Ebre 1

1
Pitit Bondye a pale nan non Papa l
1Nan tan lontan, Bondye te mete pawòl nan bouch pwofèt yo nan divès okazyon ak divès jan pou l te ka pale ak zansèt nou yo. 2Men, #Sòm 2.8; Jan 1.3; Kol 1.16; Mat 21.38 nan dènye jou sa yo, se pitit li a menm Bondye te voye pale ak nou nan non li. Se ak Pitit sa a Bondye te kreye tout bagay. Se li menm tou Bondye chwazi pou eritye tout bagay lè sa va fini nèt. 3Pitit #Sòm 110.1; 2 Kor 4.4; Kol 1.15; Mak 16.19; Eb 9.14,26 sa a reflete limyè bèl pouvwa Bondye a, se bon pòtre Bondye li ye. Se li menm k'ap soutni tout bagay ak pouvwa pawòl li. Lè li fin delivre moun anba peche yo, li moute chita anwo nan syèl la, sou bò dwat Bondye, Gran Wa a.
Pitit la gen plis pouvwa pase zanj yo
4Pitit #Fil 2.9 la sitèlman gen plis pouvwa pase zanj yo, Bondye ba l yon non ki pi konsekan pase pa yo a. 5Kilès #Sòm 2.7; 2 Sam 7.14; Eb 5.5; Tra 13.33 nan zanj yo Bondye te janm di:
Ou se pitit mwen.
Depi jòdi a se mwen ki papa ou?
Li pa janm di okenn nan zanj li yo:
M'a yon papa pou li.
L'a yon pitit pou mwen.
6Men, #Wòm 8.29; Sòm 97.7 lè Bondye t'ap voye premye Pitit li a sou latè, li te di:
Se pou tout zanj Bondye yo adore li.
7Lè l #Sòm 104.4 t'ap pale sou zanj li yo, li te di:
Bondye fè zanj li yo tounen van.
Li fè sèvitè l yo tounen flanm dife.
8Men, #Sòm 45.6,7 lè l'ap pale sou Pitit li a, li di:
O Bondye, gouvènman ou lan la pou tout tan.
W'ap gouvènen san patipri tankou yon wa nan peyi ou la.
9Ou te renmen tou sa ki byen.
Ou te rayi tou sa ki mal.
Se poutèt sa, Bondye ki Bondye ou la chwazi ou.
Li fè kè ou kontan nèt ale,
li fè pou ou bagay li pa fè pou lòt zanmi ou yo.
10Yon #Sòm 102.25-27 lòt fwa, li di ankò:
Se ou menm, Mèt la, Bondyeki te kreye latè nan konmansman.
Se avèk men ou ou te fè syèl la.
11Yo gen pou yo disparèt, men ou menm w'ap toujou la.
Yo gen pou yo fini tankou rad.
12W'ap vlope yo tankou yon chemiz mete la.
W'ap chanje yo tankou rad.
Men ou menm, ou p'ap janm chanje, ou p'ap janm mouri.
13Bondye #Sòm 110.1 pa janm di okenn nan zanj li yo:
Chita la sou bò dwat mwen,
jouk tan mwen fè lènmi ou yo tounen yon ti ban pou lonje pye ou.
14Kisa #Da 7.10; Sòm 34.7; 91.11 zanj Bondye yo ye menm? Yo tout se yonn bann lespri k'ap sèvi Bondye. Se Bondye menm ki voye yo pou ede moun ki la pou jwenn delivrans yo.

Chwazi Kounye ya:

Ebre 1: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an