Ezayi 22

22
Mesay pou lavil Jerizalèm
1Men yon mesay pou Fon Vizyon an:
— Sa k'ap pase konsa? Poukisa tout moun nan lavil la ap moute sou teras anwo kay yo pou fè fèt konsa? 2Tout lavil la tèt anba. Toupatou se bri, se banbòch.
Moun ki mouri nan mitan nou yo, se pa nan goumen ni nan lagè yo mouri. 3Tout chèf lame nou yo vole gadjè. Anvan menm yo te voye yon flèch, yo te gentan fè yo tout prizonye. Tout moun ki t'ap kouri met deyò yo, yo fè yo tout prizonye tou. 4Se #Jer 9.1; Eza 2.12 poutèt sa mwen di: Kite m pou kont mwen pou m ka kriye kont kriye mwen! Pa chache konsole m pou gwo malè sèk sa a ki tonbe sou pèp mwen an! 5Jounen jòdi a, se yon jou debandad, se jou yo pèdi batay la, se jou pèsonn pa konn sa pou yo fè. Se Senyè ki gen tout pouvwa a menm ki fè sa rive nou. Nan Fon Vizyon an, y'ap kraze miray lavil yo met atè. Nan tout mòn yo, y'ap rele mande sekou.
6Sòlda peyi Elam yo moute sou cha yo ak sou chwal yo. Banza yo ak flèch yo tou pare, y'ap vini. Lame peyi Ki a pran zam pou pare kou yo. 7Cha lagè anvayi tout plenn kote nou gen pi bon venn tè jaden. Sòlda yo kanpe sou chwal yo devan pòtay lavil Jerizalèm. 8Pa #1 Wa 7.2; 10.17 gen anyen ankò pou defann moun peyi Jida yo.
Lè sa a, nou kouri al chache zam nan depo zam palè wa a. 9Nou #2 Kwo 32.5; Ney 3.16 te wè te gen anpil kote ki fann nan miray lavil David la. Nou ranmase dlo k'ap sòti nan rezèvwa anba a. 10Nou mache konte tout kay ki nan lavil Jerizalèm. Nou kraze de twa ladan yo pou nou fè miray lavil la pi solid. 11Nou #2 Wa 20.20; 25.4; 2 Kwo 32.3,4; Eza 5.12 bati yon rezèvwa nan mitan de miray pou ranmase dlo k'ap sòti nan Vye Basen. Men, nou pa janm dòmi reve Bondye, li menm ki te fè lide sa a depi lontan, li menm ki lakòz tout bagay sa yo rive konsa.
12Jou sa a, Senyè ki gen tout pouvwa a te rele nou, li te mande nou pou nou kriye, pou nou plenn, pou nou koupe tout cheve nan tèt nou, pou nou mete rad sak sou nou. 13Men, #Eza 56.12; 1 Kor 15.32 gade! Nou pito rete ap ri, n'ap fè fèt, n'ap touye bèf, n'ap touye kabrit ak mouton pou n manje, n'ap bwè diven. N'ap plede di: Annou manje, annou bwè, paske denmen nou pral mouri.
14Senyè #1 Sam 3.14 ki gen tout pouvwa a pale nan zòrèy mwen, li di m: Yo p'ap janm padonnen moun sa yo fòt yo fè la a jouk jou yo mouri. Se mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa.
Avètisman pou Chebna
15Men #2 Wa 18.18,26,37; 19.2; Eza 36.3 sa Senyè ki gen tout pouvwa a di m ankò:
— Ale kay Chebna, chèf ki reskonsab kay wa a. Mesye te fè fouye yon kavo sou ti mòn lan pou lè li mouri. W'a di l pou mwen: 16Kisa #Mat 27.60 ou genyen ki pou ou isit la? Ki fanmi ou gen isit la pou ou fè fouye yon kavo pou ou nan flan ti mòn lan? 17Ou mèt grannèg kont kò ou, Senyè a pral pase men l pran ou, l'ap voye ou jete byen lwen. 18L'ap #Eza 36.9 plòtonnen ou, l'ap fè ou tounen yon boul, l'ap voye ou al teri nan yon pi gwo peyi. Se la l'ap voye ou al mouri nan mitan tout cha ki t'ap fè ou fè tout granpanpan sa a. Ou se yon wont pou kay mèt ou a. 19M'ap kase ou nan plas kote ou ye a, m'ap fè ou desann sòti kote ou chita a.
20#2 Wa 18.18 sa a, m'a voye chache sèvitè m lan, Elyakim, pitit gason Ilkija a. 21M'a pran palto ki sou do ou la, m'a ba li l. M'a pran senti ki pase nan ren ou lan, m'a mare ren pa l avè l. Pouvwa ou te genyen an, m'ap ba li l: l'ap tankou yon papa pou tout moun nan lavil Jerizalèm ak nan peyi Jida. 22Apre #Rev 3.7 wa a, pitit pitit ki sòti nan fanmi David la, se li menm k'ap sèl chèf. M'ap ba li kle pou l reskonsab kay David la: Lè li louvri, pèsonn p'ap ka fèmen. Lè li fèmen, pèsonn p'ap ka louvri. 23M'ap #Esd 9.8; Ekl 12.11 mete l chita, l'ap tankou yon zegwi bwa yo fè antre byen fon nan yon poto. Li pral sèvi yon lwanj pou fanmi papa l.
24Men, tout fanmi l, tout ti fanmi l yo pral tounen yon chay twò lou pou li. Yo pral pandye nan kou l tankou gode ak bòl ki pandye nan yon zegwi bwa. 25Lè sa a, men sa Senyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a di: Zegwi yo te fè antre byen fon nan poto a pral rache. L'ap sòti, l'ap tonbe atè, epi tout chay ki sou li a pral tonbe tou. Se Senyè a ki di sa.

Chwazi Kounye ya:

Ezayi 22: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte