Ebre 7:1-10

Ebre 7:1-10 1998 Haïtienne (HAT98)

Mèlkisedèk sa a, se te wa peyi Salèm, yon prèt ki t'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. Lè Abraram t'ap tounen lakay li, apre li te fin kraze kèk wa nan yon batay, Mèlkisedèk vin kontre l, li ba l benediksyon. Lè sa a, Abraram separe ba li yon dizyèm nan tou sa li te pran. Nonb Mèlkisedèk la gen de sans. Nan yon premye sans, li vle di Wa ki bay jistis la. Men, akòz li te wa peyi Salèm, li gen yon dezyèm sans. Li vle di tou Wa ki bay kè poze a. Mèlkisedèk sa a, nou pa konn ni papa l, ni manman l, ni okenn nan zansèt li yo. Yo pa di ki bò l te fèt, ni ki bò l mouri. Li tankou Pitit Bondye a, li rete prèt pou tout tan. Nou tou wè ki kalite grannèg nonm sa a te ye, pou granpapa nou, Abraram, te ba li yon dizyèm nan tou sa l te pran nan batay la. Dapre lalwa Moyiz, se nan ras Levi ase yo chwazi moun ki pou sèvi prèt. Prèt sa yo resevwa lòd pou yo mande pèp la yon dizyèm sou tout bagay, sa vle di, yo mande moun ki sitwayen menm peyi ak yo pou bay yon dizyèm nan tou sa yo genyen. Men, yo tout se pitit pitit Abraram yo ye. Mèlkisedèk menm pat moun ras Levi. Men malgre sa, Abraram te ba li yon dizyèm nan tou sa li te pran. Sa ki pi rèd ankò, Mèlkisedèk bay moun ki te resevwa pwomès Bondye a benediksyon. Moun ki bay benediksyon pi gran pase moun ki resevwa benediksyon. Sa se vre. Nan ka prèt ras Levi yo, ofrann yon dizyèm lan se pou moun ki gen pou mouri. Men, nan ka Mèlkisedèk la, ladim lan se pou yon moun ki vivan, jan sa ekri nan Liv la. Gen plis ankò: nou ka di lè Abraram te bay ofrann dizyèm lan, Levi te peye l tou, li menm Levi ki gen pitit pitit li yo k'ap resevwa ofrann dizyèm lan kounyeya. Paske, nan yon sans, Levi ki pat ankò fèt te nan ren granpapa l, Abraram, lè Mèlkisedèk te vin kontre l la.

Pataje
Li Ebre 7

Ebre 7:1-10 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Ce Melkisédec était roi de Salem, et prêtre du Dieu très-haut. Abraham revenait du combat où il avait vaincu les rois. Melkisédec est allé à sa rencontre et il a béni Abraham. Et Abraham lui a donné un dixième de tout ce qu’il avait pris. Le nom de Melkisédec veut dire « roi de justice ». De plus, Melkisédec est roi de Salem , et cela veut dire « roi de paix ». Il n’a pas de père, ni de mère, ni d’ancêtres. On ne parle jamais de sa naissance ni de sa mort. Il ressemble au Fils de Dieu : il reste prêtre pour toujours. Voyez combien Melkisédec est important ! Même Abraham, notre ancêtre, lui a donné un dixième de ce qu’il avait gagné dans la bataille. La loi de Moïse commande ceci aux prêtres de la famille de Lévi : ils doivent demander au peuple d’Israël un dixième de tout ce qu’il a . Ils le demandent au peuple, c’est-à-dire à leurs frères, qui sont pourtant de la famille d’Abraham. Or, Melkisédec, lui, n’appartenait pas à la famille de Lévi. Et pourtant, il a reçu d’Abraham un dixième de ce qu’il avait gagné. Et Melkisédec a béni celui qui avait reçu les promesses de Dieu. Sans aucun doute, c’est le plus grand qui bénit le plus petit. Les prêtres qui reçoivent un dixième des biens du peuple, ce sont des hommes qui doivent mourir un jour. Melkisédec aussi a reçu un dixième des biens, mais lui, il est toujours vivant, comme les Livres Saints le disent. Ce sont les fils de la famille de Lévi qui reçoivent un dixième des biens du peuple. Pourtant, on peut dire que Lévi, lui aussi, a payé cet impôt, par l’intermédiaire d’Abraham. En effet, Abraham est son ancêtre. Et d’une certaine façon, Lévi était déjà dans le corps de son ancêtre, quand Abraham a rencontré Melkisédec.

Pataje
Li Ebre 7

Ebre 7:1-10 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Mèlkisedèk se te wa nan Salèm epi li te sakrifikatè pou Bondye ki pi Wo a tou. Li te rankontre Abraram apre Abraram te fin ranpòte laviktwa sou wa yo. Jou sa a, Mèlkisedèk te beni Abraram. Lè sa a, Abraram te ba li ladim sou tout sa l te genyen. Non Mèlkisedèk la gen de sans. Pou premye sans lan, Mèlkisedèk vle di “wa ki pratike lajistis.” Pou dezyèm sans lan, Mèlkisedèk se wa Salèm, sa vle di “wa ki bay lapè.” Pèsonn pa konnen ni ki lès ki papa l, ni ki lès ki manman l, ni ki kote l soti. Pa gen moun ki konnen ni ki lè l te fèt ni ki lè l te mouri. Mèlkisedèk sanble ak Pitit Bondye a, nan sans li rete sakrifikatè pou tout tan. Nou ka konprann ki nivo enpòtans Mèlkisedèk te genyen. Menm Abraram te ba l ladim sou tout sa l te pran nan batay la. Lalwa Moyiz la pase lòd pou moun ki soti nan fanmi Levi yo epi ki sèvi kòm sakrifikatè kolekte ladim nan men pèp la, menmsi yo tout ansanm se pitit pitit Abraram. Mèlkisedèk pa gen okenn rapò ak Levi, poutan li resevwa ladim nan men Abraram. Mèlkisedèk te beni Abraram, li menm ki te resevwa pwomès nan men Bondye. Tout moun konnen se moun ki gen plis enpòtans ki pou beni moun ki gen mwens enpòtans la. Moun ki soti nan branch fanmi Levi yo ki la pou kolekte ladim gen pou mouri tankou tout moun, epi Mèlkisedèk ki te resevwa ladim nan men Abraram toujou vivan, selon sa Bib la di nou. Se vre se sèlman moun ki soti nan branch fanmi Levi yo ki kolekte ladim nan men pèp la, men nou ka di lè Abraram te bay Mèlkisedèk ladim nan, Levi te ba l ladim pa mwayen Abraram tou. Lè Abraram te rankontre ak Mèlkisedèk, Levi pa t ko fèt, men nou ka di li te nan ren zansèt li Abraram.

Pataje
Li Ebre 7

Ebre 7:1-10 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Ce Melchisédek était, selon l’Ecriture, roi de Salem et prêtre du Dieu très-haut. C’est lui qui a rencontré Abraham quand celui-ci revenait de sa victoire sur les rois et qui l’a béni . Et c’est à lui qu’ Abraham a donné le dixième de tout son butin . Tout d’abord, le nom de Melchisédek signifie roi de justice. Ensuite, il est roi de Salem , ce qui veut dire : roi de paix. En outre, l’Ecriture ne lui attribue ni père, ni mère, ni généalogie. Elle ne mentionne ni sa naissance, ni sa mort. Elle le rend ainsi semblable au Fils de Dieu, et il demeure prêtre pour toujours. Remarquez quel rang éminent occupait cet homme pour qu’Abraham, le patriarche, lui donne la dîme de son butin. Certes, la Loi ordonne à ceux des lévites qui sont prêtres de prélever la dîme sur le peuple d’Israël, c’est-à-dire sur leurs frères, bien que ceux-ci soient, comme eux, des descendants d’Abraham. Mais Melchisédek, qui ne figure pas parmi les descendants de Lévi, a reçu la dîme d’Abraham. En outre, il a invoqué la bénédiction de Dieu sur celui qui avait reçu les promesses divines. Or, incontestablement, c’est l’inférieur qui est béni par le supérieur. De plus, dans le premier cas, ceux qui perçoivent la dîme sont des hommes mortels ; dans le second, selon le témoignage de l’Ecriture, il s’agit de quelqu’un qui vit. Enfin, concernant Lévi, qui perçoit la dîme, on peut même dire qu’il l’a versée à Melchisédek en la personne d’Abraham. En effet, puisqu’il n’était pas encore né, il était encore en puissance dans la personne de son ancêtre Abraham lorsque Melchisédek a rencontré celui-ci.

Pataje
Li Ebre 7

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an