Aje 2

2
Tanp lan bèl anpil
1Jou ki make venteyinyèm jou nan setyèm mwa nan menm lanne a, Senyè a bay pwofèt Aje yon lòt mesay ankò. 2Li di li konsa:
— Pale ak Zowobabèl, pitit gason Chyatyèl, gouvènè peyi Jida, ak Jozye, granprèt la, pitit gason Jozadak, epi ak pèp ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a. W'a di yo: 3Eske #Esd 3.12 gen yonn nan nou ki chonje jan Tanp lan te bèl nan tan lontan? Ki jan nou wè l kounyeya? Nou pa wè li pa vo anyen? 4Men #Zak 4.10; 8.9 koulyeya, kouraj, Zowobabèl! Se Senyè a menm k'ap pale avè nou! Kouraj, Jozye, granprèt la, pitit Jozadak! Kouraj, nou tout ki rete nan peyi a! Se Senyè a menm k'ap Aje / 2 pale avèk nou! Mete men nan travay la. Paske mwen la avèk nou. Se mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa ki di sa! 5#Egz 29.45; Ney 9.20; Zak 8.13,15 nou t'ap sòti kite peyi Lejip la, mwen te pwomèt mwen t'ap toujou la avèk nou. Enben! M la nan mitan nou. Nou pa bezwen pè. 6Paske #Eb 12.26 men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di: Anvan lontan, mwen pral souke syèl la ak latè a, lanmè a ak tè yo. 7Mwen #Eza 52.15; 60.9,17 pral souke tout nasyon yo. Yo pral pote tout richès yo isit la, yo pral plen kay sa a ak bèl bagay. Se Senyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa. 8Se #1 Kwo 29.14,16 pou mwen tout lò ak tout ajan sou latè ye. Se Senyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa. 9Kay sa a ap pi bèl lontan pase premye a. Se isit la menm m'ap bay tout moun kè poze. Se mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa!
Aje ap denonse peche pèp la
10Jou ki te make vennkatriyèm jou nan nevyèm mwa nan dezyèm lanne reny Dariyis, Senyè ki gen tout pouvwa a bay pwofèt Aje yon lòt mesaj ankò. Li di li konsa:
11— Al #Lev 10.10,11 mande prèt yo sa lalwa di sou sa. 12Si yon moun pran yon moso vyann yo mete apa pou Bondye, li vlope l nan ke rad li. Lèfini, li kite rad la touche yon pen, osinon yon manje kwit, osinon yon veso ki gen diven osinon ki gen lwil, ou nenpòt ki kalite manje, eske sa ap mete manje a apa pou Bondye tou pou sa?
Lè Aje mande prèt yo sa, yo reponn li:
— Non!
13Lèfini, #Lev 22.4,6; Nonb 19.22 Aje mande yo:
— Lè yon moun pa nan kondisyon pou l sèvi Bondye paske li te manyen yon kadav, lèfini si li manyen yonn nan kalite manje sa yo, eske sa ap fè manje yo pa bon pou sa pou moun ki nan kondisyon pou sèvi Bondye?
Prèt yo reponn li:
— Wi!
14#Eza 64.6 sa a, Aje di yo konsa:
— Men sa Senyè a di. Se menm bagay la tou pou pèp nasyon sa a ansanm ak tou sa y'ap fè a. Sa yo ofri ban mwen an pa bon, paske yo pa nan kondisyon pou yo sèvi Bondye.
15Men sa Senyè a di ankò:
— Depi jòdi a, kalkile byen sou sa ki rive nou. Anvan nou te konmanse rebati kay ki apa pou Senyè a, 16ki jan sa te ye pou nou? #2.16: ki jan sa te ye pou nou? Nou pa fin sèten se sa mo ebre yo vle di. Nou te al fè rekòt nan yon jaden ble, nou te konprann nou t'ap jwenn ven barik, se dis ase nou jwenn. Nal chache diven nan yon barik depo, nou te konprann nou t'ap jwenn senkant galon, se ven galon ase nou jwenn. 17Mwen #Am 4.6,9; Aje 1.9 voye lawouy ak lagrèl gate tou sa nou te plante ak men nou. Mwen fè yo kanni. Men, nou yonn pa tounen vin jwenn mwen. Se Senyè a ki di sa. 18Men #Esd 3.10; Zak 8.9 jòdi a, vennkatryèm jou nan nevyèm mwa a, jou nou te fini ak fondasyon Tanp lan, kalkile byen sou sa ki pral rive nou la a! 19Ata #Jowèl 2.14; Zak 8.12 grenn pou plante pa gen ankò nan depo nou yo. Ni pye rezen nou yo, ni pye fig frans nou yo, ni pye grenad nou yo, ni pye oliv nou yo pa donnen ankò. Men, depi jounen jòdi a, mwen pral beni nou.
Pwomès Senyè a fè Zowobabèl
20Menm jou sa a, ki te vennkatriyèm jou nan mwa a, Senyè a bay Aje yon dezyèm mesay. Li di l konsa:
21— Pale #Zak 4.6 ak Zowobabèl, gouvènè peyi Jida a, di l pou mwen: Mwen pral souke syèl la ak latè a. 22Mwen #Da 2.44; Mi 5.10; Zak 14.13; Mat 24.7 pral jete wa k'ap gouvènen yo, mwen pral detwi pouvwa nasyon yo. Mwen pral chavire cha lagè yo ansanm ak moun ki sou yo. Tout chwal yo pral mouri. Pou moun ki te sou chwal yo menm, yonn pral touye lòt ak nepe yo. 23Jou #Eza 43.10; Jer 22.24 sa a, m'ap pran ou, ou menm Zowobabèl, sèvitè mwen an, pitit gason Cheyatèl, m'ap ba ou pouvwa pou gouvènen nan non mwen. Paske se ou menm mwen chwazi pou sa. Se Senyè ki gen tout pouvwa a ki di sa.

Chwazi Kounye ya:

Aje 2: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte