Jenèz 49:22-33

Jenèz 49:22-33 HAT98

Jozèf se yon jenn towo, yon jenn towo bò yon sous dlo, li janbe miray pou al manje zèb. Y'ap chache l kont, y'ap voye wòch sou li. Moun k'ap voye flèch yo tounen yon pèsekisyon pou li. Men, banza pa li a rete fèm, ponyèt li pa fèbli, gremesi pouvwa Bondye Jakòb la, Bondye ki gadò pèp Izrayèl la. Se li ki tout pwoteksyon yo. Sa sòti nan Bondye papa ou la k'ap ede ou, nan Bondye ki gen tout pouvwa a k'ap beni ou avèk benediksyon lapli ki sòti anwo nan syèl la, avèk benediksyon sous dlo k'ap sòti anba tè a, avèk benediksyon ki sòti nan tete ak nan vant manman. Benediksyon papa ou yo pi plis pase benediksyon mòn ki la pou tout tan yo. Se pou benediksyon sa yo tonbe sou tèt Jozèf, sou tèt moun Bondye te chwazi nan mitan tout frè l yo. Benjamen, se yon bèt devoran. Nan maten, li devore sa li trape. Li separe sa li pran nan aswè. Men douz branch fanmi Izrayèl yo. Men sa papa yo te di yo. Li beni yo, li bay chak moun benediksyon pa yo. Apre sa, Jakòb ba yo lòd sa a: — Mwen menm, mwen pral jwenn zansèt mwen yo. Antere m' kote yo antere yo nan kavo ki nan jaden Efwon, moun Et la, nan twou wòch ki nan jaden Makpela a, anfas Manmre, nan peyi Kanaran. Se Abraram ki te achte twou wòch sa a ak tout jaden an nan men Efwon, moun Et la, pou sèvi l simityè. Se la yo te antere Abraram ak Sara, madanm li. Se la yo te antere Izarak ak Rebeka, madanm li. Se la tou mwen te antere Leya. Se nan men mesye Et yo nou te achte jaden an ak tout twou wòch ki sou li a. Lè Jakòb fin pale konsa ak pitit gason l yo, li lonje kò l sou kabann lan, li mouri, l'al jwenn fanmi li yo ki te mouri deja.