Ezayi 45:1-25

Ezayi 45:1-25 HAT98

Senyè a te chwazi wa Siris pou fè travay li. Li ba li men pou tout nasyon soumèt devan li. Li voye l pou l wete pouvwa wa yo, l'ap louvri de batan pòtay lavil yo devan li. P'ap gen pòtay k'ap rete fèmen pou li. Men sa Senyè a di wa Siris: — Se mwen menm k'ap louvri chemen pou ou. M'ap fè mòn yo vin plat. M'ap kraze gwo pòtay an kwiv yo. M'ap kase ba fè yo de bout. M'a ba ou tout richès ki sere kote ki fènwa a, richès ki kache nan depo kote moun pa konnen. Lè sa a, w'a konnen se mwen menm ki Senyè a. Se Bondye pèp Izrayèl la ki te rele ou fè travay sa a. Mwen te rele ou pou ou te ka delivre fanmi Jakòb yo, sèvitè m yo, moun pèp Izrayèl mwen te chwazi a. Mwen ba ou grad atout ou pat konnen m lan. Se mwen menm ki Senyè a. Pa gen lòt! Se mwen menm sèl ki Bondye. Se mwen ki ba ou tout fòs ou atout ou pat konnen m lan. Mwen fè sa pou tout moun sou latè, depi kote solèy leve jouk kote solèy kouche, ka konnen pa gen lòt bondye pase mwen menm! Se mwen menm ki Senyè a. Pa gen lòt! Mwen mete limyè, mwen mete fènwa! Mwen bay kè poze, mwen bay kè sote. Se mwen menm Senyè a ki fè tou sa. M'ap rete nan syèl la, m'ap voye fòs pouvwa sou nou tankou lapli, pou nou ka gen batay la. Latè pral louvri de bra l pou resevwa l. Delivrans pral fleri sou latè, lajistis pral boujonnen toupatou. Se mwen menm Senyè a k'ap fè tou sa rive. Madichon pou moun k'ap diskite ak Bondye ki fè l la! Li tankou yon krich nan mitan yon bann krich. Yon krich pa ka di moun k'ap ba li fòm lan: Sa w'ap fè la a? Travay ou fè a pa bon. Madichon pou pitit k'ap di papa l ki kalite pitit ou fè la a. Madichon pou pitit k'ap di manman l ki kalite pitit ou met sou latè a la a! Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa, li menm ki te fòme l la, men sa li di: — N'ap mande m sa m pral fè pou pitit mwen yo? N'ap di m sa pou m fè? Se mwen menm ki te fè latè. Mwen kreye moun pou yo viv sou latè. Se mwen menm ki te louvri syèl la ak men mwen. Mwen kontwole tou sa ki nan syèl la: solèy, lalin ak tout bann zetwal yo. Se mwen menm ki fè wa Siris kanpe pou li mete jistis sou latè. M'ap louvri tout wout devan li. Se li menm ki pral rebati lavil mwen an. L'ap fè moun pa m yo te depòte yo tounen lakay yo san yo pa bèzwen peye anyen, ni yo p'ap bezwen fè kado anyen pou sa. Se Senyè ki gen tout pouvwa a ki di sa! Men sa Senyè a di ankò: — Tout pwofi travay moun Lejip yo ak pwoji kòmès moun Letyopi yo pral vin pou nou. Moun bèl wotè ki rete nan peyi Seba yo va pase nan peyi nou an, y'a vin esklav nou. Y'a mache dèyè nou tankou prizonye nan chenn. Y'a mete ajenou devan nou, y'a di: Se lakay nou ase Bondye rete. Se Bondye sèl ki Bondye. Lòt bondye yo pa egziste vre. Tansèlman se yon Bondye moun pa ka wè. Bondye pèp Izrayèl la, se li ki konn delivre moun! Moun k'ap fè estati yo pral wont, yo tout pral tèt bese. Moun pral pase yo nan betiz. Men, Senyè a ap delivre pèp Izrayèl la pou tout tan. Nou p'ap janm wont ankò, nou p'ap janm bese tèt nou ankò devan pèsonn jouk sa kaba. Se Senyè a ki kreye syèl la. Se li menm sèlman ki Bondye. Se li menm ki fè latè, ki ba li fòm li. Se li menm ki fè l chita fèm. Li pat fè l pou l te tounen yon dezè, men pou l te yon kote pou moun rete. Men sa li di: Se mwen menm ki Senyè a. Nanpwen lòt. Se pa ankachèt mwen te pale, ni nan kalbas. Mwen pa te di moun ras Jakòb yo pou yo chache m' kote ki pa gen anyen. Mwen menm, se Senyè a mwen ye. Mwen pale laverite. Mwen fè konnen sa ki dwe fèt. Senyè a di ankò: — Sanble non! Sanble, moun lòt nasyon yo: Pwoche non! Pwoche devan tribinal la non, nou menm ki rive chape yo! Bann moun k'ap plede fè posesyon ak zidòl an bwa yo, k'ap lapriyè bondye ki pa ka delivre yo, yo pa konn anyen! Vin plede kòz nou! Mete tèt nou ansanm pou nou konnen sa nou pral di! Kilès moun ki te di davans sa ki gen pou rive a? Kilès ki te fè konnen sa depi lontan? Se pat mwen menm, Senyè a? Nanpwen lòt bondye pase mwen menm. Mwen se Bondye ki pa nan patipri. Se mwen ki ka delivre moun. Tounen vin jwenn mwen pou nou ka delivre, nou tout ki rete sou latè! Paske se mwen ki Bondye. Pa gen lòt! Mwen fè sèman sou tèt mwen, sa m'ap di la a se laverite klè. Pèsonn p'ap ka demanti pawòl mwen yo. Tout moun pral vin ajenou devan mwen. Nan tout lang, y'ap pran non mwen pou yo fè sèman. Y'a di: Se nan Senyè a sèl nou jwenn jistis ak fòs kouray! Tout moun ki t'ap kenbe tèt avè l yo pral wont, y'ap vin nan pye l. Men, gremesi Senyè a, moun ras Izrayèl yo pral kanpe ankò. Yo pral fè lwanj mwen.