Aje 1

1
Aje ap rele dèyè pèp la pou yo bati Tanp Bondye a
1Nan dezyèm lanne reny wa Dariyis nan peyi Pès, premye jou nan sizyèm mwa a, Senyè a bay pwofèt Aje yon mesaj pou Zowobabèl, pitit gason Cheyatyèl, ki te gouvènè peyi Jida ak pou Jozye, pitit gason Jozadak, ki te granprèt lè sa a. Men mesaj la:
2— Senyè ki gen tout pouvwa a pale. Men sa li di: Moun yo ap plede di se poko lè pou yo bati kay Senyè a! 3Se poutèt sa, men mesay Senyè a te bay pwofèt Aje pou pèp la. 4Ki #2 Sam 7.2; Ney 2.3,17; Eza 64.11 jan nou fè pa wont rete nan gwo kay nou byen alèz, epi nou kite kay Bondye a tou kraze? 5Bon. #Oze 4.10 Kounyeya, men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di: Kalkile byen sou sa k'ap rive nou la a. 6Nou #Mi 6.15; Zak 8.10 simen anpil grenn nan jaden nou, men nou rekòlte ti kras. Nou manje, men vant nou pa plen. Nou bwè diven, men kè nou pa kontan. Nou gen rad pou mete sou nou, men fredi ap kale nou toujou. Travayè yo touche lajan, men sa pa ka bouche yon twou dan. 7Wi! Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di nou: Kalkile byen sou sa k'ap rive nou la a! 8Lèfini, #Sòm 132.13,14 ale nan mòn yo. Koupe bwa pote vini. Rebati kay mwen an. Sa va fè m plezi, se va yon lwanj pou mwen. Se Senyè a ki di sa.
9Nou te kwè nou t'ap fè bèl rekòt. Men, rekòt la mèg. Nou ranmase l mete nan depo, mwen fè l gate. Poukisa mwen fè sa? Se Senyè ki gen tout pouvwa a k'ap pale wi. Se paske nou kite Tanp mwen an ap kraze epi tout moun ap prese bati kay pa yo. 10Se #1 Wa 8.35; Jer 5.24,25 poutèt sa, lapli pa tonbe, anyen pa pouse. 11Mwen #2 Wa 8.1; Sòm 105.16; 128.2; Aje 2.17 lage yon sèl chechrès nan peyi a, sou mòn yo, sou jaden ble yo, sou jaden rezen yo ak jaden oliv yo, sou tou sa k'ap pouse sou latè, sou moun, sou bèt, sou tout sa nou plante.
Pèp la fè sa Aje mande yo a
12Lè sa a, Zowobabèl, pitit gason Cheyatyèl, epi Jozye, Granprèt la, pitit Jozadak ak tout moun ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a, yo koute sa Senyè a, Bondye yo a te di yo, dapre mesaj Senyè a te bay pwofèt Aje pou yo a. Yo vin gen krentif pou Senyè a. 13Epi, #Mal 1.1; 2.7; 3.1 Aje, mesaje Senyè a, bay pèp la yon lòt mesay Senyè a te ba li. Li di yo:
— Senyè a fè nou konnen li la avèk nou.
14Senyè a #Esd 1.1; 5.8 mete nan tèt tout moun lanvi pou yo travay nan tanp Bondye yo a, depi Zowobabèl, pitit gason Cheyatyèl, gouvènè peyi Jida, Jozye, granprèt la, pitit gason Jozadak, jouk sou dènye moun ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a. Yo konmanse travay nan tanp Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye yo a, 15jou #Aje 1.1 ki te make vennkatriyèm jou nan sizyèm mwa nan dezyèm lanne reny wa Dariyis la.

Chwazi Kounye ya:

Aje 1: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte