Lè n'ap vin fè sèvis pou mwen, ki moun ki mande nou pou nou fè tout ale vini sa yo nan lakou Tanp mwen an? Nou mèt sispann fè bann ofrann sa yo ki p'ap sèvi nou anyen. Mwen pa ka sipòte lafimen lansan n'ap ofri m lan. Mwen pa vle wè fèt lalin nouvèl nou yo, jou repo nou yo ak tout lòt reyinyon n'ap fè yo. M pa ka sipòte fèt moun k'ap fè mechanste yo ap fè pou mwen. Mwen rayi fèt lalin nouvèl nou yo ak tout bèl seremoni n'ap plede fè yo. Se yon chay yo tounen pou mwen. Mwen pa ka sipòte yo ankò. Lè n'ap leve bra anlè pou lapriyè nan pye mwen, m'ap bouche je mwen pou mwen pa wè nou. Nou mèt lapriyè sou lapriyè, mwen p'ap tande nou kras. Paske tout men nou se san. Manyè netwaye lavi nou non! Mete nou nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen non! Sispann tout lenjistis mwen wè n'ap fè yo! Wi, sispann fè sa ki mal! Manyè aprann fè sa ki byen! Chache fè sa ki dwat devan mwen! Pran defans moun y'ap kraze yo! Defann kòz ti òfelen san papa yo ak fanm ki pèdi mari yo. Senyè a di konsa: — Nou mèt vini atò! Vini non! Ann regle koze a! Menm si peche nou ta wouj kou san, m'ap lave, m'ap fè nou vin blan kou koton. Si li ta wouj nètale, n'ap vin blan kou lablanchè.
Li Ezayi 1
Koute Ezayi 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Ezayi 1:12-18
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo