Menm jou sa a, Noye, madamn li, pitit gason l yo, Sèm, Kam ak Jafè, ansanm ak madanm yo antre nan batiman an, ansanm ak tout kalite bèt domestik, tout kalite bèt ki trennen sou vant ak tout kalite zwazo, tout kalite ti zwazo, tout kalite bèt ki gen zèl. Yo tout yo te vin jwenn Noye nan batiman an, de grenn nan chak kalite bèt vivan ki sou latè. Se konsa, yon mal ak yon fenmèl nan chak kalite bèt vivan antre nan batiman an, jan Bondye te bay lòd la. Epi Bondye fèmen pòt la dèyè Noye. Pandan karant jou, dlo kouvri tout tè a. Dlo yo gonfle, yo fè batiman an pèdi tè. Dlo yo ranfòse, yo gonfle pi rèd sou tè a jouk batiman an t'ap flote nèt sou dlo a. Dlo a moute pi rèd toujou anwo tè a, li kouvri tèt tout gwo mòn ki anba syèl la. Dlo a moute vennsenk pye depase tèt mòn yo. Lè sa a, tout bèt sou latè mouri: zwazo, bèt domestik, zannimo, tout bèt ki trennen sou vant yo, ansanm ak tout moun. Tout bèt vivan ak tout moun sou latè mouri. Se konsa, Senyè a detwi tout bèt, tou sa ki te sou latè, depi ou tande se moun jouk zannimo domestik, bèt ki trennen sou vant ak zwazo k'ap vole nan syèl la. Yo tout yo disparèt sou latè. Sèl moun ki te rete se te Noye avèk lòt moun ki te nan batiman an ansanm ak li yo. Apre sa, dlo a rete anwo tè a pandan sansenkant (150) jou.