Aje 2:9-23

Aje 2:9-23 HAT98

Kay sa a ap pi bèl lontan pase premye a. Se isit la menm m'ap bay tout moun kè poze. Se mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa! Jou ki te make vennkatriyèm jou nan nevyèm mwa nan dezyèm lanne reny Dariyis, Senyè ki gen tout pouvwa a bay pwofèt Aje yon lòt mesaj ankò. Li di li konsa: — Al mande prèt yo sa lalwa di sou sa. Si yon moun pran yon moso vyann yo mete apa pou Bondye, li vlope l nan ke rad li. Lèfini, li kite rad la touche yon pen, osinon yon manje kwit, osinon yon veso ki gen diven osinon ki gen lwil, ou nenpòt ki kalite manje, eske sa ap mete manje a apa pou Bondye tou pou sa? Lè Aje mande prèt yo sa, yo reponn li: — Non! Lèfini, Aje mande yo: — Lè yon moun pa nan kondisyon pou l sèvi Bondye paske li te manyen yon kadav, lèfini si li manyen yonn nan kalite manje sa yo, eske sa ap fè manje yo pa bon pou sa pou moun ki nan kondisyon pou sèvi Bondye? Prèt yo reponn li: — Wi! Lè sa a, Aje di yo konsa: — Men sa Senyè a di. Se menm bagay la tou pou pèp nasyon sa a ansanm ak tou sa y'ap fè a. Sa yo ofri ban mwen an pa bon, paske yo pa nan kondisyon pou yo sèvi Bondye. Men sa Senyè a di ankò: — Depi jòdi a, kalkile byen sou sa ki rive nou. Anvan nou te konmanse rebati kay ki apa pou Senyè a, ki jan sa te ye pou nou? Nou te al fè rekòt nan yon jaden ble, nou te konprann nou t'ap jwenn ven barik, se dis ase nou jwenn. Nal chache diven nan yon barik depo, nou te konprann nou t'ap jwenn senkant galon, se ven galon ase nou jwenn. Mwen voye lawouy ak lagrèl gate tou sa nou te plante ak men nou. Mwen fè yo kanni. Men, nou yonn pa tounen vin jwenn mwen. Se Senyè a ki di sa. Men jòdi a, vennkatryèm jou nan nevyèm mwa a, jou nou te fini ak fondasyon Tanp lan, kalkile byen sou sa ki pral rive nou la a! Ata grenn pou plante pa gen ankò nan depo nou yo. Ni pye rezen nou yo, ni pye fig frans nou yo, ni pye grenad nou yo, ni pye oliv nou yo pa donnen ankò. Men, depi jounen jòdi a, mwen pral beni nou. Menm jou sa a, ki te vennkatriyèm jou nan mwa a, Senyè a bay Aje yon dezyèm mesay. Li di l konsa: — Pale ak Zowobabèl, gouvènè peyi Jida a, di l pou mwen: Mwen pral souke syèl la ak latè a. Mwen pral jete wa k'ap gouvènen yo, mwen pral detwi pouvwa nasyon yo. Mwen pral chavire cha lagè yo ansanm ak moun ki sou yo. Tout chwal yo pral mouri. Pou moun ki te sou chwal yo menm, yonn pral touye lòt ak nepe yo. Jou sa a, m'ap pran ou, ou menm Zowobabèl, sèvitè mwen an, pitit gason Cheyatèl, m'ap ba ou pouvwa pou gouvènen nan non mwen. Paske se ou menm mwen chwazi pou sa. Se Senyè ki gen tout pouvwa a ki di sa.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an