Ebre 11:23-40

Ebre 11:23-40 HAT98

Se konfyans papa ak manman Moyiz te gen nan Bondye ki fè yo te sere li pandan twa mwa apre li fèt. Yo te wè jan li te yon bèl ti gason. Yo pa te pè dezobeyi lòd wa a te bay la. Se konfyans nan Bondye ki fè Moyiz, lè li vin gran, li te derefize yo rele li pitit gason pitit fi farawon a. Li te pito kite yo maltrete li ansanm ak pèp Bondye a, pase pou l te asepte pran plezi l nan peche pou yon ti tan. Tankou moun Bondye te chwazi pou voye a, li te konsidere li te pi rich lè yo t'ap pase l nan betiz pase si l te gen tout richès ki nan peyi Lejip la. Tou sa, paske je l te fikse sou rekonpans Bondye t'ap pare pou li a. Se konfyans nan Bondye ki fè Moyiz te kouri kite Lejip san li pa te pè kòlè wa a. Li te fèm nan konviksyon li. Se tankou li te wè sa lòt moun pa te ka wè. Se konfyans nan Bondye ki fè Moyiz te fete fèt Delivrans lan. Li te bay lòd voye san pou make pòt yo dekwa pou zanj Bondye a pa te touye okenn premyene nan gason ak nan bèt pèp Izrayèl la. Se konfyans nan Bondye ki fè moun Izrayèl yo te pase nan mitan lanmè Wouj tankou nan tè sèk. Men lè moun Lejip yo vin pou pase tou, lanmè a te anglouti yo tout. Se konfyans moun Izrayèl yo nan Bondye ki fè miray vil Jeriko te tonbe plat atè apre yo pèp la te pase sèt jou ap fè wonn lavil la. Se konfyans nan Bondye ki fè Rahab, fanm lavi lib la, pa te peri ansanm ak moun ki te dezobeyi Bondye yo. Paske li te byen akeyi espyon moun Izrayèl yo lakay li. Kisa m ta di nou ankò? Se tan mwen pa genyen pou m ta pale nou sou Gedeyon, Barak, Samson, Jefte, David, Samyèl ak tout pwofèt yo. Ak konfyans yo te gen nan Bondye a, yo goumen, yo pran peyi lòt moun nan men yo, yo gouvènen san patipri, yo resevwa sekou Bondye te pwomèt la. Yo fèmen bouch lyon yo, yo touye gwo gwo dife, yo chape anba men moun ki te vle touye yo ak nepe. Yo te fèb, men yo vin gen fòs, sa te rann yo vanyan anpil nan lagè, kifè yo te ka kraze lame etranje yo. Se konfyans nan Bondye ki fè anpil fanm te wè moun pa yo ki te mouri tounen reviv ankò. Gen ladan yo yo matirize jouk yo mouri. Yo refize asepte okenn moun vin delivre yo, pou yo te ka leve sòti nan lanmò, antre nan yon lavi ki pi bon. Gen lòt ladan yo moun pase anba betiz, yo bat yo byen bat. Gen lòt ankò yo mare yo ak chenn, yo jete yo nan prizon. Yo touye yo anba kout wòch, yo siye yo fè de moso, yo touye yo ak nepe. Se kouri yo t'ap kouri sòti yon kote al nan yon lòt tèlman moun t'ap pèsekite yo, tèlman yo t'ap maltrete yo. Se po mouton ak po kabrit yo pran sèvi rad tèlman yo te pòv. Moun konsa, latè pat bon ase pou yo. Yo t'ap kouri moute kouri desann nan dezè yo, nan mòn yo. Yo t'ap viv nan twou wòch ak nan twou tè. Tout moun sa yo, Bondye te dakò ak yo paske yo te gen konfyans nan li. Men, atousa, yo pat resevwa sa Bondye te pwomèt la. Bondye te sere yon pi bon bagay ankò pou nou. Li pat vle pou moun sa yo te rive bon nèt kite nou dèyè. Sèl jan pou moun sa yo te ka rive bon nèt, se ansanm ak nou.

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Ebre 11:23-40

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an