Ezayi 13

13
Bondye pral pini Babilòn
1Men mesay Bondye te bay Ezayi, pitit Amòz la, sou lavil Babilòn:
2— Mete #Eza 5.26 yon drapo kanpe sou tèt yon mòn kote pa gen pyebwa menm! Rele byen fò pou sòlda yo pare yo! Leve men ou anlè. Ba yo siyal pou y'al atake pòtay lavil grannèg yo! 3Se mwen menm, Senyè a, k'ap bay sèvitè m yo lòd! M'ap rele tout vanyan sòlda mwen yo, tout moun pa m yo ki gen kè kontan, k'ap mache tèt anlè, pou yo pini moun k'ap fè m fè kòlè yo.
4Koute yon gwo bri sou mòn yo! Se tankou bri yon gwo foul moun, yon kantite nasyon ak moun tout peyi k'ap sanble. Se Senyè ki gen tout pouvwa a k'ap fè enspeksyon lame li a anvan y'al goumen. 5Senyè a move, l'ap vini ansanm ak sòlda ki pral fè sa li ba yo lòd fè a. Y'ap sòti byen lwen nan lòt peyi ki nan dènye bout latè pou yo vin ravaje tout peyi a.
6Nou #Jowèl 1.15; Sof 1.7 mèt plenyen kont kò nou, paske jou Senyè a pre rive! Bondye ki gen tout pouvwa a pral vini pou l devaste tè a. 7Se #Jer 6.24; Na 2.10 poutèt sa, tout moun sou latè pèdi kouray, kè yo kase! 8Y'ap rete konsa, yo pral gen doulè ak lakranp nan tout kò yo. Yo pral tòde tankou fanm ansent ki gen tranche. Yonn ap gade lòt san di krik, y'ap rete ak je yo louvri byen gran tèlman y'a wont. 9Jou Senyè a ap rive. Senyè a ap san pitye, l'ap fè gwo kòlè, l'ap move anpil. L'ap fè tè a tounen yon dezè, l'ap disparèt dènye moun k'ap fè sa ki mal! 10Tout #Eze 32.7; Jowèl 3.15; Mak 13.24 grenn zetwal nan syèl la, tout zetwal Oryon yo p'ap klere ankò. Solèy la ap tou nwa lè li leve, lalin lan menm p'ap klere ankò.
11Senyè a di ankò:
— Mwen pral fè dezolasyon tonbe sou tout latè poutèt mechanste moun yo ap fè. Mwen pral pini tout mechan yo poutèt fòfè y'ap fè yo. Mwen pral kraze lògèy tout moun k'ap gonfle lestonmak yo. Mwen pral kraze awogans tout mechan k'ap peze moun anba pye yo. 12Moun k'ap chape yo ap pi ra pase bon lò, pase bon lò ki sòti nan peyi Ofi. 13Se #Aje 2.6 poutèt sa, jou mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa a, m'a fè move san an, jou m'a fè gwo kòlè mwen an, m'ap fè syèl la tranble, m'ap fè tè a kite plas kote li ye a. 14#Jer 50.16; 51.9 sa a, moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi Babilòn lan va kouri al lakay yo nan peyi yo, tankou gazèl bèf mawon k'ap kouri pou chasè, tankou mouton san gadò ki gaye nan savann. 15Y'ap touye tout moun peyi a y'a kontre sou wout yo, y'ap kraze tout moun peyi a y'a bare sou chemen yo. 16Y'ap #Na 3.10 krabinen ti pitit yo la devan je yo, y'ap piye kay yo, y'ap fè kadejak sou madanm yo.
17Senyè a #Jer 51.11 di ankò:
— Mwen pral voye moun peyi Medi #13.17: peyi Medi: Se yon peyi ki sou bò nòdès peyi Babilòn. Li te fè pati zòn ki te anba gouvènman wa Pès la. yo vin atake yo. Se yon bann moun lajan pa di yo anyen, lò pa tante yo. 18Avèk banza yo, yo pral touye jenn gason. Y'ap san pitye pou timoun fenk fèt. Kè yo p'ap fè yo mal pou timoun piti. 19Lavil #Eza 47.5; Jer 50.40 Babilòn, se yon bijou. Se li ki pi bèl pase tout peyi. Moun peyi Kalde yo plen lògèy, y'ap fè grandizè poutèt li. Men, mwen menm Senyè a, m'ap kraze l tankou mwen te kraze lavil Sodòm ak lavil Gomò. 20Moun #Jer 51.43 p'ap janm al rete la ankò. L'ap rete san moun pou tout tan. Moun peyi Arabi k'ap mache nan dezè yo p'ap janm moute tant yo bò la, ni okenn gadò mouton p'ap janm mennen mouton yo vin manje bò la. 21Se #Eza 34.13,14 la tout bèt nan bwa pral rete. Koukou pral fè nich nan tout kay yo. Se la grangozye pral fè kay. Se la kabrit mawon pral danse kalinda. 22Chen mawon pral wouke nan gwo kay yo. Chat mawon pral pran plezi yo nan bèl palè yo. Lè a prèt pou sonnen pou lavil Babilòn, jou l prèt pou bout.

Chwazi Kounye ya:

Ezayi 13: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte