Ezayi 38

38
Maladi Ezekyas
(2 Wa 20.1-11; 2 Kwonik 32.24-30)
1Menm epòk sa a, Ezekyas tonbe #2 Wa 20.1-11 malad. #2 Kwo 32.24 Li te trape yon maladi ki pa bay chans. Pwofèt Ezayi, pitit Amòt la vin wè li. Li di li:
— Men sa Senyè a voye di ou: ou mèt mete lòd nan zafè ou paske ou pral mouri. Pa gen rechap pou ou.
2Ezekyas vire figi li bay panno a fas, li lapriyè Senyè a. 3Li #2 Wa 18.5,6 di:
— Tanpri, Senyè! Chonje jan mwen te sèvi ou ak tout kè mwen san m pa janm vire do ba ou! Mwen te toujou fè sa ou te vle m fè.
Epi li pran kriye kont kriye l. 4Lè sa a, Senyè a pale ak Ezayi, li di l konsa:
5— Tounen al jwenn Ezekyas. W'a di l pou mwen, men sa Senyè a, Bondye David, zansèt ou a, voye di ou: Mwen tande lapriyè ou. Mwen wè jan sa fè ou mal. M'ap kite ou viv kenzan ankò. 6M'ap #Eza 37.35 delivre ou ansanm ak lavil Jerizalèm anba men wa Lasiri a. M'a pran defans lavil la.
21 # 38.21-22: Nou mete vèsè sa yo la dapre sa nou jwenn nan 2 Wa 20.6-9 Ezayi mande pou yo fè yon konprès figfrans mete sou kote wa a malad la pou li ka geri. 22Lè sa a, wa Ezekyas mande:
— Kisa k'ap fè mwen konnen m'ka ale nan tanp lan ankò?
7Ezayi #2 Wa 20.9-11 reponn li:
— Men siy Senyè a pral ba ou pou ka konnen l'ap kenbe pawòl li. 8Gade kadran solèy #38.8: kadran solèy: Wè esplikasyon yo bay nan 2 Wa 20.9-11. wa Akaz te fè a. Senyè a pral fè lonbray la fè bak sou dis ti mak.
Epi vre, lonbray la mache fè bak sou dènye dis ti mak li te fin depase.
9Men kantik Ezekyas, wa a, te chante lè li refè apre maladi li a:
10Mwen #Sòm 102.24 t'ap di nan kè m
se mwatye nan lavi m ase mwen viv.
Gade mwen gentan pral mouri.
Mwen rive nan pòt pou m antre kote mò yo ye a.
M'ap mouri anvan lè m.
11Mwen #Sòm 27.13; 31.22 te kwè mwen pa t'ap janm gen chans ankò
pou m te wè Senyè a sou latè kote moun vivan yo ye a,
ni pou m te wè pèsonn ankò nan moun k'ap viv sou latè.
12Tankou #Jòb 4.20; 6.9; 7.6; 2 Kor 5.1 yon ti kay jaden, yo rache m,
yo demoli m pote m ale.
Yo koupe lavi m tankou yo koupe fil
nan metye moun k'ap tise twal yo.
Sòti nan maten rive aswè, m'ap deperi.
13Tout lannwit m'ap rele anba doulè.
Tankou yon lyon, Bondye t'ap kraze tout zo nan kò m.
Sòti nan maten rive nan aswè, m'ap deperi.
14M'ap #Sòm 69.3; Eza 59.11 plenn tou piti tankou ranmye.
M'ap plenyen tankou yon toutrèl.
Je m bouke tank m'ap gade syèl la.
Senyè, mwen pa kapab ankò!
Vin fè kichòy pou mwen non!
15Kijan pou m pale avè l? Sa pou m di l?
Se Senyè a k'ap fè travay li.
Malgre tout lapenn sa a ki nan kè m lan,
m'a debat ak lavi a jouk mwen mouri.
16 # 38.16: Vèsè sa a pa klè nan tèks ebre a. Senyè! nan bon kè ou, ou fè m jwi lavi.
Souf lavi a nan mwen toujou.
W'ap geri m, w'ap ban m lavi.
17Ou #Sòm 103.12; 119.75 wete m nan kè sere m te ye a.
Se ou menm ki wete m nan bouch twou a.
Ou voye tout peche m yo jete dèyè do ou.
18Yo #Sòm 6.5; 88.10; Ekl 9.10 pa fè lwanj ou kote mò yo ye a.
Non. Moun mouri pa ka fè fèt pou ou!
Moun ki deja desann kote mò yo ye a pa ka konte sou ou
pou ou kenbe pawòl ou.
19Se #Det 4.9; Sòm 78.3,4 moun ki vivan ase ki ka fè lwanj ou
tankou mwen menm jòdi a.
Granmoun va fè pitit yo konnen jan ou toujou kenbe pawòl!
20 # 38.20: N'a jwenn vèsè 21 ak vèsè 22 yo apre vèsè 6 la nan menm chapit la. Senyè a delivre m!
N'a fè mizik sou tout enstriman mizik nou yo
n'a chante nan kay Senyè a pandan tout lavi nou.

Chwazi Kounye ya:

Ezayi 38: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte