Oze 3

3
Oze ak fanm ki tonbe nan dezòd la
1Senyè a pale ak mwen ankò, li di m #Kan 2.5 konsa:
— Ale non, Oze! Al renmen yon fanm k'ap fè adiltè sou mari l ak yon lòt gason. Se pou ou renmen l menm jan mwen menm, Senyè a, mwen renmen pèp Izrayèl la, atout l'ap vire do ban mwen al jwenn lòt bondye, atout li renmen ofri gato rezen ba yo.
2Se #Lev 27.16 konsa, m'al peye pou retounen ak madanm mwen k'ap twonpe m'. Mwen peye kenz pyès ajan ak sèt barik diri pou li. 3Mwen #Det 21.13 di l.
— Ou pral rete avè m atò, machè! Ou pral sispann lage kò ou nan dezòd. Ou pa pral kouche ak okenn gason. Mwen menm tou, mwen p'ap nan kouche avè ou. 4Konsa #Jij 17.5; Oze 10.1 tou, moun Izrayèl yo pral rete pase kèk tan san wa, san chèf, san fè ofrann bèt, san wòch lotèl, san plastwon pou prèt yo. 5Apre #Eza 2.2; Jer 23.5; 50.4; Eze 34.24; Oze 1.11 sa, moun Izrayèl yo va tounen sou sa yo te fè a. Senyè a, Bondyè yo a, va fè yo chache l, y'a tounen vin jwenn David, wa yo a. Y'a gen krentif pou Senyè a. Apre sa, y'a toujou resevwa favè l.

Chwazi Kounye ya:

Oze 3: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an