Ebre 7:1-10

Ebre 7:1-10 HAT98

Mèlkisedèk sa a, se te wa peyi Salèm, yon prèt ki t'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. Lè Abraram t'ap tounen lakay li, apre li te fin kraze kèk wa nan yon batay, Mèlkisedèk vin kontre l, li ba l benediksyon. Lè sa a, Abraram separe ba li yon dizyèm nan tou sa li te pran. Nonb Mèlkisedèk la gen de sans. Nan yon premye sans, li vle di Wa ki bay jistis la. Men, akòz li te wa peyi Salèm, li gen yon dezyèm sans. Li vle di tou Wa ki bay kè poze a. Mèlkisedèk sa a, nou pa konn ni papa l, ni manman l, ni okenn nan zansèt li yo. Yo pa di ki bò l te fèt, ni ki bò l mouri. Li tankou Pitit Bondye a, li rete prèt pou tout tan. Nou tou wè ki kalite grannèg nonm sa a te ye, pou granpapa nou, Abraram, te ba li yon dizyèm nan tou sa l te pran nan batay la. Dapre lalwa Moyiz, se nan ras Levi ase yo chwazi moun ki pou sèvi prèt. Prèt sa yo resevwa lòd pou yo mande pèp la yon dizyèm sou tout bagay, sa vle di, yo mande moun ki sitwayen menm peyi ak yo pou bay yon dizyèm nan tou sa yo genyen. Men, yo tout se pitit pitit Abraram yo ye. Mèlkisedèk menm pat moun ras Levi. Men malgre sa, Abraram te ba li yon dizyèm nan tou sa li te pran. Sa ki pi rèd ankò, Mèlkisedèk bay moun ki te resevwa pwomès Bondye a benediksyon. Moun ki bay benediksyon pi gran pase moun ki resevwa benediksyon. Sa se vre. Nan ka prèt ras Levi yo, ofrann yon dizyèm lan se pou moun ki gen pou mouri. Men, nan ka Mèlkisedèk la, ladim lan se pou yon moun ki vivan, jan sa ekri nan Liv la. Gen plis ankò: nou ka di lè Abraram te bay ofrann dizyèm lan, Levi te peye l tou, li menm Levi ki gen pitit pitit li yo k'ap resevwa ofrann dizyèm lan kounyeya. Paske, nan yon sans, Levi ki pat ankò fèt te nan ren granpapa l, Abraram, lè Mèlkisedèk te vin kontre l la.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an