Ezayi 28

28
Avètisman pou moun Samari
1Madichon pou gwògmann yo ki alatèt peyi Efrayim lan! Pouvwa yo ap fini tankou flè ki fè bèlte kouwòn yo te mete sou tèt yo a. Madichon pou bèl kapital k'ap deperi sou tèt mòn kote li dominen bon venn tè ki nan plenn lan! Madichon pou nou tout ki soule anba gwòg nou! 2Senyè a #Eza 8.7; 30.30; Eze 13.11 gen yon moun ki gen fòs, yon moun ki gen pouvwa pou fè travay la pou li. L'ap vini tankou yon gwo lapli k'ap tonbe fòs avès, k'ap fè dlo moute anvayi toupatou. L'ap pran tout bagay nan men l, l'ap leve yo, l'ap fese yo atè. 3Li pral pilonnen anba pye li sa ki te fè lògèy gwògman yo, chèf peyi Efrayim yo. 4Bèl kapital chèf sa yo pral fini kraze sou tèt mòn kote l'ap donminen sou bon venn tè ki nan fon an. Enben, yo pral disparèt tankou premye fig frans mi ki parèt nan sezon an. Wè yon moun wè l, l'ap pran l, l'ap manje l.
5Jou sa a, Senyè ki gen tout pouvwa a pral tankou yon bèl kouwòn flè pou rès moun ki pa mouri yo, yon bèl kouwòn dyaman pou sa ki chape yo. 6L'a #1 Wa 3.28 fè moun ki chita nan tribinal yo gen bon konprann pou yo pa fè lenjistis. L'ap bay sòlda yo fòs pou yo ka kilbite lènmi yo lòt bò pòtay lavil la.
Ezayi ak pwofèt gwògè Jida yo
7Ata #Pwo 20.1; Oze 4.11 pwofèt yo ak prèt yo, yo sitèlman sou, y'ap titibe. Yo sitèlman bwè diven ak gwo gwòg fò, y'ap di betiz, y'ap depale. Pwofèt yo twò sou pou yo konprann anyen nan vizyon Bondye ap fè yo wè. Prèt yo ap depale, yo pa konn sa pou yo di lè moun vin mete yon ka devan yo. 8Yo vonmi sal tout tab kote yo chita a. Pa gen yon ti kote ki pa sal.
9Y'ap #Jer 6.10 pale sou mwen, y'ap di: Ki moun l'ap moutre tout bagay sa yo? Ki moun l'ap fè konprann sa Bondye fè l konnen an? Gen lè se pou timoun ki fenk sevre, timoun ki fenk kite tete? 10Tankou pwofesè lekòl, l'ap repete lèt apre lèt, liny apre liny, leson apre leson. 11Si #1 Kor 14.21 yo pa koute m, Bondye pral voye yon bann moun k'ap pale yon lòt lang yo p'ap konprann menm pou pale ak yo. 12Se #Eza 30.15 li menm ki te ban nou yon kote pou n poze kò nou, yon peyi kote tout moun ki bouke ka jwenn kanpo, yon peyi kote moun ka viv ak kè poze, men nou derefize koute. 13Se #Eza 8.15 poutèt sa, Senyè a pral pale ak nou, l'ap repete lèt apre lèt, liny apre liny, leson apre leson. Lè sa a, n'a pral bite, nou pral tonbe sou dèyè, nou pral kase pye nou, nou pral pran nan pèlen, y'ap fè nou prizonye.
Yon wòch kwen pou Siyon
14Se poutèt sa, nou menm bann awogan ki chita lavil Jerizalèm pou gouvènen pèp sa a, koute sa Senyè a di nou:
15— N'ap fè grandizè dèske nou te pase kontra avèk lanmò, nou te siyen papye ak chèf peyi kote mò yo ye a. N'ap plede di lè malè a va rive li p'ap tonbe sou nou, paske avèk fòs manti nou jwenn kote pou n kache, avèk fòs plan nou maske kò nou. 16Se #Jen 49.24; Wòm 9.33; Ef 2.20; 1 Pyè 2.6 poutèt sa, kounyeya, men sa Senyè a di: Gade! Se mwen menm menm k'ap mete yon fondasyon byen fèm, byen solid nan lavil Siyon an. Nan kwen fondasyon an, m'ap mete yon gwo wòch pyè byen chita. Sou li m'ap make: moun ki gen konfyans nan Bondye p'ap janm gen kè sote. 17Jistis, se va mèt k'ap sèvi pou mezire fondasyon an. Seryozite, se va nivo k'ap sèvi pou mete l nivo. Men, gwo van lagrèl la pral kraze kachèt mantò yo. Dlo inondasyon an pral bwote kachkach nou yo pote ale.
18Li pral kraze kontra nou te pase avèk lanmò a. Li pral chire papye nou te siyen avèk chèf peyi kote mò yo ye a. Lè malè a vini, l'a kraze nou. 19Malè a ap pase sou nou chak maten. N'a gen pou n sipòte l lajounen kou lannwit. Chak mesay Bondye va fè yo konnen va ba yo sezisman.
20Jan pawòl la di a, n'ap tankou moun k'ap chache kouche sou yon kabann twò kout pou yo, anba yon lenn ki manke lajè. 21Paske #Joz 10.10-14; 2 Sam 5.20 Senyè a pral leve kanpe jan l te fè l sou mòn Perazim lan, li pral souke kò l jan l te fè l nan plenn Gabawon an, pou l fè sa li vle fè a, bagay nou pa ta janm kwè, pou l fin fè travay li, travay nou pa ka konprann.
22Kounyeya, piga #Eza 10.23 nou pase pawòl mwen yo nan betiz pou yo pa mare nou nan kòd pi rèd toujou. Paske, Senyè ki gen tout pouvwa a fè m konnen li fin pran desizyon l pou l detwi tout peyi a. Li p'ap chanje lide.
Bon konprann Bondye
23Pare zòrèy nou! Tande sa m'ap di nou!
Koute byen pawòl k'ap sòti nan bouch mwen!
24Yon moun k'ap travay tè p'ap janm pase tout tan l ap raboure, ap kraze bit, ap pare tè pou plante. 25Rive yon lè, lè li fin bat tè a, l'ap simen grenn tankou lanni ak kannèl. Apre sa, l'ap plante ble, pitimi ak lòj. Lèfini, sou lizyè jaden an li gendwa simen lòt grenn tankou pwa chouk. 26Li konn sa pou l fè, paske se Bondye menm ki moutre l sa pou l fè. 27Yo pa janm sèvi ak woulo pou degrennen lanni osinon kannèl. Men, se avèk yon bout bwa yo bat pitimi ak pwa. 28Lè y'ap bat ble a pou degrennen l, yo pa bat li san rete. Yo konnen jan pou yo fè woulo a pase sou ble a san yo pa kraze grenn yo. 29Tout #Eza 9.6; Jer 32.19 konesans sa a se nan Bondye ki gen tout pouvwa a li sòti. Plan travay li se bèl bagay. Li bay bon konsèy, li gen anpil bon konprann.

Chwazi Kounye ya:

Ezayi 28: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte