Oze 11

11
Bondye renmen pèp Izrayèl la atout pèp la vire do ba li
1Lè Izrayèl te jenn toujou, mwen #Egz 4.22; Det 7.8; Oze 14.4; Mat 2.15 te renmen li. Epi kòm li se pitit gason mwen.
Mwen fè li soti kite peyi Lejip.
2Men, #Oze 2.13; 13.1,2 plis mwen te konsidere l tankou pitit mwen,
se plis li t'ap vire do ban mwen.
Yo t'ap plede fè ofrann bèt pou Baal,
yo t'ap plede boule lansan pou zidòl.
3Se #Egz 15.26; Det 1.31; Oze 7.15 mwen menm ki te moutre moun Izrayèl yo jan pou yo mache.
Mwen te konn pran yo nan bra mwen.
Men, yo pat vle rekonèt se mwen menm ki te pran swen yo.
4 # 11.4: Vèsè sa a pa klè nan tèks ebre a. Pou m te #Lev 26.13; Sòm 78.24-29; Jer 31.3; Jan 6.44; 12.32 ka rale yo sou mwen, mwen fè yo wè jan mwen renmen yo, jan mwen gen bon kè. Mwen defèt baboukèt ki te mare bouch yo a. Mwen bese atè pou m ba yo manje. 5Men #2 Wa 17.13,14 yo refize tounen vin jwenn mwen. Se poutèt sa yo p'ap tounen nan peyi Lejip la ankò, se moun Lasiri ki va gouvènen yo.
6Lènmi pral desann sou lavil yo ak nepe nan men yo. Y'ap kraze miray ranpa lavil yo, y'ap detwi pèp mwen an, paske yo fè sa yo pito. 7Yo #Oze 14.4 vire do ban mwen, yo fin pran pli a nèt. Y'a rele anba chay ki sou zepòl yo a, men pèsonn p'ap vin wete l sou yo.
8Nou #Jen 14.8; 19.24,25; Det 32.36 menm, moun Efrayim, kouman nou ta vle pou m'ta lage nou an?
Wi Efrayim, moun Izrayèl, kouman nou ta vle pou m'ta detwi nou tankou m' te fè lavil Adma a?
Kouman nou ta vle pou m'ta trete nou tankou mwen te trete lavil Zeboyim yo?
Non! Mwen pa gen kè pou m fè bagay konsa.
Tout zantray mwen ap fè mwen mal pou nou.
9Mwen #Nonb 23.19; Eza 12.6 p'ap fè sa m te di mwen t'ap fè lè m te ankòlè a.
Mwen p'ap detwi moun Efrayim yo ankò.
Paske se Bondye mwen ye, mwen pa tankou lèzòm.
Se yon bondye apa mwen ye. Mwen la avèk nou.
Mwen p'ap fè kòlè pou m vin detwi nou.
10Y'a #Eza 31.4; Jer 25.30; Jowèl 3.16 pran mache dèyè m ankò. Lè m'a gwonde tankou yon lyon, y'a tranble kou fèy bwa, y'a kouri kite peyi bò kote solèy kouche a, y'a vin jwenn mwen. 11Y'a #Eza 60.8; Zak 10.6,10 vole tankou zwazo, y'a kouri kite peyi Lejip. Y'a pran zèl tankou toutrèl, y'a kouri kite peyi Lasiri. M'a fè yo tounen vin rete nan peyi yo a. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa.
Senyè a kondannen Izrayèl ak Jida
12 # 11.12—12.14: Koresponn ak chapit 12.1-15 nan tèks ebre a. Senyè a di ankò: Moun Efrayim yo kouvri m anba manti. Moun Izrayèl yo vlope m ak bèl pawòl. Men, moun peyi Jida yo ap kenbe tèt avè m toujou, mwen menm Bondye ki toujou kenbe pawòl mwen, mwen menm ki yon Bondye apa! #11.12: Vèsè sa a pa klè nan tèks ebre a.

Chwazi Kounye ya:

Oze 11: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte