Ezayi 44:9-20

Ezayi 44:9-20 HAT98

Tout moun k'ap fè estati zidòl yo, se moun ki pa vo anyen. Bondye yo renmen anpil yo pa ka fè anyen pou yo. Moun k'ap pran pou yo se moun ki pa wè, moun ki pa konn anyen. Se pou sa yo pral wont pita. Ki moun k'ap fè pòtre yon bondye, k'ap fonn metal pou fè yon estati san li pa wè avantaj li ladan l? Moun k'ap sèvi estati zidòl yo pral wont. Moun k'ap fè estati yo, se moun yo ye. Se pou yo vini pou yo konparèt devan tribinal la. Se pou yo pè, se pou yo wont! Bòs fòjon an pran yon moso fè, li mete l nan dife, li travay li ak mato. Li ba l fòm li vle ak fòs ponyèt li. Li pa manje, li vin fèb. Li pa bwè dlo, li pa kapab ankò. Moun k'ap travay bwa a menm pran mezi yon moso bwa, li trase pòtre zidòl la sou li ak moso lakre, li travay li ak sizo. Li ba li fòm yon moun, fòm yon bèl moun, pou l mete l nan yon tanp. Li ka koupe yon pye sèd. Li ka chwazi yon pye chenn, osinon yon pye kajou nan rakbwa a. Li ka plante yon pye pichpen epi li tann pou lapli fè l grandi. Moun sèvi ak moso nan rès bwa a pou boule. Yo fè dife pou yo chofe, pou yo kwit manje. Avèk rès bwa a, yo fè yon bondye pou yo adore, yo estati pou mete ajenou devan li. Avèk mwatye nan bwa a, yo fè dife, yo griye vyann, yo manje plen vant yo. Yo chofe kò yo tou, epi yo di: Dife a bon! Li cho! Ala bèl dife! Avèk rès bwa a, yo fè estati yon bondye pou yo sèvi. Yo mete ajenou devan l, yo lapriyè devan l, y'ap di: Ou se bondye mwen. Delivre m non! Moun sa yo pa konn anyen, yo pa konprann anyen, paske je yo bouche, yo pa ka wè. Lespri yo bouche, yo pa konprann anyen. Moun k'ap fè zidòl yo pa reflechi, yo pa konn anyen, yo pa konprann pou yo ta di: mwen boule mwatye bwa a nan dife. Mwen pare manje sou chabon dife a. Mwen boukannen vyann pou m' manje. Avèk rès bwa a, mwen fè yon bagay pou avili mwen, mwen fè yon zidòl. M'ap adore bout bwa! Se tankou si yo te mete konfyans yo nan sann dife. Se tèt yo y'ap twonpe. Yo pèdi wout yo. Yo p'ap ka sove lavi yo, yo pa konprann zidòl yo gen nan men yo a se pa bondye li ye.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an