tout ki pre. M'a mete lwanj nan bouch yo, m'ap ba yo tout kè poze, m'ap geri yo. 20Men, #Jid 13 mechan yo tankou lanmè ki boulvèse. Lanm lanmè yo ap bat san rete, y'ap jete kras ak labou sou rivay la. 21Bondye #Eza 48.22 mwen an di: Pa gen kè poze pou mechan yo.

Chwazi Kounye ya:

Ezayi 57: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte