Jozèf te rete nan peyi Lejip ak tout fanmi papa l yo. Li te gen sandizan (110 an) lè l mouri. Li te gentan wè pitit ak pitit pitit Efrayim. Se nan men l pitit Maki yo te fèt. Maki sa a te pitit Manase. Li di frè l yo konsa: — Mwen pral mouri. Men mwen sèten Bondye gen pou vin ede nou. L'ap fè nou kite peyi sa a, l'ap fè nou tounen nan peyi li te sèmante l'ap bay Abraram, Izarak ak Jakòb la. Apre sa, Jozèf fè pitit Izrayèl yo sèmante ba li, li di yo: — Wi, Bondye gen pou vin ede nou. Lè sa a, tanpri, pote zosman m yo moute ak nou. Lè Jozèf mouri, li te gen sandizan. Yo benyen kò a, yo anbonmen li, yo mete li byen fèmen nan sèkèy li nan peyi Lejip.
Li Jenèz 50
Koute Jenèz 50
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 50:22-26
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo