Ebre 11:23-40

Ebre 11:23-40 1998 Haïtienne (HAT98)

Se konfyans papa ak manman Moyiz te gen nan Bondye ki fè yo te sere li pandan twa mwa apre li fèt. Yo te wè jan li te yon bèl ti gason. Yo pa te pè dezobeyi lòd wa a te bay la. Se konfyans nan Bondye ki fè Moyiz, lè li vin gran, li te derefize yo rele li pitit gason pitit fi farawon a. Li te pito kite yo maltrete li ansanm ak pèp Bondye a, pase pou l te asepte pran plezi l nan peche pou yon ti tan. Tankou moun Bondye te chwazi pou voye a, li te konsidere li te pi rich lè yo t'ap pase l nan betiz pase si l te gen tout richès ki nan peyi Lejip la. Tou sa, paske je l te fikse sou rekonpans Bondye t'ap pare pou li a. Se konfyans nan Bondye ki fè Moyiz te kouri kite Lejip san li pa te pè kòlè wa a. Li te fèm nan konviksyon li. Se tankou li te wè sa lòt moun pa te ka wè. Se konfyans nan Bondye ki fè Moyiz te fete fèt Delivrans lan. Li te bay lòd voye san pou make pòt yo dekwa pou zanj Bondye a pa te touye okenn premyene nan gason ak nan bèt pèp Izrayèl la. Se konfyans nan Bondye ki fè moun Izrayèl yo te pase nan mitan lanmè Wouj tankou nan tè sèk. Men lè moun Lejip yo vin pou pase tou, lanmè a te anglouti yo tout. Se konfyans moun Izrayèl yo nan Bondye ki fè miray vil Jeriko te tonbe plat atè apre yo pèp la te pase sèt jou ap fè wonn lavil la. Se konfyans nan Bondye ki fè Rahab, fanm lavi lib la, pa te peri ansanm ak moun ki te dezobeyi Bondye yo. Paske li te byen akeyi espyon moun Izrayèl yo lakay li. Kisa m ta di nou ankò? Se tan mwen pa genyen pou m ta pale nou sou Gedeyon, Barak, Samson, Jefte, David, Samyèl ak tout pwofèt yo. Ak konfyans yo te gen nan Bondye a, yo goumen, yo pran peyi lòt moun nan men yo, yo gouvènen san patipri, yo resevwa sekou Bondye te pwomèt la. Yo fèmen bouch lyon yo, yo touye gwo gwo dife, yo chape anba men moun ki te vle touye yo ak nepe. Yo te fèb, men yo vin gen fòs, sa te rann yo vanyan anpil nan lagè, kifè yo te ka kraze lame etranje yo. Se konfyans nan Bondye ki fè anpil fanm te wè moun pa yo ki te mouri tounen reviv ankò. Gen ladan yo yo matirize jouk yo mouri. Yo refize asepte okenn moun vin delivre yo, pou yo te ka leve sòti nan lanmò, antre nan yon lavi ki pi bon. Gen lòt ladan yo moun pase anba betiz, yo bat yo byen bat. Gen lòt ankò yo mare yo ak chenn, yo jete yo nan prizon. Yo touye yo anba kout wòch, yo siye yo fè de moso, yo touye yo ak nepe. Se kouri yo t'ap kouri sòti yon kote al nan yon lòt tèlman moun t'ap pèsekite yo, tèlman yo t'ap maltrete yo. Se po mouton ak po kabrit yo pran sèvi rad tèlman yo te pòv. Moun konsa, latè pat bon ase pou yo. Yo t'ap kouri moute kouri desann nan dezè yo, nan mòn yo. Yo t'ap viv nan twou wòch ak nan twou tè. Tout moun sa yo, Bondye te dakò ak yo paske yo te gen konfyans nan li. Men, atousa, yo pat resevwa sa Bondye te pwomèt la. Bondye te sere yon pi bon bagay ankò pou nou. Li pat vle pou moun sa yo te rive bon nèt kite nou dèyè. Sèl jan pou moun sa yo te ka rive bon nèt, se ansanm ak nou.

Ebre 11:23-40 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Les parents de Moïse ont cru en Dieu. Alors, quand leur fils est né, ils l’ont caché pendant trois mois. Ils ont vu que l’enfant était beau. Ils n’ont pas eu peur de désobéir à l’ordre du roi. Moïse a cru en Dieu. Alors, quand il est devenu grand, il n’a pas voulu qu’on dise de lui : « Moïse est le fils de la fille du roi d’Égypte. » Il a choisi de souffrir avec le peuple de Dieu. Pourtant il pouvait avoir une vie agréable pendant quelque temps, mais il n’aurait pas obéi à Dieu. Les trésors de l’Égypte étaient grands. Mais pour Moïse, recevoir des insultes comme le Messie allait en recevoir avait beaucoup plus de valeur. En effet, il regardait plus loin, vers la récompense à venir. Moïse a cru en Dieu, alors il a quitté l’Égypte sans avoir peur de la colère du roi. Il est resté solide comme s’il voyait le Dieu invisible. Moïse a cru en Dieu, alors il a fait célébrer la Pâque, il a fait répandre du sang sur les portes des maisons. Ainsi l’ange de la mort n’a pas touché aux fils aînés des Israélites. Les Israélites ont cru en Dieu, alors ils ont traversé la mer Rouge comme une terre sèche. Mais quand les Égyptiens ont essayé de passer, l’eau les a noyés. Les Israélites ont cru en Dieu. Alors ils ont fait le tour de Jéricho pendant sept jours, et les murs de la ville sont tombés. Rahab, la prostituée, a cru en Dieu. Alors on ne l’a pas tuée avec les ennemis de Dieu, parce qu’elle avait bien accueilli les espions israélites. Qu’est-ce que je peux dire encore ? Le temps va me manquer pour parler en détail de Gédéon, Barac, Samson, Jefté, David, Samuel et des prophètes. Parce que ces hommes ont cru en Dieu, ils ont vaincu des royaumes. Ils ont fait ce qui est juste, ils ont reçu ce que Dieu avait promis, ils ont fermé la gueule des lions. Ils ont éteint des feux violents, ils ont évité d’être tués par l’épée. Ils sont tombés malades et ils ont retrouvé des forces. Pendant les guerres, ils ont été courageux, ils ont repoussé des armées étrangères. Des femmes ont cru en Dieu. Alors elles ont retrouvé leurs morts, parce que ceux-ci sont revenus à la vie. D’autres hommes ont été torturés mais ils n’ont pas voulu qu’on les délivre. En effet, ils préféraient revenir de la mort à une vie meilleure. D’autres ont supporté des insultes et des coups de fouet. On a attaché certains avec des chaînes et on les a mis en prison. On les a tués en leur jetant des pierres, ou bien on les a sciés en deux, ou on les a tués par l’épée. D’autres sont allés d’un endroit à un autre, habillés avec des peaux de moutons ou des peaux de chèvres. Ils manquaient de tout. On les faisait beaucoup souffrir et on les traitait vraiment mal. Pourtant le monde n’était pas digne de ces gens-là. Ils sont allés d’un endroit à un autre, dans les déserts, dans les montagnes, dans les abris des rochers et dans les trous de la terre. Ils ont tous cru en Dieu, c’est pour cela qu’on les a donnés en exemple, mais ils n’ont pas reçu ce que Dieu avait promis. En effet, Dieu avait prévu quelque chose de meilleur encore pour nous. C’est pourquoi ils ne devaient pas devenir parfaits sans nous.

Ebre 11:23-40 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Paran Moyiz yo te gen lafwa nan Bondye. Apre pitit la fin fèt, yo te wè l bèl, epi yo sere l pandan twa mwa. Yo pa t pè dekrè wa a, malgre sa yo te fè a te kont lòd wa a te pase. Moyiz te gen lafwa nan Bondye. Lè l vin gen laj majè, li pa t vle moun di li se pitit gason pitit fi Farawon an. Li te chwazi pou l sibi move tretman avèk pèp Bondye a olye l te mennen yon vi pechadò pou yon tan. Moyiz te reyalize li pi bon pou li pou l sibi lawont menm jan ak Kris la, pase pou l ta gen tout richès peyi Lejip yo. Li te gen je l fikse sou rekonpans ki te gen pou vini an. Moyiz te gen lafwa nan Bondye. Li te kite peyi Lejip san l pa t pè reyaksyon kòlè wa a t ap genyen. Li te rete fèm kòm si l te ka wè Bondye okenn moun pa ka wè a. Moyiz te gen lafwa nan Bondye. Li te fè aranjman pou manje Pak la. Li te wouze lento pòt kay yo ak san ti mouton pou pwoteje premye pitit pèp Izrayèl yo kont zanj lanmò a. Pèp Izrayèl la te gen lafwa nan Bondye. Yo te travèse Lanmè Wouj kòmsi se nan tè sèk yo t ap mache. Men lè Ejipsyen yo te eseye fè menm jan an, yo tout te nwaye. Se lafwa nan Bondye ki te lage miray Jeriko yo atè, apre pèp Izrayèl la te fè laviwonn vil la pandan sèt jou. Raab, fi movèz vi a, te gen lafwa nan Bondye. Li te resevwa espyon Izrayèl yo tankou zanmi l. Konsa li pa t mouri menm jan ak tout moun ki te pran pozisyon kont Bondye yo. Ki lòt egzanp pou m ta bay ankò? Mwen pa gen ase tan pou m pale de Jedeyon, Barak, Samson, Jefte, David, Samyèl, ak tout lòt pwofèt yo. Yo tout te gen lafwa nan Bondye. Yo te gen laviktwa sou lame lòt peyi. Yo te fè sa ki dwat devan Bondye, kon sa Bondye te ede yo jan l te pwomèt sa. Kèk nan yo fèmen bouch lyon. Gen lòt ki etenn gwo dife. Gen lòt ankò ki chape anba lanmò kout nepe. Genyen ki te fèb men ki vin fò. Yo vin gen fòs pou yo batay, yo kouri dèyè lame lènmi yo. Gen kèk medam ki te rejwenn moun yo te gen mouri vivan. Gen lòt ki pase anpil mati, poutan yo refize libète. Yo te pito resisite ak yon nouvo lavi ki pi bon. Genyen yo te pase nan betiz, yo bat yo. Gen lòt yo anchene lage nan prizon. Gen kèk lòt yo kalonnen ak kout wòch jouktan yo mouri. Genyen yo te fann an de. Yo touye yo ak kout nepe. Gen lòt sèl rad yo te genyen se te po mouton oubyen po kabrit. Yo te pòv. Gen lòt yo te fè soufri epi maltrete yo. Lemonn pa t merite yo, yo te twò swa pou lemonn. Yo te tankou refijye ki san plas nan tout dezè, nan tout mòn. Yo te viv nan gwòt ak nan tou wòch. Yo tout te gen lafwa nan Bondye. Men yo pa t resevwa sa Bondye te pwomèt yo. Bondye planifye yon pi bon bagay pou nou. Bondye pa t vle fè yo rive nan nivo pèfeksyon an san nou menm.

Ebre 11:23-40 New International Version (NIV)

