Oze 9

9
Oze di Izrayèl nan ka
1Nou menm pèp Izrayèl, pa fè kè nou kontan! #Jer 44.17; Oze 1.2; 2.5 Sispann fè fèt tankou moun lòt nasyon yo. Nou vire do bay Bondye nou an, nou pa kenbe pawòl nou te gen avè l la. Tankou fanm ki nan dezòd, nou kouche kote nou jwenn glasi pou ti grenn yo fè nou kado. 2Men, talè konsa, nou p'ap gen kont farin, ni kont lwil pou nou sèvi. Kanta pou diven, nou p'ap jwenn sa menm. 3#9.3: Dapre Liv Prensip lavil nan Bondye (Levitik), chapit 11, gen yon seri manje moun Izrayèl yo pat gendwa manje si yo vle rete nan kondisyon pou sèvi Bondye yo. Pèp #Lev 25.23; Eze 4.13; Oze 8.13 Izrayèl la p'ap rete nan peyi Senyè a. Moun Efrayim yo ap tounen peyi Lejip ankò. Yo pral manje nan peyi Lasiri manje yo pa te gendwa manje. 4#Det 26.14; Eze 24.17; Aje 2.13 sa a, yo p'ap ka ofri diven bay Senyè a, ni yo p'ap ka fè okenn ofrann bèt ki pou ta fè l plezi. Tout manje yo ap tankou manje yo bay nan veye. Tout moun ki manje manje sa yo p'ap nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye. Manje a va sèvi pou plen vant yo ase. Yo p'ap ka pran ladan l pou ofri bay Senyè a nan Tanp li a. 5Kisa y'a fè menm lè gwo jou a, lè jou pou yo fè fèt pou Senyè a va rive? 6Men #Eza 2.20; Eza 10.3; Oze 10.8 malè tonbe sou yo, yo leve, yo pati. Moun peyi Lejip yo ap ranmase yo, y'ap antere yo nan lavil Menmfis. Raje pral pouse tout kote yo te konn mete richès yo. Pikan pral anvayi tout kote yo te moute kay yo.
7Jou pou yo pini nou an rive. Wi, lè pou yo ban nou sa nou merite a pral rive. Lè sa a, moun peyi Izrayèl yo va konprann sa k'ap rive yo a. Y'ap plede di: Pwofèt sa a pèdi tèt li. Nonm ki gen lespri Bondye moute l la pa konn sa l'ap di. Men se paske yo fè gwo peche, se paske yo vire do bay Bondye kifè sa rive yo. 8#9.8: Vèsè sa a pa klè nan tèks ebre a. Bondye #Oze 5.1 voye m tankou yon pwofèt pou m avèti moun Izrayèl yo, pèp li a. Men tout kote m pase, yo pare pèlen pou yo pran m tankou yon zwazo. Menm nan pwòp kay Bondye a, yo pa vle wè m. 9Yo #Jij 19.22 lage kò yo nèt nan fè sa ki mal, tankou yo te fè l lavi Gibeya. #9.9: Gibeya: Nan lavil Gibeya sa a moun branch fanmi Benjamen yo te fè kadejak sou yon fanm kay yon moun Levi. Sa te lakòz yo te twaka disparet moun Benjamen yo. Bondye va chonje jan yo mechan, la pini yo pou tout peche yo fè.
Bondye ap pini Izrayèl
10Senyè a #Nonb 25.3; Sòm 80.8; Wòm 1.28 di: Lè m te fenk jwenn pèp Izrayèl la, se te tankou si m te jwenn yon grap rezen nan mitan yon dezè. Lè m te fenk wè zansèt nou yo, se te tankou si m te wè premye fig frans ki mi nan rekòt fig la. Men, lè yo rive Baal-Peyò yo lage kò yo nan sèvi Baal. Yo fè m vin rayi yo, tankou mwen rayi zidòl yo te renmen yo. 11Sa ki te yon lwanj pou pèp Efrayim lan ap vole ale tankou zwazo. Yo p'ap fè pitit, madanm yo p'ap gwovant, madanm yo p'ap menm ansent. 12Menm #1 Sam 28.15,16; Oze 13.16 si yo rive fè pitit, mwen p'ap kite yo fin grandi. Lè m vire do ba yo, malè ap rive yo.
13 # 9.13: Vèsè sa a pa klè nan tèks ebre a. Mwen #1 Sam 28.15,16; Eze 27.3 fè yon vizyon, mwen wè pitit gason moun Izrayèl yo nan yon bèl jaden, epi se moun Izrayèl yo menm ki t'ap mennen yo bay ansasen. 14Senyè! #Lik 23.29 Kisa m ta mande ou fè pou yo? Fè madanm yo toujou an pèdisyon? Fè yo pa gen lèt pou bay pitit yo tete?
Jijman Senyè a sou pèp Izrayèl
15Senyè a di konsa: Mechanste pèp la konmanse depi nan peyi Gilgal. Se la menm mwen konmanse rayi yo. Yo fè twòp move zak. Se poutèt sa, m'ap mete yo deyò nan peyi mwen an. Mwen p'ap renmen yo ankò, paske tout chèf yo se yon bann wòklò. 16Peyi Efrayim lan tankou yon pyebwa ki pa ka donnen ankò. Rasin li yo fin cheche. Yo p'ap fè pitit. Menm si yo rive fè pitit, m'ap touye pitit yo pi renmen yo.
Pwofèt la ap pale sou pèp Izrayèl
17Bondye #Det 28.64,65 m'ap sèvi a ap voye yo jete paske yo pa te koute li. Yo pral lage tankou sanzave nan mitan lòt nasyon yo.

Chwazi Kounye ya:

Oze 9: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte