Abakik 1

1
1Men mesay Bondye te bay pwofèt Abakik #Na 1.1 nan yon vizyon.
Abakik ap plenyen lenjistis li wè
2Senyè! #Sòm 89.46 Konbe tan ankò pou m pase ap rele ou, ap mande ou sekou anvan pou ou tande m? Konbe tan ankò pou m pase ap rele nan zòrèy ou anvan pou ou vin delivre nou anba moun k'ap maltrete nou yo? 3Poukisa #Jer 9.2-6 w'ap fè m' wè tout mechanste sa yo? Kijan ou ka fè rete ap gade tout lenjistis sa yo konsa! Se piyay ak mechanste ase ki devan je m'! Toupatou se goumen, se kont. 4Lalwa a #Mi 7.3 la, li pa sèvi anyen. Ou pa ka jwenn jistis. Mechan ap kraze moun k'ap mache dwat. Lajistis devan dèyè.
Senyè a reponn Abakik
5Senyè a #Eza 28.21; 29.14; Tra 13.41 pale ak pèp li a, li di:
— Voye je nou gade nasyon ki bò kote nou yo. Nou pral sezi, nou pral tranble. Mwen pral fè yon bagay devan je nou. Si se moun ki vin di nou sa, nou p'ap vle kwè. 6M'ap #Jer 5.15 fè moun peyi Kalde yo kanpe. Se yon pèp san pitye, san manman. Y'ap mache toupatou sou latè, y'ap pran peyi lòt pèp nan men yo. 7Kote yo pase, yo fè moun pè yo. Yo pa nan jwèt ak pèsonn. Yo pa pran lòd nan men pèsonn. Yo fè sa yo pi pito.
8Chwal #Det 28.49; Jer 4.13; 5.6 yo kouri pi rèd pase chat mawon. Yo pi move pase chen mawon ki grangou. Kavalye yo sòti byen lwen, y'ap kouri vini. Yo tankou malfini k'ap plonje sou poul.
9Sòlda #Joz 11.4 yo ap vini pou fè piyay. Tout moun pè lè yo wè yo ap pwoche, paske yo ranmase prizonye an kantite, san gad dèyè. 10Y'ap #Eze 4.2 pase wa yo nan betiz. Y'ap pase chèf yo nan rizib. Pa gen fò ki ka rete yo. Yo annik anpile tè bò miray yo, lèfini yo moute pran yo. 11#1.11: Vèsè sa a pa klè nan tèks ebre a. Yo pase tankou yon koutvan, yo kraze brize, epi y'al fè wout yo. Bondye yo se fòs yo gen nan ponyèt yo. Se nan sa yo kwè.
Abakik plenyen bay Senyè a ankò
12Senyè! #Det 32.4; 33.27; Sòm 90.2; 93.2; Eza 10.5-7; Mal 3.6 Depi tout tan se ou ki Bondye. Ou se Bondye m, Bondye tout bon ki la pou tout tan an. #1.12: Bondye tout bon ki la pou tout tan an: Mo pou mo, dapre tèks ebre a, se pou n ta di: Nou pa mouri. Mim se yon jan nan lang ebre a pou yo pa nonmen non Bondye. Se sou Bondye y'ap pale. Senyè, Bondye mwen, ou menm k'ap pwoteje m! Se pèp sa a ou chwazi pou fè travay ou? Se pèp sa a ou voye pou pini nou? 13Ou #Sòm 5.5; 35.22; Jer 12.1 twò bon pou ou kite moun ap fè mechanste devan je ou konsa! Ou pa ka rete ap gade moun ap fè lenjistis devan ou konsa! Ki jan ou fè rete ap gade bann moun trèt sa yo? Poukisa ou pa di angen lè mechan yo ap fini ak moun ki pi inonsan pase yo?
14Kouman ou fè aji ak moun tankou yo aji ak pwason nan lanmè, tankou bèt san mèt nan bwa ki mache sou vant? 15Moun #Jer 16.16 Babilòn peche moun kou pwason yo pran nan zen. Yo rale yo nan senn, yo ranmase yo nan nas. Lèfini yo kontan, y'ap fè fèt. 16Se sa k fè tou, yo fè ofrann bèt yo touye pou senn yo, yo boule lansan pou nas yo, paske se nan senn yo ak nan nas yo yo jwenn tout kalite bon pwason pou yo manje.
17Eske y'ap toujou sèvi ak epe yo san rete pou touye moun lòt nasyon yo san pitye?

Chwazi Kounye ya:

Abakik 1: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an