By faith Moses’ parents hid him for three months after he was born, because they saw he was no ordinary child, and they were not afraid of the king’s edict. By faith Moses, when he had grown up, refused to be known as the son of Pharaoh’s daughter. He chose to be mistreated along with the people of God rather than to enjoy the fleeting pleasures of sin. He regarded disgrace for the sake of Christ as of greater value than the treasures of Egypt, because he was looking ahead to his reward. By faith he left Egypt, not fearing the king’s anger; he persevered because he saw him who is invisible. By faith he kept the Passover and the application of blood, so that the destroyer of the firstborn would not touch the firstborn of Israel. By faith the people passed through the Red Sea as on dry land; but when the Egyptians tried to do so, they were drowned. By faith the walls of Jericho fell, after the army had marched around them for seven days. By faith the prostitute Rahab, because she welcomed the spies, was not killed with those who were disobedient. And what more shall I say? I do not have time to tell about Gideon, Barak, Samson and Jephthah, about David and Samuel and the prophets, who through faith conquered kingdoms, administered justice, and gained what was promised; who shut the mouths of lions, quenched the fury of the flames, and escaped the edge of the sword; whose weakness was turned to strength; and who became powerful in battle and routed foreign armies. Women received back their dead, raised to life again. There were others who were tortured, refusing to be released so that they might gain an even better resurrection. Some faced jeers and flogging, and even chains and imprisonment. They were put to death by stoning; they were sawed in two; they were killed by the sword. They went about in sheepskins and goatskins, destitute, persecuted and mistreated— the world was not worthy of them. They wandered in deserts and mountains, living in caves and in holes in the ground. These were all commended for their faith, yet none of them received what had been promised, since God had planned something better for us so that only together with us would they be made perfect.

Ebre 11:23-40 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Par la foi, Moïse, après sa naissance, a été tenu caché pendant trois mois par ses parents, car en voyant combien cet enfant était beau, ils ne se sont pas laissés intimider par le décret du roi. Par la foi, Moïse, devenu adulte, a refusé d’être reconnu comme le fils de la fille du pharaon. Il a choisi de prendre part aux souffrances du peuple de Dieu plutôt que de jouir – momentanément – d’une vie dans le péché. Car, estimait-il, subir l’humiliation que Christ devait connaître constituait une richesse bien supérieure aux trésors de l’Egypte : il avait, en effet, les yeux fixés sur la récompense à venir. Par la foi, il a quitté l’Egypte sans craindre la fureur du roi et il est resté ferme, en homme qui voit le Dieu invisible. Par la foi, il a célébré la Pâque et a fait répandre du sang sur les linteaux des portes pour que l’ange exterminateur ne touche pas les fils aînés des Israélites. Par la foi, les Israélites ont traversé la mer Rouge comme une terre sèche ; alors que les Egyptiens, qui ont essayé d’en faire autant, ont été engloutis. Par la foi, les murailles de Jéricho se sont écroulées quand le peuple en eut fait le tour pendant sept jours. Par la foi, Rahab la prostituée n’est pas morte avec ceux qui étaient désobéissants envers Dieu, parce qu’elle avait accueilli avec bienveillance les Israélites envoyés en éclaireurs. Que dirai-je encore ? Le temps me manquerait pour parler en détail de Gédéon, de Baraq, de Samson, de Jephté, de David, de Samuel et des prophètes. Grâce à la foi, ils ont remporté la victoire sur des royaumes, exercé la justice, obtenu la réalisation de promesses, fermé la gueule des lions. Ils ont éteint des feux violents, ont échappé au tranchant de l’épée. Ils ont été remplis de force alors qu’ils étaient faibles. Ils se sont montrés vaillants dans les batailles, ils ont mis en fuite des armées ennemies ; des femmes ont vu leurs morts ressusciter pour leur être rendus. D’autres, en revanche, ont été torturés ; ils ont refusé d’être délivrés, afin d’obtenir ce qui est meilleur : la résurrection. D’autres encore ont enduré les moqueries, le fouet, ainsi que les chaînes et la prison. Certains ont été lapidés, d’autres ont été torturés, sciés en deux ou mis à mort par l’épée. D’autres ont mené une vie errante, vêtus de peaux de moutons ou de chèvres, dénués de tout, persécutés et maltraités, eux dont le monde n’était pas digne. Ils ont erré dans les déserts et sur les montagnes, vivant dans les cavernes et les antres de la terre. Dieu a approuvé tous ces gens à cause de leur foi, et pourtant, aucun d’eux n’a reçu ce qu’il leur avait promis. C’est que Dieu avait prévu quelque chose de meilleur pour nous : ils ne devaient donc pas parvenir sans nous à la perfection.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an