Abakik 3:1-19

Abakik 3:1-19 HAT98

Men lapriyè pwofèt Abakik te fè pou li plenyen sò li bay Bondye: Senyè! Mwen tande tou sa ou te di. M sezi, m'ap tranble nan tout kò m. Senyè, gwo mèvèy ou te konn fè nan tan lontan yo, kounyeya, fè nou wè yo nan lanne k'ap vini yo. Menm lè ou fache, pa bliye gen pitye pou nou! Bondye ap vini sòti peyi Edon. Bondye tout bon an ap desann sòti sou mòn Paran an. Pouvwa li kouvri tout syèl la. Lwanj li toupatou sou latè. Li klere kou gwo solèy. Zèklè ap sòti nan men l. Se la li kache tout pouvwa li. Li voye vye maladi pran devan li. Li mete lanmò mache dèyè l. Lè li kanpe, latè pran tranble. Li annik gade, kè moun tout nasyon kase. Mòn ki la depi lontan yo vide fè miyèt moso. Ti mòn tan lontan yo vin plat. Chemen kote li te konn pase tan lontan yo louvri devan li. Mwen wè moun peyi Letyopi yo nan gwo lafliksyon. Moun peyi Madyan yo tou pè. Eske se sou gwo rivyè yo ou move konsa, Senyè? Eske se sou lanmè a ou fache? Eske se sou lanmè a ou ankòlè konsa, kifè ou moute sou nyaj yo tankou sou chwal ou, tankou sou cha ou pou al delivre pèp ou a? Ou kenbe banza ou tou pare nan men ou. Pawòl ou se pakèt flèch anpwazonnen. Zèklè ou yo fann tè a louvri. Mòn yo wè ou, yo pran tranble. Gwo lapli ap tonbe sòti nan syèl la. Dlo anba tè yo ap gwonde. Gwo lanm lanmè ap leve byen wo. Flèch ou yo pati tankou zèklè. Lans ou yo klere byen klere. Lalin ak solèy pa parèt tèt yo deyò. Ou move, w'ap mache toupatou sou latè. Nan kòlè ou, ou pilonnen nasyon yo anba pye ou. Ou sòti pou delivre pèp ou a, pou sove wa ou chwazi a. Ou kraze chèf mechan yo. Ou detwi tout moun li yo nèt. Avèk flèch ou yo, ou pèse kòmandan an chèf lame yo a, lè yo t'ap vare sou nou tankou yon van tanpèt pou gaye nou. Je yo gran louvri ak kontantman tankou moun ki pral devore pòv malere yo kote yo kache a. Ou foule lanmè a anba pye chwal ou yo. Ou fè dlo lanmè a kimen. Mwen tande tou sa. Vant mwen bouyi! Lè m tande tout bri sa yo, bouch mwen pran tranble. Tout zo nan kò m ap fè m mal. M pa ka kanpe sou janm mwen ankò! Mwen rete byen trankil, m'ap tann jou malè a rive, jou Bondye pral mache pran moun k'ap chache nou kont yo. Pye fig frans yo te mèt pa donnen, pye rezen yo te mèt pa bay rezen, rekòt oliv yo te mèt pa bon, jaden yo te mèt pa bay manje, mouton yo te mèt mouri nan sèka yo, bèf yo te mèt mouri nan pak yo, mwen menm, m'ap toujou kontan poutèt Senyè a. M'ap fè fèt pou Bondye k'ap delivre m lan. Se Senyè a ki tout fòs mwen. Li asire pye m tankou pye kabrit. Li fè m mache sou mòn yo, san m pa tonbe.