Ezayi 56:1-8

Ezayi 56:1-8 HAT98

Men sa Senyè a di pèp li a: — Se pou nou fè sa ki dwat. Pa fè lenjistis. Paske mwen pa lwen vin delivre nou, mwen pa lwen fè nou konnen jan m'ap pran defans nou. Benediksyon pou moun ki fè sa m'di yo fè, ki toujou kenbe pawòl mwen yo fèm. Benediksyon pou moun ki respekte jou repo a, pou moun ki pa mete men li nan okenn movezak. Moun lòt nasyon ki atache ak Senyè a pa fèt pou ap di: Senyè a p'ap kite m' fè sèvis pou li ansanm ak pèp li a. Yon moun ki chatre pa dwe janm di: se yon vye pyebwa chèch mwen ye, mwen pa ka fè pati pèp Bondye a. Men sa Senyè a di: Lè yon moun ki chatre mete jou repo a apa pou mwen, lè li chwazi pou l fè volonte mwen, lè li kenbe kontra mwen an fèm, m'ap fè yo chonje l nan Tanp mwen an ak nan mitan pèp mwen an pi lontan pase si li te gen pitit gason ak pitit fi. M'ap fè yo pa janm bliye l. Moun lòt nasyon ki vin atache ak Senyè a pou sèvi li, pou renmen li, nasyon ki mete jou repo a apa, ki kenbe kontra mwen an fèm, m'ap mennen yo sou mòn ki apa pou mwen an, m'a ba yo kè kontan nan kay kote yo fè lapriyè pou mwen an. M'a asepte tout bèt y'a ofri pou boule sou lotèl mwen ak tout lòt ofrann y'a fè pou mwen. Y'a rele kay mwen an kay kote tout pèp va vin fè lapriyè nan pye m. Men sa Senyè a, Bondye a, di, li menm ki te fè moun pèp Izrayèl yo te depòte yo sanble nan peyi yo a ankò: Anplis moun pèp mwen an, mwen va sanble yon bann lòt moun ankò ansanm ak yo.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an