Pèp la va reponn: — Ki moun ki te kwè sa n'ap tande la a? Ki moun ki rekonèt travay Bondye a nan sa ki rive la a? Li te grandi devan Bondye tankou yon ti plant ki tou fèb, tankou yon ti kreyòl ki pouse nan tè sèk. Li pat bèl gason, li pat gen anyen nan li ki pou ta fè nou vire gade l. Li pat sanble anyen ki ta ka fè nou kontan ret gade l. Nou pat gade l menm, tout moun te vire do ba li. Li te soufri anpil, li te tout tan nan gwo lapenn. Tout moun te vire tèt yo pou yo pa wè l. Nou pat okipe l, nou pat pran ka l menm.
Li Ezayi 53
Koute Ezayi 53
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Ezayi 53:1-3
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo